![📌Prezidan eli a di klèman, zafè pou yon moun gen plizyè sèks oubyen transjan… li pap konsa. Donald Trump fè konnen, depi...](https://img4.medioq.com/511/932/1003854555119325.jpg)
24/12/2024
📌Prezidan eli a di klèman, zafè pou yon moun gen plizyè sèks oubyen transjan… li pap konsa. Donald Trump fè konnen, depi premye jou li monte sou pouvwa a, lap siyen yon dekrè egzekitif nan sans sa a. Nan desizyon lap pran an, Prezidan Repibliken an di li pral fè yo retire moun ki transjan yo nan lame amerikèn, nan lekòl primè, kolèj ak nan lise. Li di tou, kesyon pou gason ap evolye nan espò feminen an, pap gen bagay konsa. Trump fè deklarasyon sa yo, pandan li tap pale ak sipòte li yo nan kad evènman sa ki tap fèt nan Phoenix (Arizona), ki rele : « America Fest », yon konvansyon òganizasyon « Turning Point USA » reyalize chak ane | FRANCE 24 - CNN | MALAMOD TV
CP Luckson Saint-Vil Journaliste