Je Ouvri Sou Ayiti - JOUSA

Je Ouvri Sou Ayiti - JOUSA Nou se JOUSA "Je Ouvri Sou Ayiti". Nou gen je nou louvri byen gran sou Ayiti.

11/03/2024

PÈP SOUVEREN BATAY LA NAN MEN NOU!

Li klè, aprè tout sa ki pase nan sosyete a, menm gwoup ame yo, ki se yon gwoup moun mal oryante, yo rekonèt fòs eksklizif la se pèp la, desten peyi a nan men nou pèp la, li lè, li tan pou nou reyaji, nou pa gen twòp tan devan nou, lè a rive pou nou pran devan, pou nou mete tout antite nan plas yo, lè a rive pou nou chase tout malandren politik, tout delenkan ki pase tèt yo kòm defansè dwa moun, pandan nou menm ki se pèp, pa janm gen okenn swadizan defansè moun ki di yon mo pou nou.

Pèp ayisyen fas ak istwa, nou pa ka rete bwa kwaze, ni bay posibilite pou okenn lòt peyi kontinye deside pou Ayiti, sinon nou poko peyi, e nou pa dwe kite lòt peyi kontinye ap konsidere nou kòm koloni, sinon istwa pral gen pou prezante nou, kòm moun ki nan tan modèn nan te volontèman fè chwa pou viv selon yon sistèm ki pa la pou trete nou kòm pèp ki endepandan epi lib, li lè pou nou rekonèt, san zansèt yo pa t koule pou nou mache tèt bese, sa ka rive, se moun ki fèt pou mache tèt bese ki rive chèf peyi sa, ebyen se pèp ki bay pouvwa, lè a rive pou nou chase yo tankou chyen ki pete legliz, leve kanpe!

Anfen, pèp ayisyen, foli kolonize peyi d Ayiti, ki rann Leta lòt peyi, pa sispann manipile nou ak itilize anpil moun ki gen pouvwa ki ap mal mennen nou, pandan se pou byen dirije peyi a yo rive gen pouvwa, lè a rive pou nou krache, ni nan figi Leta lòt peyi sa yo, ni nan figi tout restavèk ki mete tèt yo o sèvis Leta lòt peyi sa yo.

Viv Ayiti! Viv chanjman! Viv devlòpman!

Je Ouvri Sou Ayiti • JOUSA

Banm san wont! 🧐
16/06/2022

Banm san wont! 🧐

Mande padon yo pap padone! Mwen wè yonn nan jou ki sot pase yo ki prostène, nan stil gran moun lontan ki te konn ap di j...
16/06/2022

Mande padon yo pap padone! Mwen wè yonn nan jou ki sot pase yo ki prostène, nan stil gran moun lontan ki te konn ap di jiska tè yo. 😭

Nan sitiyasyon Ayiti ye la se tankou lè yon ayisyen fas ak yon bagay ki pa konsène li, epi li di: Bèf pou wa savann pou ...
31/01/2022

Nan sitiyasyon Ayiti ye la se tankou lè yon ayisyen fas ak yon bagay ki pa konsène li, epi li di: Bèf pou wa savann pou wa yo a demele yo! 🤗 Se konsa JLSA konprann konpòtman pèp la. Antouka si se konsa... chanjman ak devlòpman poko ap sispann elwanye Ayiti pi plis de jou an jou.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1488254649870303235?s=19

Avan tout akizasyon lidè ak militan politik ka pote kont pwisans etranje nan degradasyon Ayiti, li lè pou pèp ayisyen de...
26/01/2022

Avan tout akizasyon lidè ak militan politik ka pote kont pwisans etranje nan degradasyon Ayiti, li lè pou pèp ayisyen dekouvri ak konsyan majorite lidè ak militan sa yo se prensipal responsab sous pwoblèm peyi a. Ayiti se pou ayisyen, chanje ak devlope li depann de ayisyen.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1486396319606489091?s=19

Daprè sa JLSA konprann, nan sa ki gen a wè avèk depa PM Ariel Henry, kontrèman avèk lidè politik ki ap ekzije depa li po...
26/01/2022

Daprè sa JLSA konprann, nan sa ki gen a wè avèk depa PM Ariel Henry, kontrèman avèk lidè politik ki ap ekzije depa li pou fè plas ak yon kolèj prezidansyèl apati de 7 fevriye pou yon tranzisyon... Deja, sanble majorite ayisyen prefere yon sèl gang dirije peyi a olye de senk gang.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1486383708043198466?s=19

Si sou pretèks te pale avèk prezidan N. Maduro ak ale an Afrik (Nigeria) se konsa Leta Peyi Meriken trete Jean-Charles M...
26/01/2022

Si sou pretèks te pale avèk prezidan N. Maduro ak ale an Afrik (Nigeria) se konsa Leta Peyi Meriken trete Jean-Charles Moïse, ebyen pou pale avèk Erdogan (Turquie), epi Poutine (Russie), prezidan Jovenel pa te ka pa abandone, epi asasinen. Je nou ap louvri pi plis chak jou.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1486322642022027264?s=19

Mesaj pou Leta Ameriken! 🇺🇸
24/01/2022

Mesaj pou Leta Ameriken! 🇺🇸

05/12/2021
Problèm Ayiti se pa gwoup sitwayen ki gen non boujwa yo ni peyi ki rele zanmi peyi d Ayiti yo, problèm nan se pito movèz...
18/10/2021

Problèm Ayiti se pa gwoup sitwayen ki gen non boujwa yo ni peyi ki rele zanmi peyi d Ayiti yo, problèm nan se pito movèz gouvènans ki planifye pa kolon modèn yo kòm sitwayen ki swadizan se moun save yo, ki se dirijan, chèf relijye... An gwo, pwoblèm nan se nèg tèt grenn basès.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1450102046414282755?s=19

“Problèm Ayiti se pa gwoup sitwayen ki gen non boujwa yo ni peyi ki rele zanmi peyi d Ayiti yo, problèm nan se pito movèz gouvènans ki planifye pa kolon modèn yo kòm sitwayen ki swadizan se moun save yo, ki se dirijan, chèf relijye... An gwo, pwoblèm nan se nèg tèt grenn basès.”

