Se kounya ki gen Nouvèl

Se kounya ki gen Nouvèl si vous voulez rester informer, abonnez-vous a cette page pour les informations locales et internati

RepostEnfòmasyon: Ann sove lavi liFedno Jean Baptiste, se non mineur sa ki twouve li nan komisarya Marigot, daprè sa li ...
28/05/2025

Repost
Enfòmasyon: Ann sove lavi li
Fedno Jean Baptiste, se non mineur sa ki twouve li nan komisarya Marigot, daprè sa li rakonte nou, li se timoun St Marc, manmanl ki t rele Dieula Chery, ki te konn vann manje kwit mouri depi lè li te gen 8 lane kote se papal ki te rele Dieuveu Aniel ki t bay manmanl yon k0ut blok li te t0uyel, li gen yon matant li ki te ale nan funérailles manman St Marc ki te tou rantre Bainet, Jacmel avèk li, depi lè sa li pa janm al lekòl. Ebyen jou ki te dimanche 11 Mai an matant lan voyel al wè yon tontonl ki abite nan vil Jacmel, lè li rive nan station an li mande yon minute li rele tonton an, tonton vin chèchel li metel kanpe yon kote li dil tann li la, li pa janm tounen. Si ta gen youn nan nou la ki ta Konnen fanmi sa nan St Marc ede ti gason sa rejwenn sèl ak frè li nan St Marc, li se yon jumeau pareil li ki se yon fille rele fedna Jean Baptiste.

RepostAbitan nan lokalite zonbi mete lapat sou Vixamar Nixon alyas Tibab ki gen 38 lane sou tèt  ki se manb gwoup gang 3...
24/05/2025

Repost
Abitan nan lokalite zonbi mete lapat sou Vixamar Nixon alyas Tibab ki gen 38 lane sou tèt ki se manb gwoup gang 30 Dinozò kap opere nan depatman nò epi yo remèt lapolis misye. Moun yo di misye bay anpil pwoblèm nan zòn lan. Sa te pase jou ki te 22 Me 2025 lan.

RepostEndividi ame yo pa idantifye ta sasinen Doktè Phaïmyr Jean Charles, ayè samdi 10 Me 2025, nan Dèlma 75.Doktè Phaïm...
11/05/2025

Repost
Endividi ame yo pa idantifye ta sasinen Doktè Phaïmyr Jean Charles, ayè samdi 10 Me 2025, nan Dèlma 75.
Doktè Phaïmyr se epidemyolojis, li te fè pati premyè pwomosyon medsin nan inivèsite Notre Dame.

Ayisyen sa a ki gen TPS 🇺🇸 touf€ bb sa afè fas ak 65 a 95 lane prizon….Eliasard Moneus, yon Ayisyen nan Indiana kite tou...
09/05/2025

Ayisyen sa a ki gen TPS 🇺🇸 touf€ bb sa a
fè fas ak 65 a 95 lane prizon….Eliasard Moneus, yon Ayisyen nan Indiana kite touy€ yon ti pitit li ki te gen 3 mwa e li te tante touy€ madanm nan tou,
men ki te gentan sove anba men li nan mwa Dawou ane pase a plede koupab jodia. Moneus te touy€ pitit gason li ki te gen 3 mwa jou ki te 10 Dawou 2024 la kote li te mete pitit la nan yon bokit ki plen likid moun konn lave pouli touf€.
Aprè sa li te pran yon klewou machin e b@t madanm li byen bat avèl pou te touy€l men manzè goumen e sove anba men misye. Moneus kounya fè fas pou pase ant 65 ak 95 lane prizon.
Moneus ki te gen TPS ap jwenn depòtasyon li aprè li fin pase tan prizon li si li toujou anvi li pa gentan mouri.
Antouka…
Repost Patrick tèt kale

☆BREAKING NEWS☆Se Tout Materyèl Sa ho Komisè Gouvènman Miragwan nan Jean Ernest Muscadin akonpaye BLTS sezi nan dwan Mir...
03/05/2025

☆BREAKING NEWS☆Se Tout Materyèl Sa ho Komisè Gouvènman Miragwan nan Jean Ernest Muscadin akonpaye BLTS sezi nan dwan Miragwan nan Plizyè Dwon ak Etyi Maten samdi 3 me a.
CG Muscadin Ki konfime nouvèl la fè konnen materyèl Sa yo ta Pou yon Polisye Ki afekte nan dwan nan.
Repost

Dieuseul Siac se yon Ayisyen ki jwenn arestasyon li, nan Repiblik Dominikèn, paske li fè tèt li pase pou konsil Brezil e...
22/04/2025

Dieuseul Siac se yon Ayisyen ki jwenn arestasyon li, nan Repiblik Dominikèn, paske li fè tèt li pase pou konsil Brezil e li vann Ayisyen anpil fo viza pou 2000 us.

