Real509

Real509 Konsèy sou relasyon ak pawòl ki pou fèw grandi

29/11/2025
Slt Amora pa kite nom mw parèt svp, pataje mesaj sa a pou mw petèt map jwenn yon konsèy ki ka edem. Mw gen 4 ane renmen ...
13/11/2025

Slt Amora pa kite nom mw parèt svp, pataje mesaj sa a pou mw petèt map jwenn yon konsèy ki ka edem. Mw gen 4 ane renmen ak yon demwazèl nou damou youn lòt nan katye an nou se yon referans nap fè bèl pwojè à l'avenir anpil kòmanse jalou de nou men mw te komèt yon erè lèm te piti mw vin peyel la, mw te gen 14 ans lè yon zanmim te pran tèt mw poum te ka kouche ak yon masi si pou yon tennis aprem fin fè sa mw fè 3 jou anndan kay paskem tèlman wont de sam fè an mw kache pou zanmi an ak masi si an pa wèm paskem pa gen sa nan sanm se zanmi an kite pran tèt mw e mw potko gen ase matirite nan menm sem2n lan mw boule tennis lan epim ret nan mwen ni zanmi an ni masi si an mw pa ret sou yo, ebyen youn nan zanmi ki jalou de mw yo rele demwazèl la li dil se yon masi si mw ye mw kouche ak yon gason pou tennis sak pi dwòl la omwen si li te mansyone demwazèl la sa gen plis ke 10 ans omwen mw tap soulaje se tankou se yon bagay ki fenk fèt, lè menaj mw mandem eske se vre ak san fwam mw dil li pa menm tann mw esplikel li kouri ak dlo nan zyel li blokem si li wèm ap vini li fè lòt wout mw ale lakay li semèn pase an li pa menm parèt poul gadem mw pa anvi pèdi li paske pou mw li se tout sam pat vle pèdi li se tout sam te vle genyen, tanpri fans yo kite yon konsèy pou mw tanpri🙏🙏😭😭😭

Slt DG pataje sa pou mw tanpri poum konn kisam dwe fè pou nèg sa a, gen yon jènòm ki abite prèske nan menm katye avèk mw...
12/11/2025

Slt DG pataje sa pou mw tanpri poum konn kisam dwe fè pou nèg sa a, gen yon jènòm ki abite prèske nan menm katye avèk mw misye gen 5 ans depi lap koze avèk mw malgrel konn wèm akonpanye misye toujou ap sipliyem poum renmen avek li men onètman mw pa renmen li paske li pa style de nèg pam lan paske se yon nèg ki toujou a tissus soulier nan pye mw pa twò feel nèg sa yo paske majorite ladan yo se nèg kap blofe moun bref mw te ale nan yon graduation mw te byen enjoy mw bwè alkòl epi pandan map antre an mw te gen yon nesesite epim kwaze ak misye mw mandel sèvis la san pran tan li al fè sa pou mw epi li vin lakay la poul dim li jere sa pou mw, mw vin pran pitye pou li mw di menmke nou pap janm ansanm pou pasyans li mw ba li yon kraze epim dil pa janm relem pa janm vin la kenbe sam baw lan, mezanmi nou pa mandem lapawòl misye vin anjandre nèt nan relem ekrim mw blokel li fèl sou lòt numero li vin lakay mw mw repousel se tankou se dim te dil vini, tanpri guys mw bezwen yon solisyon kite yon komsèy pou mw tanpri

Slt Amora map ekri mesaj la pouw pataje pou mw map mandem eske se nan yon rèv mw ye, mw leve nan yon katye ak yon demwaz...
11/11/2025

