Jean Erson Thezena

Jean Erson Thezena JET est l'accronyme de mon nom complet.
🖥Graphic Designer
📈Multi asset Trader
✝️ Christian

12/12/2023

Rezo sosyal se espas ki gen anpil presyon sosyal. Veye anpil pou l pa vin sous depresyon w.

11/12/2023

Pyebwa pa sousye l de fèy l ap pèdi.

Li kontinye bay lonbray, bay fwi, pwodui oksijèn paske l konnen gen lòt sezon k ap vini k ap favorab pou li menm.


Nenpòt jan w ta wè vi a ye pou w nan yon peryòd pa kite l defini moun ou ye a vrèman. Kontinye fè sa w gen pou w fè, disipline tèt ou, pa janm bliye objektif la se grandi chak jou pi plis.

Laissez moi partager avec vous la capture d'avion qui s'apprête à traverser le mur du son soit à une vitesse supérieure ...
22/05/2023

Laissez moi partager avec vous la capture d'avion qui s'apprête à traverser le mur du son soit à une vitesse supérieure à 340m/seconde.
C'est comme une pure fiction 😍😍

09/04/2023

Je suis dans la joie
En connaissant que mon rédempteur est en vie
Qu'il a vaincu la mort et me donne par la même occasion l'assurance d'être au dessus de ce qui pourrait effrayer le monde.
Mon symbolisme de pâques n'est pas un lapin mais un tombeau vide.

Joyeuses pâques à vous

Yon ti konsèy pou wSi w apèn tèmine etid ou e w poko ka al nan inivèsite, gen konpetans ki bazik se yon obligasyon pou w...
25/03/2023

Yon ti konsèy pou w
Si w apèn tèmine etid ou e w poko ka al nan inivèsite, gen konpetans ki bazik se yon obligasyon pou w metrize kouwè : Metrize yon lang etranjè ak enfòmatik biwotik... Aprè gen lòt ou ka ajoute men sa yo fondamantal si w vle jwi de yon pakèt opòtinite entènèt pote pou w.

Sa ki enteresan, menm si w pa gen kòb pou al nan yon lekòl lang ak enfòmatik, depi w ka met MB sou telefòn ou, ou kapab rive jere sa yo☺️😉. Kòmanse bay tan w yon nouvo lokipasyon ki kapab chanje demen w

Credit Photo : Kikoteht

Depi w rate konsistan, ou pa ka pa vin ekselan. 6 zan eksperyans nan domèn sa aprann mwen anpil☺️☺️☺️😍.
24/02/2023

Depi w rate konsistan, ou pa ka pa vin ekselan. 6 zan eksperyans nan domèn sa aprann mwen anpil☺️☺️☺️😍.

Ceux qui sont destinés à devenir grands,Sont caractérisés par la patience,Ils sont forgés par les épreuves. Leurs racine...
10/02/2023

Ceux qui sont destinés à devenir grands,
Sont caractérisés par la patience,
Ils sont forgés par les épreuves.

Leurs racines se fortifient dans le secret.
Le silence les construit,
Et ils apprennent dans l'humilité,
Souvent même dans l'humiliation.

Mais quand vient leurs temps,
Ils sortent non pas comme des lionceaux,
Mais comme des lions.

Sagesse Africaine

Koulè pote lavi.Anpil moun ki pwòch mwen, konnen Mwen renmen bay blag. Pase Yon jounen bò kote m pou w ta poze a, mpa la...
05/02/2023

Koulè pote lavi.

Anpil moun ki pwòch mwen, konnen Mwen renmen bay blag. Pase Yon jounen bò kote m pou w ta poze a, mpa ladann paske mrenmen lè moun bò kote m pou m ede yo a santi yo byen.

Grafik dizay, ki se youn nan pwofesyon m ap ekzèse pèmèt Mwen atenn objektif mwen. Mwen kominike pasyon, lanmou, lajwa, enspirasyon pou pèmèt kominote m viv kotidyen yo Yon lòt jan.

Sa se kontribisyon m nan sòti ofisyèl de liv zanmi m ekri kap vini nan jou yo. Map raple nou se jèn kap viv Ayiti malgre tout bagay yo ap eseye vanse ak lespwa anba bra yo.
Leonard Aldophe
Roody Pierre

Design made by JET

Priye ka pèdi valè l si w pa konn sa.A fòs yo fè n asosye Priye ak Mande, fè n rive kwè Aprann ak Travay ka ranplase Pri...
05/02/2023

Priye ka pèdi valè l si w pa konn sa.

A fòs yo fè n asosye Priye ak Mande, fè n rive kwè Aprann ak Travay ka ranplase Priye. Priye pa mande men w ka mande pandan w ap Priye. Priye se pi gwo konvèsasyon ou ka genyen paske la a, w ap dyaloge ak sila ki se sous linivè, ki metrize tout bagay.

Se pi bèl mwayen ou genyen pou renouvle ak moun ou ye a vrèman. Gen anpil enfòmasyon ki piti piti ou pa metrize kouwè panse lòm, gen anpil mouvman ki twò gran ou pap ka kontwole kouwè aksyon linivè. Tout sa ki depase w pap janm ka depase sila ki gen otorite sou lanati.

Priye gen valè, pa voye tè sou li si w pa metrize l oubyen si w pa kwè ladann. Tout sa w pa konnen pi gran pase w, ou ka mache sou li pou w salye l e mande l kilès li ye men toujou fè sa ak respè.

Ou priye Jodi a deja ?

🧾 JET, Fev 2023.

Jèn, ou dwe konprann sa pou w ka sove eritaj pou demenDènye faz konba pou liberasyon n lan, pa chita lòt kote e se nan n...
03/02/2023

Jèn, ou dwe konprann sa pou w ka sove eritaj pou demen

Dènye faz konba pou liberasyon n lan, pa chita lòt kote e se nan nivo ak kalite enfòmasyon nouvèl jenerasyon sa kapab Itilize pou ranvèse sistèm ki la a kounya nan peyi sa. Imajine n jan dènyeman an, fòs nou dèyè Rezo sosyo yo te pèmèt Yon inosan ki te kapab Al nan prizon pou sak pa sa rive libere ?

Mpap pale sèlman de platfòm sosyal yo sèlman, men ann pale de anpil lòt opòtinite ki egziste tankou fè transfè pa Crypto pou evite twòp tan ak gwo to labank, travay aletranje pandan w nan peyi sa pou yon salè ki pi rezonab, kapab fè gwo biznis E-komès kap jenere w plis revni, aprann yon nouvo skills sou de seri platfòm ki gratis oubyen ki peyan pou w jwenn yon sètifikasyon ki entènasyonal... Telman genyen MPa ka fin enimere.

Nou ka enjoy nou, menm si nou nan Yon lòt peyi, otan nou pa renonse ak nasyonalite n epi nou kwè nan yon chanjman pou ti bout tè sa, nou dwe rete motive, avize, prepare n byen pou n jwe wòl ki ap tann nou demen yo. Paske demen responsabilite a se nan kan nou sa pral chita e n dwe kòmanse panse depi kounya sou kòman nou pral chanje bagay yo.

02/02/2023

Arrêtes de scroller sur les réseaux sociaux pour admirer l'histoire des autres, lève toi et vas écrire la tienne.
💯

24/01/2023

Kri Alèt🚨🚨🚨

🤕 Mwen tounen yon refijye anndan pwòp peyi m!!!! Ensekirite
Depi ki dat m ap kouri, sa se twòp, mpa kwè m ap oblije fè vi m ap fè sa non.

🤬 Ou gen pwòp kay ou, bandi Di zòn nan se pou yo, yo barikade, yo vòlè, yo vyole, yo tiye... Se yo ki etabli lwa yo, moun ki bezwen kite pa ka kite paske y ap bat yo, oblije se nan raje pou yo al pase an kachèt!!!
🤥 Wi Bandi, nou vin legal tout bon vre

🧐 Kilès pou m ta pote plent kòm Leta anndan peyi Dayiti jodi a? Kibò pou m ale pote plent pou Leta sa kòm iresponsab? Wpa vle m sèvi peyi a, w ap pouse do m, wfini pa fèm konprann peyi blan plis bezwen m pase w...

🚨Se revòltan!!! Fristran!! Kisa ki te ka anpeche Yon jèn gason kouwè m vin vyolan? Kisa ki te ka anpeche yon lòt al vanje l? Mwen gendwa reziste men chak moun pa menm... NOU GENLÈ BLIYE SI NOU SE MOUN

🌟Kouraj, fòs ak moun Kanaran, Bonrepo, Jérusalem 7, 8, Ti Rivyè, Site Solèy, Kwadèboukè.... Pou m site sa yo
Plen lòt zòn ankò, w ap konn doulè sa a, se lè yo janbe rive bò lakay ou.

Ey Leta machin blennde,
Ey Leta katye sekirize
Ey Leta sèvis sante l se lòt bò dlo
Ey Leta wadèwa
si w pa ka pran responsabilite w, lage pye w, pa rete...W ap jwenn yon moun fill pou w kan mèm men bay sila ki kwè nan bout tè sa chans pou remete lavi ladann.