Dyaspora sa a te voye fè yon hotel 🏨 ayiti neg ak z@m yo antre  ladanl yo volè tout sak te anndanlPòs misye fè sou kont ...
22/04/2025

Dyaspora sa a te voye fè yon hotel 🏨 ayiti neg ak z@m yo antre ladanl yo volè tout sak te anndanl

Pòs misye fè sou kont facebook li👇👇

Mwen se PDG Union Inn Hotel ki plase nan Kè Ri Kamo.

Se Avèk anpil Tristès mwen apwann Nèg ak Zam Kase Otèl la, mwen konnen genyen anpil moun kap kontan, men pa Bliye, mwen te kapab bay plis ke 100 moun travay an Ayiti.

Mesye mwen pa fè kob nan Politik, mwen travay di anpil, mwen fè travay sal pou mwen reyalize pwojè sa a epwi se konsa nou detwi mwen kòm Diaspora tinèg nwa parèy nou.

Andedan Otèl te genyen tout bagay pou li te ouvri, se Ensekirite a ki te bloke ouvèti Otèl la, mwen fè yon bèl Otèl ak Pisin nan mitan mass pèp la, pou te fè valè mass pèp la, paske mwen wè tout bèl Otèl yo se Petion vil yo ye.

Sa a fè mwen mal anpil mesye nou gaspiye kouraj mwen konsa apwè anpil sakrifis mwen fè pou mwen reyalize l.

RepostAnpil moun fè kwè imigrasyon st domeng pran fi sa ak tout doulè pandan li nan yon lopital Sendomeng pou yo  depote...
21/04/2025

Repost
Anpil moun fè kwè imigrasyon st domeng pran fi sa ak tout doulè pandan li nan yon lopital
Sendomeng pou yo depote l
Lè li rive nan prizon imigrasyon an lifè pitit la tou mouri!

😭😭Men ti mesye lame ki mouri yè dimanch 2025 lan nan Kenskòf. La a yo tap pase nan moman manifestan yo tap bloke manifes...
21/04/2025

😭😭Men ti mesye lame ki mouri yè dimanch 2025 lan nan Kenskòf. La a yo tap pase nan moman manifestan yo tap bloke manifestasyon Kanapevè tap fè kont ensekirite a, men pwotestasyon sa ki tap fèt la se pou te anpeche ti mesye lame ak polisye yo sispann tonbe anba b@l b@ndi. Malerezman mèt yo te ba yo lòd pou te anpeche manif lan pran. Jounen jodi a se yo ki peye sa. Hélas! Nou ka remake sa vre kèk manb nan popilasyon tap retire barikad pou te ba yo pase, pou montre yo pa gen anyen ak yo. Nap raple w ti mesye sa yo pa brigan anvè jounalis. Yo telman saj, yo pase san pwoblèm.

Luma Gary se non yon polisye UTAG ki tonbe anba bal teyoris viv ansanm yo jodi madi 8 Avril 2025 la, nan batay Mibalè. N...
08/04/2025

Luma Gary se non yon polisye UTAG ki tonbe anba bal teyoris viv ansanm yo jodi madi 8 Avril 2025 la, nan batay Mibalè. N ap raple depi yè polisye yo t ap mande materyèl aprè yo te fin repouse bandi yo, men a chak fwa bandi yo tounen yo vini ak ranfò.

(SJ@509)

Bandi viv ansanm yo mete difenan kay PDG ( Banque de l'Union Haïtienne) Olivier Barreau nan Komin Kenskof jodi samdi 5 A...
05/04/2025

Bandi viv ansanm yo mete difenan kay PDG ( Banque de l'Union Haïtienne) Olivier Barreau nan Komin Kenskof jodi samdi 5 Avril 2025 lan.

MS@92

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Se kounya ki gen Nouvèl publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager