Blòk majoritè Akò 21 desanm di Gerald Gilles pap fè yon pa
Blòk majoritè Akò 21 desanm nan voye jete lide pou Ariel Henry ta ranplase Gerald Gilles nan KPT a. Yo di Gerald Gilles pap fè yon pa. Yon denonse manèv k ap fèt pou kraze Konsèy Prezidansyèl la 👇
Dosye Koripsyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an
Nan yon konferans pou laprès yo t ap bay ansanm ak avoka Smith Augustin yo, 2 pami 3 antite ki te chwazi l pou reprezante yo nan Konsèy Prezidansyèl la kanpe RÈD kon ke makak dèyè li. Daprè yo y ap sipòte reprezantan yo a jiskakske gen yon desizyon lajistis ki montre li koupab 👇
Yon Brezilyen k ap viv Ayiti ap eksplike poukisa
Malgre jan sitiyasyon an ye gen etranje ki rete viv Ayiti. Brezilyen sa a ap eksplike pouki rezon li ap viv Ayiti 👇
Anpil jèn gason ak jèn fanm viktim de moun ki di yo se defansè dwa moun nan peyi an
Polisye Lionel Lazarre ki se ansyen pòtpawòl #SYNAPOHA soti nan silans li kèk semèn aprè revokasyon li kòm pòtpawòl adjwen #PNH la touswit aprè enstalasyon l. Li fè konnen li viktim de yon mansonj menmjan ak anpil jèn gazon ak jèn fanm nan peyi an 👇
Dosye jounalis ki nan gang
Mèt Renold Georges fè kennen se pa paske yon jounalis ap fè entèvyou ak gang ki fè li nan gang pou sa. Li bay anpil gwo enfòmasyon sou ensekirite nan peyi an 👇
Jeantel Joseph di pa gen wout pa bwa l ap libere Ayiti
Jeantel Joseph ki rele tèt li chèf opozisyon pliryèl la sèmante l ap chavire gouvènman Garry Conille an ak tout KPT a 👇👇
Dosye jounalis ki nan gang
Mèt Anel Remy fè konnen l ap mennen jounalis yo akize ki nan konivans ak gang yo bay DCPJ 👇
Ki chèf gang ki pi pwisan nan peyi an e ki patisipe nan lanmò prezidan Jovenel ?
Gen yon chèf gang ki pi pwisan ke tout chèf gang nan peyi an. Chèf gang sa a se premye responsab nan lanmò prezidan Jovenel. Chèf gang Milo an konn ap kritike Jovenel lajounen epi resevwa gwo lajan nan men l leswa. Ann tande Pè Amòs 👇🏽
Men kiyès ki pi gwo machann bal nan peyi an daprè nèg Arab la
Nèg Arab la soti nan silans li kèk jou aprè l te libere nan prizon. Li bay kondisyon pou l sipòte Garry Conille. Li pase pran Claude Joseph ak Moïse Jean Charles. W ap sezi tande kimoun ki vann plis bal nan peyi an daprè li 👇
Dosye Lapolis Nasyonal
Kisa ki koz polis la paka bay rezilta ?
Kisa ki koz lapolis chaje koripsyon ?
Kisa ki koz operasyon lapolis yo souvan echwe ? An nou tande #SPNH 👇
Dèlma bloke
Moun Solino pran lari an pou manifeste kont chèf gang #Babekyou ki vle anvayi yo, yo bloke tout wout Dèlma a 👇
Laplèn pa gen nèg ak zam sèlman
Lè w di Laplèn ou pa wè nèg ak zam sèlman, gade gwosè bagay k ap pase nan plèn nan 👇