INNO News en direct
Responsanb BSAP la pa koube devan desizyon pou yo pa mete Inifòm ak pote zam li fè konnen Ariel Henry pa gen legitimite pou pwan desizyon kont yo .
Li ale pi lwen poul di pi gro mal BSAP te ka fè se kanpe anfas la dominikani pou kanal irigasyon an kap fèt sou rivyè Masak la.
#INNO News
INNO News en direct
men kijan Wanament leve pou 30 janvye
Mobilizasyon an kòmanse nan vil Kap Ayisyen ,
Byen bonè nan lannwit dimanch 28 janvye 2024 la Kafou Madeline bloke ,plizyè gwo kamyon kwaze ankwa nan laria, kawotchou ap boule anpil wòch ak boutèy ap tire pwan anpil prekosyon .
INNO NEWS....
INNO News en direct
Wanament/Premyè Egliz Bâtis ap fete mwason
INNO News en direct
dimanche 28 janvye 2024 premyè Egliz Batis ap fèt Mwason plizyè koral nan plizyè depatman vin fête ak yo
INNO News
INNO News en direct
Pè Charles, OMI, kire pawas Saint Michel les Cayes, nan non Pè Hilaire Bélizaire Kòdonatè apostola Aysyen
Dyosèz Brooklyn-Queens.
Samedi 27 jjanvye 2024
“Apostola Ayisyen nan dyosèz Brooklyn-Queens bay komite kanal la yon chèk 15mil dola us.
Association pour le développement de petite Dedine pote 2000 dola us Pè Bernard Nemorin te akonpanye yo pou te rive sou Kanal la . Yo profite Salye kouraj moun Wanament , Ferye, Nòdès an jeneral pou kokenchenn travay sa yo antreprann nan espri Zanset yo pou bati kanal, pou plante prodwi, pou nouri pitit peyi-a pou leve peyi nou an nan bafon mizè
#INNO News KPK
Mèkredi 24 janvye 2024 la Yon group BSAP pwan lari nn komin Wanament ak bann Rara yo pakouri divès Ri nan vil la anpil anbyans.
# an swiv ak INNO Media tout teren koman sa te ye.
Yon group sitwayen ki soti nan komin Kanperen nan Sud peyi a debake nan Komin Wanament lendi 16 Oktòb sa.
Objèktif vizit sa se pou te vin pote solidarite yo a travayè kap konstwi kanal irigasyon sou Rivyè Masak la.
Sitwayen Ismaël Montuma ak Guillaume Jhonny se 2 nan prensipal inisyatè vizit sa.
Manb komite kap jere Kanal la montre yo apresye anpil vizit solidarite konpatriyòt Kanperen yo.
Pòt pawòl Komite a Madame Wideline Pierre te eksprime l konsa.
#INNO NEWS
Nò Ayiti/Konferans AVIBO
Direktè Lopital Alyans Sante nan Obòy la Doktè Thony Michelet Voltaire rantre nan kache depi 10 dawout pase aprè yon entèvansyon Lapolis te fè nan menm dat sa pou te arete li pou asosiyasyon malfektè, asasina e poutèt li ta gen zam ilegal.
Nan dosye sa, manb Asosiyasyon Viktim OBòy (AVIBO) mande PNH ak Otorite jistis yo nan OKAP kontinye ankete pou twouve kote Doktè Voltaire sere a.
Fraïde Michel JOSEPH ak Daniel Lamour, 2 dirijan Asosiyasyon an te pwofite denonse yon gwoup Ayisyen ki Etazuni yo di ki gen entansyon debake nan Nò ak gwo lajan pou vin kòwonp otorite justis yo nan lide pou yo abandone pouswit jidisyè ki deklanche kont doktè Voltaire a.
Yo te tou pwofite mande Ministè sante publik ak Popilasyon relouvri rapid vit Lopital Alyans Sante ak Sant Sante ki nan Ti Bouk Obòy la.
INNO News...
Yon lòt pati nan pwogram lan...