24/03/2024
Daprè eksperyans politik mwen fè ak anpil politisyen Hayisyen, nou lwen anpil poun gen yon Hayiti kote tout lòt peyi respektel.
Si nou menm jèn ki kwè nan yon lòt Hayiti, rete ap plenyen kite politisyen sa yom wè la a, kontinye mete kòd nan tèt nou, tankou bèt yap mennen labatwa, nou fenk kare plenyen.
Se espre yo fè menm, yo dyabolize sektè politik la, yo pa mete strikti nan okenn pati politik, yo fè politik tounen yon afè kriminèl, yo kraze tout enstitisyon peyi a, yo fè pwomosyon pou vye moun, pou kriminèl ak moun ki renmen koripsyon, jis pou dekouraje moun onèt yo antre nan politik, yo fè politik malsen, bosal, yon bagay lèd, pou jèn ak moun serye kanpe lwenl, pou dekouraje moun serye nèt, depi yon moun onèt brave danje antre nan zafè politik peyi a, yo pyejel yo bwèl yo woulel nan farin, fèl parèt lèd nan je tout moun ki tap korel, yo metel nan yon sitiyasyon swal pran fòm vaz la oubyen li bay vag, jis pou dekouraje moun serye ki ta vle antre nan zafè politik peyi a, sak pirèd la nou pran nan konplo a vre, paske nou se yon pakèt bann lach, ki Chita ap plenyen san pran okenn riks paske se entèlektyèl nou ye, politik Hayiti se pou bèt sovaj nou pa ladann, men nap Tann yon Hayiti miyò pou pitit nou nan men yon bann bèt sovaj, nou chaje ak jèn inivèsitè nan peyi a, mandew kote yo ye, sa yap regle ki pwojè yo genyen pou etire Hayiti nan sal ye la ou pa konnen, yo ap kouri kite peyi a o Hayiti pa fèt pou yo peyi sa a se yon jeng liye, kòmsi bèt sovaj ki nan jeng lan se yon etranje ki pou vin metrizel pou yo, mwen poko janm jwenn yon pati politik pou se jèn inivèsite ki kreyel, se toujou menm abolotyo yo, menm vye pati politik tradisyonèl, ki divize Kal fòme lòt vye platfòm politik.
Poun soti nan sa nouye la, se men poun mete nan pat la, se pou moun onèt sispann plenyen fòme pati politik tou, fòme pròp plat fòm politik pa nou, sin vle sove peyi a poun retire Hayiti nan sal ye la a, se poun bwave danje a, reyini tout jèn ki kwè nan yon lòt Hayiti, ki poko pran nan viris politik sal sa a, poun fè peyi nou bezwen an.
Nou kapab se riks la poun pran, se plenyen poun sispann plenyen sou rezo sosyo yo, se aksyon poun poze se rasanble tout sak sanble, nou di nou pa nan politik se nan sosyal nou ye, ki bèl pwojè sosyal ou ka reyalize nan peyi sa a san bwa politik. Mwen menm Addony Jean Louis mwen bouke, mwen pagen peyi Derezèv empap kite Hayiti poum al viv lòt kote.