
12/02/2025
Bonswa tout moun,mwen espere nou anfom.se avèk anpil doulè nan kè nou nap reponn
Onius René ki ekri ZOOM LAKAY AYITI pou mandel bal yon ti esplikasyon sou sak pase Peredo nan kanaval dimanch la. ebyen frèm menm jan tout moun te aprann nouvèl la, se konsa zoom lakay te aprann li tou. yo rapòte nou se yon mesye Marigo ki rele (Pike) pitit Bòbòn moun la Guiillaumonde ki te vin gad kanaval Peredo epi yon lòt moun bal yon kout baton nan http://xn--tt-7ia.se/ byen tris aprè yo vin aprann nou ke li mouri.selon sa anpil moun yo di sanble moun ki bay Pike kou a te kagoule epi li te degize kòm madigra.se tout sa nou ka reponn Onius René paske nou pat live nan kanaval la jou a ni nou pat prezan lè aksyon an te pase a.
Nou pa media ki bezwen nan kouri bay enfòmasyon avan poun vide vant nou.nou oblije pran tan poun chèche vrè enfo yo.nou pap defann patri,nou se yon kap sèvi komin nan avan nou bay yon enfo nou asire nou ke nou konnenl byen paske nou pa vle fè difamasyon
Zoom lakay kondane sak rive peredo dimanch la e imaj sa yo pa bèl e li pa janm bèl pou yap met dlo nan je okenn moun e nan fason sa.
ZOOM LAKAY pat prezan. nou pa ka bay okenn enfòmasyon ki pa fyab. ni poun bay enfòmasyon ta sanble. se tande nou tande menm jan tout moun tande a paske nou pat la e nou pat live nan lari jou dimanch sa. yon moun yo di nou ki pran yon kou nan kanaval nan lari devan tout moun e yo di nou se pat nan nuit sa rive. Nou imajine aprè 2 jou jiska prezan pa gen yon machine lajistis ni lapolis ki vin nan zone nan pou chèche enfo oubyen pou mennen ankèt. Pa gen okenn otorite konsène ki di anyen ni sòti okenn nòt.zoom lakay pa ka bay okenn enfo ke li pa konnen. ke la jjistis fè travay pou pote limyè paske nou menm tou nou ta renmen gen limyè e pou jan de bagay sa yo sispann repete tou
Nou ap fini poun voye senpati pou tout fanmi Pike espesyalman moun Gyillaumonde ke nou konnen ki anba dlo aprè lanmò trajik Pike.Pa gen moun nouvèl lanmò sa pa touche malgre nou pa twò konn fanmi Pike yo apa de Papal Bòbòn ak Otilio ,Merolson,Merold ke nou plis konn gen chans wè.
Bon vwayaj Pike fans FANMI ZOOM LAKAY☑️