Slt Amora map ekri mesaj la pouw pataje pou mw map mandem eske se nan yon rèv mw ye, mw leve nan yon katye ak yon demwazèl nou fèt preske nan menm mwa mw ba li kèk jou sèlman nou antre lekol ansanm nou fini ansanm e nou te fè plizyè ane nan menm lekol anpil moun panse se sèm oubyen kouzin mw, nou fini menm ane, nou fè menaj nan menm epok la, gen yon bagay mw pat konprann depi kèk mwa lèm ale lakay zanmim lan mw antre nan chanm li, li gen yon seri mizik lap jwe epi lap pale kèk sijè avèk mw mw pa twò fin renmen pale tankou fi ak fi nan kesyon sèks mw trè pèsonèl mw pa fè deba sa yo menm ak menaj mw, mw just timid pale de kòm konsa, epi yon jou li dim li gen fantasme pou mw, mw te just ri paske pou mw se yon blag li tap fè, mwa oktòb la sete anivèsè li malerezman mw pat gen kob poum ta ht yon gwo kado pou li men ak ti sam genyen an mw ht yon ti kado pote ba li, mw dil malerezman moman yo pa bon pou mw kifèm pa ba li yon gwo kado, li dim menmke mw ta ba li syèl la li pap janm satisfè mw mandel kijan li dim pi gwo kado mw ka ba li se mw, mw dil men nou gentan twò bon zanmi kijan poul te genyenm ankò la li dim sr pa nan sans sa a fok li gendwa sousem manjem, mw tèlman sezi mw depale mw pa jwenn repons poum ba li, mw vin antre lakay mw mw fè nwit lan paka dòmi map reflechi eske se vre pandan menaj li se zanmim nou gen 24 ans ansanm tout bagay ap monte nan lesprim, mw vin tankou se mw ki te di manzè pawòl la mw nan mawon mw pa vle rankontre manzè tèlman mw wont, mw vle konsèy nou tanpri yon fason poum ka jere sa pro

Sak gen la zanmi M? Pa kite non an paret pou yon konsèy, M espere ou anfom ak tt fanmi yo! Moncher Mtap viv sendomeng mp...
11/11/2025

Sak gen la zanmi M? Pa kite non an paret pou yon konsèy, M espere ou anfom ak tt fanmi yo!

