Koze Ayiti Batay Chanjman an

Koze Ayiti Batay Chanjman an Machin ki rele Koze Ayiti a se yon mouvman sitwayen, kap batay pou yon lòt nivo, osinon yon lòt kalite sitwayènte.

Machin sa a depi lap vini, lè lap rive yon kote yo rele l: Batay chanjman an!

📌|: Ansyen palmantè a, ki se youn nan siyatè Akò 21 Desanm nan tou, di li rejte lide pou l tounen nan Lakou Kasasyon pou...
03/04/2024

📌|: Ansyen palmantè a, ki se youn nan siyatè Akò 21 Desanm nan tou, di li rejte lide pou l tounen nan Lakou Kasasyon pou nonmen prezidan tranzisyon an.

Fòk nou di deklarasyon Mesye Jacinthe lan vini aprè yon mesaj Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken poste sou Twitter, pou reyafime sipò Etazini pou pwosesis ki mennen nan enstalasyon CP a ak deplwaman fòs miltinasyonal la nan Ayiti.

📌|: Guy Philippe konfime volonte li pou li reponn pèp la ki mande l pou li pran tèt tranzisyon an, li deklare lap fè l. ...
02/04/2024

📌|: Guy Philippe konfime volonte li pou li reponn pèp la ki mande l pou li pran tèt tranzisyon an, li deklare lap fè l. Li pwofite mande rès gouvènman an pou yo pa nome konsèy prezidansyèl la.

Guy fè konnen caricom ak rès kominote entènasyonal la pagen pyès otorite pou plase yon gouvènman tranzisyon nan tèt peyi a.

📌|: Nan dat 28 mas, avoka, Me Caleb Jean-Baptiste, te fè revelasyon chokan. Dapre lidè Avoka Angaje pou Liberasyon Prizo...
02/04/2024

📌|: Nan dat 28 mas, avoka, Me Caleb Jean-Baptiste, te fè revelasyon chokan. Dapre lidè Avoka Angaje pou Liberasyon Prizonye Politik yo, ansyen ak ansyen ofisyèl leta yo ap anrichi tèt yo nan kòb edikasyon an. Avoka a te idantifye aktyèl Direktè Jeneral FNE a, Jean Ronald Joseph kòm lidè koripsyon nan enstitisyon an.

📌|:  Pèsòn pa konn pou kilè, ni pa kijan nap rejwenn lopital jeneral nan kapital peyi a, menm jan nasyonal tankou entèna...
02/04/2024

📌|: Pèsòn pa konn pou kilè, ni pa kijan nap rejwenn lopital jeneral nan kapital peyi a, menm jan nasyonal tankou entènasyonal tout moun konnen espas la nan men gang yo

📌|: Nan mitan mouvman fewòs gang yo nan kè Pòtoprens, resòtisan etranje yo pa sispann chache yon kwen pou abrite yo epi ...
02/04/2024

📌|: Nan mitan mouvman fewòs gang yo nan kè Pòtoprens, resòtisan etranje yo pa sispann chache yon kwen pou abrite yo epi tann anbasad peyi orijin yo vin chache yo. Transpò a se toujou elikoptè.

Pale avèk mwen!Reponn mwen la a
02/04/2024

Pale avèk mwen!
Reponn mwen la a

📌|: Nan chache moun ki gen vrè lanmou pou Ayiti, depi kòmansman karyè li pou rive jodi a, pèsòn pako rive doute sou Anie...
30/03/2024

📌|: Nan chache moun ki gen vrè lanmou pou Ayiti, depi kòmansman karyè li pou rive jodi a, pèsòn pako rive doute sou Anie Alerte ki pa sispann montre kòman lanmou kapab tounen aksyon pou peyi li. Kanal la fini, kout men ak motivasyon atis la te jwe yon gwo wòl. Li deja anchaje pou yon lòt kanal.

