01/07/2021
𝙈𝙤𝙪𝙣 𝙆𝙖𝙛𝙤𝙪, 𝙮𝙤𝙣 𝙥𝙤𝙥𝙞𝙡𝙖𝙨𝙮𝙤𝙣 𝙠𝙞 𝙜𝙚𝙣 𝙠è 𝙣𝙖𝙣 𝙢𝙚𝙣.
Depi kèk tan, plizyè moun k ap viv nan divès kalte komin nan peyi a pa sispann soulve
enkyetid yo genyen sou yon bann kesyon tankou: kiyès Kafouwa-waz yo ye menm ? Ki kalitemoun k ap viv nan komin sila a ? kòman moun Kafou fè viv?
Souvan, nan pa chèche konnen tout nannan lokalite sila, yo mal prezantekomin sa ki sot fete, 208 rekòt nan jou ki te premye me ane sila.
Kafou, yon komin ki gen trèz seksyon kominal, ladan yo w ap jwenn tout tip moun.Pou anpil nan yo, Kafou pa viv de tèt li piske l pa plante, poutan yo inyoreyon bann seksyon kominal Kafou ki te konn pwodui pou bay Komin nan ak kèk lòt zòn manje menm si te toujou gentravèse fontamara-Matisan pou al chèche lavi miyò anba lavil la. Sa ki vin fè, Pasaj fontamara-Matisan se youn nan pon ki egziste ant Kafou ak Lavil, yon travèse, dènye tan sa yo ki pa manke fè non l, malerezman nan zafè goumen ant nèg ak zam ilegal. Alòske listwa rakonte nou, pa t konn gen bagay sa pyès nan zòn sila yo.
Se sa k pral fè, aprè yon bon ti tan kalmi nou te rive konstate, jou madi ki te premye jen 2021 an, kout bal ta pral pran pete ankò ant de(2) nan gwoup gang ki tabli kò yo nan twazyèmsikonskripsyon Pòtoprens la. Yon sitiyasyon panik ki malerezman te rive fè anpil viktim nan popilasyon an. Pèsonn pa t epanye. Yon bon kantite moun ki t ap viv Matisan akFontamara sitou, te blije kite lakay yo pou y al pran refij nan yon espas ki pi poze.
Yon kote, plas Fontamara a tedebondare tèlman moun te sou moun. Timoun, Fanm ak granmoun ki pa t ka kenbe kò yo te fè remakeyo plis nan espas sila.Yon lòt kote, plizyè nan refijye entèn sa yo te pran wout Kafou pou yo tou paske yo konnen se yon lokalite ki pezib, e ki ta enspire plis asirans.
Kòman moun ak kèk enstitisyon, òganizasyon te akeyi moun sa yo ?
Anben, malerezman se nan yon kontèks konsa moun Kafou teakeyi yo ak bra louvri. Ki fè sa pa t pran tan pou viktim gè sa, te benefisye solidarite, asistans moun Kafou nan tout sans san menm Leta lokal ak Leta santral potko di kwik.
Menm jan Sosyològ
Emile Durkheim konprann pou yon sosyete ekziste fòk gen yon lyen ki makònen moun yo k apviv ladan l lan, lyen sa ki pou li se baz tout sosyete, pa lòt ke solidarite. Nan sans sa depi jou madi premye jen an jis konnya, Sant Espòtif komin lan louvri pou moun sila yo ki toujou poko kapab rantre lakay yo malgre manti otorite santral yo ap mache bay sou swadizan prezans lapolis ki ta prezan pou fasilite yon kèlkonk pasaj .
Jèn òganizasyon, legliz, divès antrepriz, tout nan fason pa yo te pote solidarite yo ak refijye yo pandankèk nan yo t ap evite detui idantite moun yo nan sa y ap ba yo kòm èd.
Anpil fwa, moun k ap viv lwen komin nan panseKafou se andeyò, yo souvan konfonn li ak travèse Fontamara-Matisan, nan di : « Mwen, sa m ap vin fè Kafou, kotepèdi sa, yon kote blokis, tire, toujou ap taye banda ». Alòs se regretab paske se inyorans
melanje ak fristrasyon k ap degaje pi souvan lakay moun sa yo, ki fè , Jewografikman ak Sosyolojikman, pa rive konn Kafou.
Moun ki konn Kafou prezante l kòm paradi, Vil Bondye. Anpil Jèn Inivèsitè, Fonksyónè, gwo Entèlèktyèl, Mizisyen serye, se pitit
Komin lan. Kidonk, si w bezwen konn kòman moun Kafou ap viv, vini y ap resevwa ou ak kè
kontan, nan yon lespri solidarite ak lanmou.
Tèks: Pierre-Henry Cadet