Moncher Mtap viv sendomeng mpat renmn jan medam yo ap jere games relation an ditou, ou konnen garçon nou konn gen ti zanmi mw konn tj di yo M pa vle relation yo konn gen moun yo tou, M vin jwenn rezidans mw m rantre florida, kò fanmi an pa mal mte gen biznis online mte konn degajem pa anpil sa koz M pa telman travail isit se biznis mw te legalize epi mother a pa telman bay pwoblem pou chaj, mvin jwenn yon patne map explike M vle yon vi serye men mw pa fye fanm usa yo epi li dim li gn yn moun li byen lontan fanmi li ak pa demoiselle la konnen lontan men li sendomeng, depi M tande sendomeng lan moncher M pa telman enterese M pa menm mande plis enfo M di map palé ak li lèm desann lotbo a Poum moulen anba danm, ou konn nou se garçon, mw vin fe 6 mwa ap palé ak tifi a epi mw desann sendomeng,li bel tifi mince konn palé men aparans li sanble siw femen yon 100 dola nan menl lap kontan, mw envitel nan hotel M desann nan li dim non li banm yon resto M dako mw di map met may jan li ye lap rive pi loin, li konsome plis ke budget mw te prepare, apre li rale kat li l peye, map swiv apre li di désolé mpat dwe konsome konsa nan 1e soti men li te vreman pat gentan li te tou pase pou manje,bwè epi li te tou fem vini, mw dil cool nap bay blag apre mw met gran may Poul pase nan hotel mw yea li pa vle mw di caprice fok M manje, li ale epim femen yon 200 dola nan yon papye pou impressionner li apre li anbrasem li dim pridan li fe uber li ale, nou tjrs palé lè M rive M jwenn 200 dola vlope nan poch mwen lè li tap anbrasem nan li mete l , mpa la pou anpil jou fok M rense bouch mwen, M envite l anko men mwen di nou renmen mennaj men nan tet pam mw we kisa medam yo regle sendomeng mpa enterese nan relation serye, li envitem lakay li mw dil Eske map kapab domi li di , M di mw bon mw fe 3 jou kotel la reg li vini sesi li te gentan gen reg li deja mpoze M fache andanm epi map jwe wol konpreansyonm, li fe market, bel pla li dim li se kizinyè men li pa manje chè ni san li pa kwit yo ni li pa touye bête tou, M vin komanse ap swiv mdi genle li pa telman bagay janm panse a, andan kay li a genle yon bibliothèque fin manje fi mennen m nan bibliothèque li ap eksplike M istwa ki pa gadem, apre li dim lipral lekol lap kitem la pa ale, M pa vòlè se deye sal bab mwen M ye M rilaks, men kay li bel byen ranjesanti bon, mpa mandel ki travail pou kay li bel konsa M konn mouvman anpil nan yo isit, baz pou jis li tounen lekol mwen ale jou pase mpa kraze men lem te rive lakay li premye fwa M te rêve yon fi ki dim chita deyo a tann demwazel la li pap kitem rantre chita nan lkou a pa besoin dim pou chanm, mw ki we mpa p kraze se bon tifi li ap jwe mwen sa pa enterese M mwen di wol anpil konsa yo ye, M vin ap cheche mwayen poum pa palé ak li anko M jwenn yon papye kay epi M pran pou preteks M di Kote wap travay pou peye pri kay sa, ou te di ou pa gen ed fanmi ekonomik lem rele w se lekol epi lakay, map mete may epim di l nan boubou wap vann sou mache a se fanm sendomeng, tout sam di l li gade M li ri, li pa janm manke M dega ni fache apre mw ale M tounen usa map eksplike patne m nan saa, li di sil te konnen li pa tap banm nimero demwazel la pa moun sa,li gen gwo biznis Haiti,sendomeng,li gen chofè machin Haiti ki ap travay pou li se yon agwonòm li ye epi li lekol ap etidye diplomatie, li gen pil jaden lap vann a peyizan, premye mennaj li gen 3 ane mouri li pa janm gn mari li pa konnen s’il gen mennaj men yo alez li tap dil sa, li montre m Kote yo konn palé Kote li ak tidam nan ap pale de biznis,anrejistre biznis demwazel la konn al nan lòt Peyi sè viza usa li poko jwenn,epi demwazel la te mennenm nan yon studio mpanse se la lap degaje l epi se youn nan biznis demwazel la , lem ale sou whatsapp poum eskizem epi kreye yon pi bel lien ak demwazel la li pa blokem men li pa janm reponn mesaj mwen, mw we Kote lap fe kob nan trading lap di jan li kraze mache a,poste liv,lekol depi lè w 1e mennaj li mouri a li te lagel nan bagay sa yo koz li te nan depression, mpa gen envie palé ak li paskem konnen li pa kokorat men poum atrape M , lem rele l li pa pran apel,itilize lòt nimero li tande se voix M li pa reponn, M envie konnen eske mwen met ale sendomeng lakay li pou mande li padon epi pa pran li pou sa li pa ye, M vle nou edem se pè mwen te pè fi sendomeng men mw pa move garcon.

Slt Amora mw felisitew pou gwo travay wap fè nan kominote nou an, pataje mesaj sa a pou mw tanpri pa kite nom mw parèt, ...
11/11/2025

Slt Amora mw felisitew pou gwo travay wap fè nan kominote nou an, pataje mesaj sa a pou mw tanpri pa kite nom mw parèt, en fait mw grandi legliz mw gen 23 ans, mw konnen yon sèl gason paske lèm te gen 17 ans mw te fè premye renmen mw malerezman nan fè bagay mw vin ansent e mw pat ka jete timoun lan paranm ak paran jenòm lan di pa gen lechwa fok nou marye paske nou tou 2 an se te moun legliz , aprè maryaj la nou vin gen yon timoun nap viv byen mal chans pou mw, mw vin fè yon maladi kote doktè te dim evite al fè bagay sa tap pran kèk mwa epi marim li menm li lagel deyò an li pa kite tras paske li pa janm chanje li banm menm love li te konn banm lan sofke aprè mw vin estime li te konn banm manti, nan mache chache li pran yon atrap mw menm map monte desann lopital avèk li poutan se pa pwoblèm lopital li genyen, gen yon zanmi danfans mw ki se franc maçon li vin lakay la li dim poukisa pou map depanse kòb sa yo poutan maladi misye fè an doktè pap ka fè anyen pou li, pandan lap esplikem tout bagay kòm ap tranble paske map di nan mw menm poukisa marim trayim pou jan mw te fèl konfyans, lè marim antre mw dil tout sam konnen li paka gadem nan zye li paka reponn mw, zanmim lan dim li ka trete misye men mw pa wè mw menm ki pral aksepte pou misye jwenn tretman se li menm ki metem nan lavi gason mw pa janm twonpel menm yon fwa mw rete lwen tout gason e mw te toujou di depi marim ta mouri avanm map tou rete san mari mw santim pèdi fòs tanpri konsèy nou yo ap itil mw🙏🙏

Slt Amora509 mw swetew anfòm, pataje mesaj sa a pou mw svp, en fait mw se yon mannequin mw te rankontre ak yon mesye pan...
11/11/2025

Slt Amora509 mw swetew anfòm, pataje mesaj sa a pou mw svp, en fait mw se yon mannequin mw te rankontre ak yon mesye pandan mw te nan yon kamyonèt pral nan antrènman nou te fè bon ti pale malgre mw pat vle li egzijem poum ba li numerom mw pat twouve sa dwol tou mw te ba lil se konsa nou te kontinye pale sou whatsapp jiskaske nou vin renmen, mesye an te toujou take care mw malgre se renmen nou renmen sou 7 mwa pandan mw renmen ak mesye an manmanm vin mouri se ak manmanm mw tap viv paske papam abandonem depim ti bebe, mesye an dim mw pa oblije dòmi nan kay la pou kont mw anplis mw pè leswa anpil vye bagay ap monte nan lesprim vrèman vre mw ale jwenn mesye an ebyen se la pwoblèm mw pral kòmanse mesye an fèm kite mannequin kise youn nan pi gwo rèv mw, mesye an mandem koupe kontak ak tout zanmim li di oohh li pa konn mal ni femèl , epi gen rad li mete defi devanm sim te mete yo bagay la ap mal pou mw li privem de tout libètem mw santim pap viv pafwa manje an devanm mw paka manje mw pat janm panse lavim tap vin devni sa a, pafwa mw anvi pale ak yon moun mw pa kapab, tanpri konsèy nou ap edem🙏

Slt DG! Mw renmen travay wap fè an menmke mw pa reyaji sou page la souvan men mw toujou pran leswen li post ak kòmantè y...
11/11/2025

Slt DG! Mw renmen travay wap fè an menmke mw pa reyaji sou page la souvan men mw toujou pran leswen li post ak kòmantè yo, bref mw gen 24 ans mw pase 4 menaj e mw pa sispann mandem poukisa youn pa rete avèk mw, mw panse mw gen tout sa yon fanm nòmal ta dwe genyen, donc pou rezon sa a mw bezwen kèk zanmi fi nou ka pale bay blag li mèt te nan nenpòt distans lan paske mw vin paka wè gason depi yon gason relem sa banm anvi jourel dil vye mo e mw pa abitye nan bagay konsa, yon moun ki enterese wa metel an kontak avèk mw svp, epi konsèy nou ap edem

NB : fanm sèlman wi gason pa ladann, mèsi deja

slt Amora Mwen espere ou anfòm e fan yo tou yon konsèy Mwen tap mande legliz la e stp pa kite non Mwen parèt Mwen gen yo...
10/11/2025

