RADIO NJ 94.3 FM Port-Margot -Haïti

RADIO NJ 94.3 FM Port-Margot -Haïti NJ FM 94.3 FM stéréo, la radio de toutes les générations, pour un autre Port-Margot.

01/01/2024
31/12/2022
Me konbyen kòb chak ekip resevwa pou mondyal 2022 aAjantin ekip chanpyon an jwenn 42 milyon dola.Vis chanpyon Lafrans 30...
19/12/2022

Me konbyen kòb chak ekip resevwa pou mondyal 2022 a

Ajantin ekip chanpyon an jwenn 42 milyon dola.
Vis chanpyon Lafrans 30 milyon.
Kowasi 27
Mawòk 25
17 milyon pou ekip ki te fè kadefinal yo
13 milyon pou seleksyon ki rive nan 1/8 final yo
9 milyon pou chak ekip l
Ki te patisipe.

Messi lòm RekòNan zafè mondyal Messi se jwè ki jwe plis match, yon total 26, li pase devan Alman Lothar Matthäus li menm...
19/12/2022

Messi lòm Rekò

Nan zafè mondyal Messi se jwè ki jwe plis match, yon total 26, li pase devan Alman Lothar Matthäus li menm ki jwe 25.

Moun ki jwe plis match yo

Lionel Messi (26) Lothar Matthäus (25) Miroslav Klose (24) Paolo Maldini (23) Cristiano Ronaldo (22) Diego Maradona (21) Uwe Seeler (21) Władyslaw Zmuda (21) Cafu (20) Philipp Lahm (20) Grzegorz Lato (20) Javier Mascherano (20) Bastian Schweinsteiger (20)

Kylian Mbappé egale rekò jwè Anglè Geoffrey Hurst  ki te make 3 gòl nan yon final sa bay yon total 56 ane. Li tou fini p...
19/12/2022

Kylian Mbappé egale rekò jwè Anglè Geoffrey Hurst ki te make 3 gòl nan yon final sa bay yon total 56 ane. Li tou fini premye jwè ki mete 4 gòl nan filè nan yon mondyal.

Nan mondyal 2022 sa genyen yon total 172 gòl make nan yon total 64 match, se yon rekò nan gòl. Messi fini meyè jwè.
19/12/2022

Nan mondyal 2022 sa genyen yon total 172 gòl make nan yon total 64 match, se yon rekò nan gòl. Messi fini meyè jwè.

Pou mondyal Qatar 2022 a, me lis jwè yo ki te pwan katon wouj.
19/12/2022

Pou mondyal Qatar 2022 a, me lis jwè yo ki te pwan katon wouj.

Jwè meyè pasè yo pou mondyal 2022 a.
19/12/2022

Jwè meyè pasè yo pou mondyal 2022 a.

Me lis 3 meyè bitè mondyal 2022 a
18/12/2022

Me lis 3 meyè bitè mondyal 2022 a

Kliyan Mbappé, meyè bitè, soulye Dò mondyal 2022 a.
18/12/2022

Kliyan Mbappé, meyè bitè, soulye Dò mondyal 2022 a.

18/12/2022

Direksyon Radyo a, fyè pou l remèsye tout estaf la, Mathieu, Kotch Sonson, Mastè Bil, Lemercier, ADM, RH, ansanm avèk tout ekip la ki te bay nanm yo pou mondyal la te byen pase.

Felisitasyon.

Mondyal 2022: Ajantin chanpyon gras ak yon mesi fenomenal Ajantin dekroche yon twazyèm etwal koup dimond apre 36 ane, na...
18/12/2022

Mondyal 2022: Ajantin chanpyon gras ak yon mesi fenomenal

Ajantin dekroche yon twazyèm etwal koup dimond apre 36 ane, nan yon match boure ak sispendz, ki te fini 3-3 fas avèk yon ekip peyi Lafrans detèmine, finalman nan tiwobi li bat 4-2.

Nan yon match desizif kote Messi make yon double, Ajantin rive chanpyon nan pwolongasyon, li bat Lafrans 4-2.

Nan premye mitan, Mesi avèk Di Maria te bay avantaj la avèk Ajantin kote l t ap mennen 2-0. Nan dezyèm mitan Mbappé deside pwal fè 2-2 pou l mennen match la nan pwolongasyon kote li make nan 80, 81 minit. Messi pa rete la, li pwal mete dezyèm gòl li nan kan nan 108 tyèm minit.

Lafrans pa deside bay legen, Mbappé pwal fè yon twazyèm gòl nan 118 minit.

Akip Abiceleste a pwal ranpòte koup dimond 2022 a pou yon twazyèm fwa, yo te chanpyon an 1978, 1986.

Se yon koup Messi te konwwate anpil.

Direksyon Radyo Nj

Rankont espesyal, samdi 19 novanm 2022 ansam avèk pèsonèl radyo NJ nan lokal otèl My Friend.
20/11/2022

Rankont espesyal, samdi 19 novanm 2022 ansam avèk pèsonèl radyo NJ nan lokal otèl My Friend.

Rony Célestin, Hervé Fourcand, Gary Bodeau se non 3 majòjon politik sa yo, se minis Afè etranjè, Peyi Kanada Mélanie Jol...
20/11/2022

Rony Célestin, Hervé Fourcand, Gary Bodeau se non 3 majòjon politik sa yo, se minis Afè etranjè, Peyi Kanada Mélanie Joly ki anonse sa jodi samdi 19 novanm 2022 a, nan yon kominike pou laprès.

Kanada di yo sezi tout byen mesye sa yo. Yo gen akizasyon sou do yo kòmkwa, y ap finanse Gang, blanchiman lajan avèk lòt zak kòripsyon.

Yo anonse gen lòt sanksyon k ap vini ankò kont seri de lòt moun.

Direksyon Radyo Nj

03/11/2022

Nekroloji: Eric Jean Baptiste, responsab RNDP, mouri anba bal bandi nan zòn à la Laboul 12

Antreprenè pwopriyetè bank bòlèt Père Éternel lotto epi lidè pati Rasanbleman demokrat nasyonal pwogresis RDNP jwenn lanmò li, pandan li t ap rantre lakay li nan lannwit vandredi 28 pou rive samdi 29 oktòb 2022 nan Laboul 12.

Sa tye pase ozanviwon 9è nan Taraz, kote yon gwoup endivi ame jouk nan dan te atake Eric Jean Baptiste pandan l t ap eseye rantre lakay li. Nan moman li sibi atak la, machin blennde li a pwal chavire, yon ajan sekirite l ki te la avèk li tou mouri sou plas, yo te fè dilijans pou kouri mennen Eric Jean Baptiste lopital men li ta pwal rann souf.

Nan dènye jou sa yo, Laboul tounen Matisan, Kwadèboukè, jan peyi sa pwale la, lavi moun vin pa vle di anyen. Èske peyi s ap plonje pi plis toujou nan katchouboumbe sa?


Redaksyon Radyo NJ

03/11/2022

Adresse

Port Margot
1520

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque RADIO NJ 94.3 FM Port-Margot -Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à RADIO NJ 94.3 FM Port-Margot -Haïti:

Vidéos

Partager


Autres entreprises de médias à Port Margot

Voir Toutes