📌|: *Yon lòt youtuber Britanik, Miles Routledge, revele li te pale ak jounalis la nan telefòn ravisè yo, ki mande 600 00...
30/03/2024

📌|: *Yon lòt youtuber Britanik, Miles Routledge, revele li te pale ak jounalis la nan telefòn ravisè yo, ki mande 600 000 dola pou yo libere jounalis la ki te sou wout pou al fè video ak Babekyou. Konpayi lokasyon ki te lwe jounalis la machin nan fè konnen yo pagen kontwòl machin sa a*

📌|:  Pwoteje nan blennde PNH aprè aterisaj yo nan aewopò Kap Ayisyen an, 2 minis ki te deyò peyi a depi plis pase 1 mwa ...
27/03/2024

📌|: Pwoteje nan blennde PNH aprè aterisaj yo nan aewopò Kap Ayisyen an, 2 minis ki te deyò peyi a depi plis pase 1 mwa rive antre nan peyi a, pou kounye a tout moun ap konstate silans yo nan kriz la tankou yo patko antre

📌|:  Ansyen senatè a soti nan silans epi li fè apèl ak frè politisyen li yo pou pran yon lòt dispozisyon, pou sispann fè...
27/03/2024

📌|: Ansyen senatè a soti nan silans epi li fè apèl ak frè politisyen li yo pou pran yon lòt dispozisyon, pou sispann fè peyi a pèdi tan pandan pèp la pa kapab ankò, men pou yo ale nan kou kasasyon pou jwenn prezidan an.

📌|:  Yon jou aprè Réné Jean Jumeau fin demisyone, REN rive ranplase li pa Regina Abraham, ansyen kad Ministè Anviwònman....
27/03/2024

📌|: Yon jou aprè Réné Jean Jumeau fin demisyone, REN rive ranplase li pa Regina Abraham, ansyen kad Ministè Anviwònman. Avèk yon plas obsèvatè, Abraham Regina pap gen dwa pou vote.

Eline Medastin Medastin Eline Yon fanm, yon vwa eksepsyonèl epi reprezantatif nan vil Sen-Mak.Pagen mo pou plase devan k...
26/03/2024

Eline Medastin Medastin Eline
Yon fanm, yon vwa eksepsyonèl epi reprezantatif nan vil Sen-Mak.
Pagen mo pou plase devan kouraj ak pèseverans madanm sa a.
Ou paka pale de istwa radyo nan vil Sen-Mak, ikòn nan medya, yon bon jounalis, yon kominikatè san pale de gwo potorik fanm sa a.

Mwen pap janm bliye konsèy ou yo!
Selebre lavi!!!

24/03/2024
24/03/2024

Sanble yo kenbe Moy

24/03/2024
📌|: Pandan vrè sous diplomatik yo pa vle devwale twòp bagay sou rezon ki fè yo kenbe ansyen premye minis la, trafik la a...
23/03/2024

📌|: Pandan vrè sous diplomatik yo pa vle devwale twòp bagay sou rezon ki fè yo kenbe ansyen premye minis la, trafik la ap kontinye, fwa sa a se pa pwòp volonte li, ni responsabilite politik li, men se Etazini ki mennen Ariel California, nan peyi Tonton Sam epi ajan sèvis sekrè yo kontinye ap fè sekrè avèk li

📌|: Yon konsèy ki te dwe enstale 2 jou aprè piblikasyon 20 Mas la, selon sa CARICOM te pwomèt, ebyen pat sispann gen cha...
23/03/2024

📌|: Yon konsèy ki te dwe enstale 2 jou aprè piblikasyon 20 Mas la, selon sa CARICOM te pwomèt, ebyen pat sispann gen chanjman jwè ak chire pit. Pat rive gen piblikasyon ofisyèl ni enstalasyon

Nan plas enstalasyon an, CARICOM pran dat sa a pou mande aktè yo al chita pou defini ki kritè ki dwe mete anplas pou youn nan yo vin prezidan, epi se menm konsansis la pou yo defini kòman yo pral chwazi yon premye minis.

Nap raple w konsèy la fin fòme nan aswè 22 Mas 2024 la

📌|: Gang yo pa chome nan kapital peyi a.Samdi 23 Mas 2024, vyolans yo kontinyeByen bonè yo atake baz BOID sou Fò Nasyona...
23/03/2024

📌|: Gang yo pa chome nan kapital peyi a.