slt Amora Mwen espere ou anfòm e fan yo tou
yon konsèy Mwen tap mande legliz la e stp pa kite non Mwen parèt
Mwen gen yon mennaj Nou gen 4 ans ansanm Nou gen yon ti Moun ki pral gen 2 zan ane sa .
se p.o.p li te abite koz p.o.p pa bon an li vin abite ti gwav e SE la Nou rankontre
paranl se Moun lagonav Nou te vin gen yon ti prob paske Mwen te vin tonbe Malad mtap fè komès lky Mwen li vin kraze nan de panse epi li dim Bb Nou pral fè kelke Jou lagonav m di pa gen prob men avan sa m dil Konsa fòk Mwen jwenn yon bgy poum degajem pandan mwen rive anba a li dim lèm rive nap wè sa
lèm rive vre lap pale AK Fanmim li tankou manmanl ti sèl de ide komès Mwen Bezwen fè a kòm Mwen pat gen gwo mwayen nan menm mtap tann yon kòb yo tap voye pou mwen manmanl ankò ki dim Mwen ka fè kokiyòl pou vann ok pa gen prb li dim li gen yon kòb lap prete'm ladanl poum HT bgy yo pou kòmanse li voye achte yo pou Mwen vre menm pa konn fèl li dim lap ede'm li ede'm vrèman tout bgy fini se rete Mwen rete Mwen wè li pran tout bgy yo li mete li nan afèl epi lè Moun vin HT li bay Youn nan ti sè yo kenbe kòb m rete map di anyen ,Mwen vin moute nan peyim kounya la gen yon zanmim ki vin wèm nap pale li ban'm yon ide de yon komès kem ka fè men te gen yon ti sè ki te la
zanmim nan menm di li pral mande plas pou mwen poum fèl lèm prè se rete Mwen rete Mwen tande bèlsèm nan ap di wi li jwenn yon plas Nou ka al fè komès la kounya Mwen sezi epim di evre ebyen ou konnen m poko gen kòb li di li gen yon kòb lap kòmanse avel li menm lap vann ji paske se manje mtap fè epi li al di manmanl li pral fè tan komès yap planifye
yal nan mache pou tt bgy ka fèt epi Mwen te vin jwenn AK zanmim lan m dil m gen yon bgy poum dil paskeu mennaj Mwen an te la Mwen te gentan konn jan'l pral reaji epi m vin apwochel poum eksplikel li dim m tjr ap pale kaka ho m pran pòz tret Mwen te kwè se AK zanmim lan Mwen te gen poum pale sa sak fè mpa pale AK li pito pks Mwen vin pale sa AK li tanpri Nou ka ban'm yon ide yon stp sa poum fè paske yo gen Poul al ret lagonav nèt fè biznis pandan pifò ide biznis Mwen te genyen yo ke se yo yo pral fè tou Mwen gen pitit ki pral bon pou lkl tèt pam Mwen se Moun ki abitye Ap fè ti komès Mwen e lan tou mèsi déjà pou konsèy nou

Bonjou kòmanw ye Amora509Jodi an kitem kòmanse konsa mw gen marim ki rann mw mizerab nan yon eta poum byn diw depi maten...
10/11/2025

Bonjou kòmanw ye Amora509

Jodi an kitem kòmanse konsa mw gen marim ki rann mw mizerab nan yon eta poum byn diw depi maten map kriye sèvèl mw preske eklate
Mw se yon Moun ki pèsonèl anpil men li menm eta li ye mw santi map mache tout kòm make desepsyon mw konn pale avèl kòmanbmw santi papam mare ese yon gran frèl ki pa vlel anyen Nou nan yon bouch pa gou e se li ki leve diskisyon an men mw rete nan silans mw tekwè li rele manmanl di me sam fè manmanl menm di oo mw pa byen fè
Li rele papam li di papam mw di li mari bagay la fèm mal poum gen marim mw paka pataje anyen avèl mw santi map toufe mw apèn sevre yon bb mw gen lèt sou estomac mw anfen

