26/10/2025
FC Barcelone pral fè yon deplasman difisil nan Santiago Bernabéu a pou jwe Clasico kont Real Madrid, nan 10èm jounen LaLiga. Klèb katalan an pibliye yon kominike ofisyèl ayè samdi a pou anonse yon vèritab gwo kantite absan, ak anviwon 7 jwè kle ki pap disponib pou Hansi Flick.
Raphinha, Andreas Christensen, Robert Lewandowski, Dani Olmo, Gaviz Joan Garcia ak Marc-André ter Stegen se lis 7 jwè sa yo ki absan pou match sa.
Sa vle di Barça pral jwe san plizyè poto mitan nan ekip la. Yon gwo kou pou Hansi Flick, pandan Real Madrid, ki gen Kylian Mbappé ak Vinicius Jr, sanble gen plis avantaj sou papye.
Pandan sipòtè ekip la te espere kèk jwè ta retounen, nouvèl sa tonbe tankou yon kout ponya anvan match la. Hansi Flick ap gen yon preparasyon konplike pou Clasico a, malgre efò l ap fè pou bay ekip la yon lòt nivo depi lè li nan tèt ekip la.
✍🏽: Champagne Belfond