Mviktim vre, men mstill kwè Ayiti ka reviv

JET, 23 JANVYE 2023

17/01/2023

N ap respire, n ap transpire, N ap enspire aprè n fin expire.
JET

14/01/2023

Entèlijans Atifisyèl prèske pran job ou nan men w. Eske sa vle Di yo pap bezwen w, non se adapte wdwe chèche adapte w. AI prèske rantre nan tout domèn wi kounya, genyen ki se vèsyon Bêta ki telman gen koze ladann, lè vèsyon sa yo optimize, pral gen anpil dega.

Ou se jèn, bagay sa yo dwe enterese w!!! Paske w ap plis ka konprann yo avan Sila ki pi aje yo. Mete de pye w atè jèn Gaston(fanm), Al aprann sa ki ap itil demen w.

14/01/2023

Li tap pi saj si w pa konn anyen nan Yon sijè pou w evite abòde l an piblik. A fòs n ap chèche parèt, nou ka disparèt tou.

11/01/2023

Kisa w vle m di w toujou?

Nouvelle aventure avec   en tant que Cofondateur d'Ayitimaj+, nous avons gagné une place parmi les startups qui bénéfici...
21/12/2022

Nouvelle aventure avec en tant que Cofondateur d'Ayitimaj+, nous avons gagné une place parmi les startups qui bénéficieront de leur incubation l'année prochaine.

Pour les curieux, Ayitimaj+ est une entrprise qui évoluera spécialement dans la production et la vente d'imagerie par drone.
☺️

Je prends le temps d'honorer Aujourd'hui celui qui représente pour plusieurs, tel que moi, un père, un mentor, un motiva...
19/12/2022

Je prends le temps d'honorer Aujourd'hui celui qui représente pour plusieurs, tel que moi, un père, un mentor, un motivateur de vie, celui qui a le manteau du berger, du pillier, de la voix et de la vision;
un homme dont sa valeur sur terre est inestimable;
Qui a le defaut d'être toujours occupé mais la qualité d'etre toujours disponible;
Qui est peut être grand de taille mais qui incline ses oreilles pour les conseils des plus petits;
Loin d'être parfait mais il enseigne toujours la perfection (CHRIST)
Il porte aussi le lourd fardeau de voir le réveil spirituel, social, politique et économique de ce pays.

Merci d'être cette source, merci d'être cet homme
Merci d'exister, merci pour tout
Joyeux anniversaire Évangéliste John Kelly Louis

Nou renmen pale twòpTi Kri ti krak nou plenyenBondye se yon travayè silansyeSilans ou devan danje Se gaz ou bal pou l ak...
17/12/2022

Nou renmen pale twòp
Ti Kri ti krak nou plenyen
Bondye se yon travayè silansye
Silans ou devan danje
Se gaz ou bal pou l akselere
Lè w panse l te bliye w
Se lè sa l pral siprann ou

Mwen fèl konfyans a 100% ew?

Devlope rezo w, Wpap janm sifi poukont ou
13/12/2022

Devlope rezo w, Wpap janm sifi poukont ou

A fòs nou kwè nan "Sèl pa janm di tèt li si l sale", nou toujou fristre lè n wè moun k ap achte Wòch kap vann tèt yo pou...
10/12/2022

A fòs nou kwè nan "Sèl pa janm di tèt li si l sale", nou toujou fristre lè n wè moun k ap achte Wòch kap vann tèt yo pou dyaman.

Nan vi a, gen plizyè bagay ki kapab pèmèt ou reyisi pwojè w, reyisi nan karyè pwofesyonèl ou, Vann tèt ou se youn ladan yo. Vann tèt la kapab defini sou fason ou toujou mete devan sa w konn fè, fason w valorize yo nan je lòt moun, fason lòt moun wè w. Tout sa yo rantre nan sa ki rele Personal Branding ou.

Yon astis trè senp Lè w chèche tèt ou sou Google, kisa w jwenn sou w?