Kitem esplikew li te nan yon travay sa lap fè an paka menm peye Kay se mw ki peye Kay lan em peye lekòl yonn nan timoun yo ki bon pou lekòl li menm sal fè Nou achte manje lèl pa sifi mw konpletel e se pa menm yon bon manje non ok mw te mete chèche yonn pou li kounya li al ladanl mw al remèt resu premye travay li an yo tou revokel li fache epi madanm patron an esplikem kèk bgy lèm vini li mandem sa Moun yo di mw esplikel li fâché li pa pale avèm li pran li LAL kouche atè oo li pran jenoul mw rete nan mw menm tou te li leve nan demen LAL travail mw male nan pam lan tou li vini tout Moun rete nan yo menm nan la nuit li monté sou dom mw d'il desann li fâché li tounen al sou sak li li pran vansilatè kite nan chanm lan mw jis rete nan silans mw toujou akoz mw pa renmn pale paranm tou pat levem nan sa li fè nuit lan ap vin ouvri limyè nan zyem vin frapem soukem oo leve Poul pale avèm mw pa okipel li dim leve pou Nou priye mw pa leve pirèd mw pase nuit lan pa dòmi akoz lap plede vin limen limyë nan zyem lèm leve mw al legliz li pa ale li dim mw ale nan randevou mw pa reponn wè pandan map ekriw la li kontinye ap pale nan tèt mw la li ale yè li ekri patron travail li te ladanl li d'il konsa li kraze frayel epi li di dam lan gen demon nan tèt li mw tèlman santim wont paske se mw kital dèyè travay la pou li
Tèt mw ap eklate
Svp patajel pou mw ma jwenn yon morekonfò svp.

Bonswa Amora,mw kapab di m se yon fini fan page ou an, mw ap mande w pou ou poste sa pou mw svp, te gn yon demwazèl mw t...
10/11/2025

Bonswa Amora,mw kapab di m se yon fini fan page ou an, mw ap mande w pou ou poste sa pou mw svp, te gn yon demwazèl mw t rankontre nan famasi depi mnm Jou a mw tonbe pou li e m santi l t vle yon bgy tou, ebyen sa pat pran anpil tan Nou vin rnmn,m son nèg ki trè afektye, edike, e respektye tou, men tou mw konn toksik defwa e m jalou anpil ,koz mw pa yon vagobon e mw poko janm f 2 menaj an mnm tan, mw tju pran tan pou m rnmn yn Moun epi m tou livre m a li, monchè pou kèk ti bgy trè senp vre men ki pa fm byen , no t arive séparé, après kèk Jou Nou vin retounen, yon 2 mwa pa pase Nou kite ankò, men denyeman la mw t vin reyalize ke defwa m trop toksik vre m pran tan m pale ak tet mw m kwè m korije anpil bgy, apresa mw eseye rele l paske l t chanje watsap li san l pa di m sa, chans pou mw Jou a m rele l m jwenn li , men l pale byen avèm depi m rele l, kounya li vin di m li pral sendomeng vendredi pandan Nou tap pale nan lendi m di m anvi wel avanl ale li pat dkr, epui nan Madi swa gn gwo lapli ap tonbe mw di tèt mw mapral, le m rele li dim met vini, men li t tlmn we lapli a fo li panse m pap vini vre epi m pran lapli a vre male le m fel konnen m la li vini ak parapluie Nou pale pale apre l dim lap vin we m lakay mw, jedi Jou rive map wel m fristre m dil sa l fm nan pa nòmal i di l te chanje ide, apre nan demen ankò mal kote l i di m vwayaj la pa f vandredi ankò la vin we m lendi, vrm vre m leve lendi maten m re kliny chanm mw aranje tut bgy, plein kabann ak zorye m bon pafen ke m itilize, pou m resevwal m acheté ti fri pou li, lel vini vre Nou chita rir,manje ansanm, nap bwè jus nan bouch lòt, epui nal f lanmou,mw byen karesel li kntn jwe avèl, apre li t dim li gn reg malgré sa Nou fnti bgy koz len pat ka anpeche sa fèt, apre m al mennen l devan lakay li, monchè nu pale souvan m di l kijan m vl pou nu ye kounya pun kite bgy timun Piti sayo,li kntn e l dkr, monchè se lotrejou pandan mal we l epi m we yon patnè ap vini li tou dekole sou mw,mpa di anyn . Le m rive lakay mw map eksplike yon gran kouzin mw kijan mw vin rnmn demwazèl la e m gntn ap f ti projè m tepral pran kob sou kanè m pou m bay biznis pafen,monchè pandan map pale ak kouzin tlf mw sonnen se la kèm bloke,li di: li gn yn bgy kap dechirel fol di m sa, ke jèn Gason m t we a se menaj li e li gntn prezantel lakay li, se tankou yon kout kouto yo banm bouch mw rte ouvè, mw t f sanblan ke sa pa fem mal m di l Oke pa gn prblm, bòn vi a 2 li dim mèsi, m t konn se blag m f jounen an jodia mw pa leve nan kabann donk m pa manje kèm te Lou, bò 5 m vin online m we l pat mnm di m bnju, epi m salye l m di ou te ka dim bnju li patap deranje Nou, epi l di m Sorry,apre m mande l kisa l t panse f pita koz sete dimanch m t gntn planifye pou m te mennenl boucanier, li dim li pral sòti ak menaj li kem rache plis, m ap f ide di sal konn f avèm kounya lot nèg pral jwi yo m fâche ak têt mw, apre m dil ebyen Oke, men pran swen'w pou mw, e si wap bwè pa bwè trop, li di m Oke mèsi, monchè apre m leve nan kabann nan kòm tou kraze lide m di m sòti, epui m leve m bnyn m abiye byen FRE e santi bon mal f ti mache, t kwè apen mal pase yon kote m wel ap pale desann yn wout ak neg la vre epi m pase devan l m fel we w men patnè a pa fin konnenm, epi mal tann li kote m konnen l pral pase a chans pou mw misye t f yon lòt wout demwazèl la vin kwaze avèm sel, l santim ta pran l nan bwa m m sere avel san m pa lagel, men sak nan têt mw se ak menaj li m wel la, apre m pale avèk li m di w konnen m tju sensè avèw , e m poko pwè pou pran séparation sa, e mw pap baw vag di tou, koz kèm t gntn chwazi w m rnmn, apre li fèm konnen li avèk misye apral nan 2 a 3 mwa rnmn vrèman li t al Kay Moun li ak misye, kounya problem nan m santi m damou manze mpa vl bay legen men l di m li rnmn misye, e lel fin al lakay mw mw avel Nou pale e li promet mw lap vin we m avan l ale , se demen vendredi sa li prale a, m bezwen konsèy fans ou yo, mw rnmn demwazèl la anpil vre bro. Malgré mpat 1e menaj li.