Samdi 23 Mas 2024, vyolans yo kontinye

Byen bonè yo atake baz BOID sou Fò Nasyonal

📌|: Pèp Ayisyen pa sispann mande kisa lame kap deplwaye a pral vin fè?Yo sonje 1915
21/03/2024

📌|: Pèp Ayisyen pa sispann mande kisa lame kap deplwaye a pral vin fè?

Yo sonje 1915

Nan non komite KOZE AYITI Map swete Samuel PIERRE LOUIS Yon bon rekòt kafe.🥂🍻🍻🥃🥃🍸🍸🍺🍺🍹🍹🍹🥂🥂🍻
20/03/2024

Nan non komite KOZE AYITI Map swete Samuel PIERRE LOUIS Yon bon rekòt kafe.🥂🍻🍻🥃🥃🍸🍸🍺🍺🍹🍹🍹🥂🥂🍻

Malgre pwomès Etazini te fè pou yo pat voye militè sou tè Dayiti, lide a pa sispann danse nan tèt mesyedam yo.Jeneral La...
20/03/2024

Malgre pwomès Etazini te fè pou yo pat voye militè sou tè Dayiti, lide a pa sispann danse nan tèt mesyedam yo.
Jeneral Laura Richardson gaye nouvèl la, pou di a nenpòt kilè lame a ka deplwaye pou fè fas ak panik ki genyen nan peyi a.

📌|: Yon nouvèl ki reveye memwa divès konpatriyòt Ayisyen yo anba pon Texas.
20/03/2024

📌|: Yon nouvèl ki reveye memwa divès konpatriyòt Ayisyen yo anba pon Texas.

20/03/2024

Siw pako gade video sa a
Ou rate yon paj nan istwa Dayiti

VIV ANSANM!!!Nou paka pèdi bèl konsèp sa a nan neglijans ak lejète.Si gang yo deside viv ansanmViv ansanm paka yon gwoup...
19/03/2024

VIV ANSANM!!!
Nou paka pèdi bèl konsèp sa a nan neglijans ak lejète.
Si gang yo deside viv ansanm
Viv ansanm paka yon gwoup gang pou sa.

Pagen youn nan nou ki tap kite lò nan men yon moun fou osinon yon timoun piti.

Se sa nou fèKreye pwòp malè nouMen nou dwe sispann(Bay deyò sa ki pou deyò, bay anndan sa nou ba li)
18/03/2024

Se sa nou fè
Kreye pwòp malè nou
Men nou dwe sispann
(Bay deyò sa ki pou deyò, bay anndan sa nou ba li)

18/03/2024

Gregory Toussaint Creole nou rekonesan!

1- Vwa pèp la2- Chwa difisil aktè trèt yo3- Divizyon nan kan ènmi an4- Presyon jewopolitik sou advèsè aSe 4 van sa yo ki...
15/03/2024

1- Vwa pèp la
2- Chwa difisil aktè trèt yo
3- Divizyon nan kan ènmi an
4- Presyon jewopolitik sou advèsè a

Se 4 van sa yo ki soufle sou presyon konplo 48è ènmi an, epi li oblije fè bak.

FINALMAN, LAPRÈS NAN KRIZ LA, KRIZ LA NAN LAPRÈSPoukisa pagen pyès platfòm, medya ki rasanble koze pèp Ayisyen an voye b...
14/03/2024

FINALMAN, LAPRÈS NAN KRIZ LA, KRIZ LA NAN LAPRÈS

Poukisa pagen pyès platfòm, medya ki rasanble koze pèp Ayisyen an voye bay dirijan caricom, depatman deta yo?

Èske Ayiti se yon poubèl ki la pou resevwa tout fatra kap sot nan bouch blan an?

Adresse

Saint-Marc
HT4310

Téléphone

+50946461617

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Koze Ayiti Batay Chanjman an publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Koze Ayiti Batay Chanjman an:

Vidéos

Partager

Entreprises De Médias á proximité


Autres Production et diffusion de médias à Saint-Marc

Voir Toutes