Mwen konn kote m sòtiE mwen konn kote m praleDe moun sa yo se manman m ak ti sèmYoun montre m sa yo rele kouraj, travay,...
16/11/2022

Mwen konn kote m sòti
E mwen konn kote m prale
De moun sa yo se manman m ak ti sèm
Youn montre m sa yo rele kouraj, travay, envestisman, lanmou san deklarasyon
Lòt la montre m pasyans, espwa, konfyans ak pwisans nan karaktè
Se fèt yo de a, alòs nou fèt nan menm mwa(mwen11, mom15, sis16)
Se yon plezi pou mwen pou m onore yo Jodi a
Mèsi pou sa nou ye pou mwen medam.
Pi devan m ap gentan rakonte n lejann dam sa
Marie Melita Dieucius Nathalia Thezena

M ap selebre laviSouf YHVH nan mwenM ap selebre egzistans mwen pami nou ak nouBondye konnenm an premyeLi banm mwen nou k...
11/11/2022

M ap selebre lavi
Souf YHVH nan mwen
M ap selebre egzistans mwen pami nou ak nou
Bondye konnenm an premye
Li banm mwen nou kòm kado
Lavi m gen plis sans paske nou koegziste

Ann fete avè m🥳🥳🥳🥳🥳🥳

Lè w pa gen anyen pou w fè, chéche pran plezi w nan aprann yon nouvo bagay.😁😁😁A dwonn sa mpa atè menm anlè m ye
05/11/2022

Lè w pa gen anyen pou w fè, chéche pran plezi w nan aprann yon nouvo bagay.😁😁😁
A dwonn sa mpa atè menm anlè m ye

Men pi gwo mal ou ka fè yon ayisyen nan moman sa.Si w ap pale ak yon moun an Ayiti nan moman sa la, evite pwente sitiyas...
29/10/2022

Men pi gwo mal ou ka fè yon ayisyen nan moman sa.

Si w ap pale ak yon moun an Ayiti nan moman sa la, evite pwente sitiyasyon nan di l koman l pap viv, koman yo gache avni l, koman peyi a ap vin pi mal, koman lanmò pwòch nou chak jou, koman w sot pran nouvel kidnapping entèl, Zak tel gang nan tèl zòn....
Pouki rezon? Entansyon pou tiyè tèt moun nan ka tou prè, entansyon pou rantre nan move zafè a ka tou prè, entansyon pou bay vag a rèv li yo ka tou prè... lè konsa, wjis bay moun sa yon ti bourad pou l fè move wout la.
Men kisa w ka fè?
Bagay yo ka pa anfòm pou ou tou, men si w santi w gon ti enèji pozitif, on ti kal lajwa, pataje l nan yon sans oubyen yon lòt avè l. Ou ka jis rele l, di l ou te panse ak li pandan moman difisil sa yo, fèl konnen li pa poukont li, rasire l gen limyè toujou. Si w kapab ede l, fè sa menm si se piti piti, wka priye ak li tou si w konn fè sa ak sil kwè nan sa.

Gen moun ki fè silans ki pa ekri moun, ki vin pasif nan anpil bagay, enpak sikolojik la kapab tèlman fò menm enterèl li kapab pèdi pou pasyon l ak etid li. Se bon moman pou n pa kite emosyon n mennen al klouwe yo plis. Bay zòrèy ou ak lanmou kè w paske w ka sove yo moun ki tou prè w.

Tèks: JET
KREDI IMAJ: GOOGLE

Depi gen pasyon, l ap fèt san fòse🤫💥💯
14/08/2022

Depi gen pasyon, l ap fèt san fòse🤫
💥💯

Ne cherche pas à ce qu'on approuve ton ministère en changeant de message. S'il ne te considère pas maintenant, ce n'est ...
13/08/2022

Ne cherche pas à ce qu'on approuve ton ministère en changeant de message. S'il ne te considère pas maintenant, ce n'est pas grave pendant ce temps:
Prie comme un agneau
Prêche comme un lion
Répand le feu comme un Volcan
Guéris les malades miraculeusement
Libère les captifs par millier
Partage la bonne nouvelle, dépeuple l'enfer
Et laisse Dieu révéler à Pierre que tu es son Paul.

JET

12/08/2022

Je ne connais pas le nom de L'ÉPREUVE que t'es entrain de subir, mais je sais que DIEU a la formule pour aboutir à sa SOLUTION.
Fais lui confiance et marche avec lui jusqu'au bout!!

Je suis heureux de vous annoncer les deux gagnants de ce concours initié par Smart Trader challenge🤗🤗🤗. Après deux semai...
01/08/2022

Je suis heureux de vous annoncer les deux gagnants de ce concours initié par Smart Trader challenge🤗🤗🤗. Après deux semaines de participation, parmi les 27 concurrents, ils ont été les plus rentables.

Même si je me retrouve par terre, il me restera toujours l`audace du GAGNANT.
31/07/2022

Même si je me retrouve par terre, il me restera toujours l`audace du GAGNANT.

Adresse

Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jean Erson Thezena publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Jean Erson Thezena:

Vidéos

Partager


Autres Création digitale à Port-au-Prince

Voir Toutes