Slt DG! Lavim tèlman tris jodia mw ranmase kouraj mw poum pale petèt ma konprann reyalite map viv la pi byen nan kèk kon...
10/11/2025

Slt DG! Lavim tèlman tris jodia mw ranmase kouraj mw poum pale petèt ma konprann reyalite map viv la pi byen nan kèk konsèy pa kite nom mw afiche svp, mw gen 21 ans aktyèlman sa fè 6 ane depi yon mesye te v*ole mw mw potko nan vi gason menm paskem te timoun paranm yo pa fè bri ak sa yo mande pou ti nèg la marye avèk mw pran responsablitem sinon bagay la prale pi lwen, mw te timoun mw pat ka deside men mw pat renmen nèg la e jiskounya mw pa janm renmen li epi li gen 6 ane anplis mw, e paranm te fè nou marye paske paran mesye an gen ti mwayen se tankou se vann yo vann mw depi lè sa a a nos jours depi misye bò kotem prezans li deranjem paske mw pa janm ka bliye imaj lè li v*ole mw an, men sak vin parèt pwoblèm pou mw an misye pa vle wè timoun depi timoun lan pase lap gade dèyè li e mw fè konsta a plizyè fwa a donk mw vin estime sa misye te fèm lan se pat yon erè se nan san li sa ye, mw vin ase gran okenn moun paka deside pou mw ankò mw bezwen yon konsèy kijan e kisam ta fè poum te kenbe misye la main dans le sac poum kitel pou okenn erè pa soti sou mw, paske mw anvi rale yon lòt lè, mèsi deja

Address


Telephone

+50937550394

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Real509 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share