Sa ki pi di nan batay pou chanjman ak devlòpman peyi d Ayiti anpil sitwayen ayisyen ap reve lontan an. Anpil lidè politi...
15/09/2021

Sa ki pi di nan batay pou chanjman ak devlòpman peyi d Ayiti anpil sitwayen ayisyen ap reve lontan an. Anpil lidè politik ayisyen ap di an nou mache pran yo, pami menm lidè yo ki ap di, wi se pou nou mache pran yo, genyen nan yo ki yo menm ofon se nan mache kontre yo ye.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1438082142903443458?s=19

“Sa ki pi di nan batay pou chanjman ak devlòpman peyi d Ayiti anpil sitwayen ayisyen ap reve lontan an. Anpil lidè politik ayisyen ap di an nou mache pran yo, pami menm lidè yo ki ap di, wi se pou nou mache pran yo, genyen nan yo ki yo menm ofon se nan mache kontre yo ye. ”

Je nou tout ki kwè chanjman ak devlòpman peyi d Ayiti dwe pase pa wout prezidan Jovenel Moïse te pran an louvri byen gra...
23/07/2021

Je nou tout ki kwè chanjman ak devlòpman peyi d Ayiti dwe pase pa wout prezidan Jovenel Moïse te pran an louvri byen gran! Prezidan Jovenel byen vivan nan lespri tout ayisyen ki kwè nan kontinye batay prezidan an te kòmanse a Ayiti ap rive pran wout chanjman ak devlòpman.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1418700407233187844?s=19

Prèske tout batay politik ant opozisyon ak pouvwa, oswa ant pati politik ak pati politik an Ayiti, se toujou tankou yon ...
09/06/2021

Prèske tout batay politik ant opozisyon ak pouvwa, oswa ant pati politik ak pati politik an Ayiti, se toujou tankou yon manje yonn ap manje, lòt ki pa ka manje li a mete sab nan manje a. Lè konsa pèp ayisyen toujou sòti pèdan. Politisyen malonèt ak akolit yo toujou sòti ganyan.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1402713198197972992?s=08

Chanjman konstitisyon peyi d Ayiti, se dènye zèl kat ki rete pou tout ayisyen jwe, pou mete peyi a sou wout chanjman ak ...
30/05/2021

Chanjman konstitisyon peyi d Ayiti, se dènye zèl kat ki rete pou tout ayisyen jwe, pou mete peyi a sou wout chanjman ak devlòpman.

Konstitisyon 29 mas 1987 la, konsta yo klè pou tout ayisyen, pa gen chanjman ak devlòpman Ayiti avèk li.

Nou tout ki ap di toutan nou renmen Ayiti, an nou mete chanjman ak devlòpman Ayiti, avan enterè politik yo, nan politik an Ayiti, an nou sispann anvizaje enterè politik yo, avan enterè nou chak, ki se ayisyen genyen, nan travay nou, nan ideoloji nou ap prone, ak tout lòt inisyativ nou ap antreprann, pou nou fè de pèp ayisyen yon pèp ki gen fyète, pou nou fè de peyi nou, yon peyi tankou tout peyi ki gen onè ak respè.

An nou sispann chire pit ki genyen antre nou, an nou kraze tout baryè ki mete limit ant ayisyen ak ayisyen, an nou di: "Ayiti se nou, nou se Ayiti", malgre tout diferans ki kapab genyen antre nou, an nou panse ak propoze pou Ayiti tout sa ki pozitif nan inite, lapè ak lanmou pou Ayiti.

Viv Ayiti, viv chanjman ak devlòpman!

Fedner Je Louvri

Gonayiv, 30/05/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

Politisyen ayisyen ki onèt ak tèt yo rekonèt konstitisyon 29 mas 1987 la merite chanje, sèlman gen politisyen ki te swet...
29/05/2021

Politisyen ayisyen ki onèt ak tèt yo rekonèt konstitisyon 29 mas 1987 la merite chanje, sèlman gen politisyen ki te swete se sou pouvwa ki pwòch li oswa li se manb pou chanjman konstitisyon an ta fèt. An nou sispann viv yonn prè pou bay lòt gwo pye, jis paske lòt la ap fè pwogrè.

https://twitter.com/jelouvriayiti/status/1398459282040004608?s=08

“Politisyen ayisyen ki onèt ak tèt yo rekonèt konstitisyon 29 mas 1987 la merite chanje, sèlman gen politisyen ki te swete se sou pouvwa ki pwòch li oswa li se manb pou chanjman konstitisyon an ta fèt. An nou sispann viv yonn prè pou bay lòt gwo pye, jis paske lòt la ap fè pwogrè.”

Ayiti/ReferandòmTout ayisyen ki rekonèt konstitisyon 29 mas 1987 la se veritab sous kriz politik ak pwoblèm nan administ...
28/04/2021

Ayiti/Referandòm

Tout ayisyen ki rekonèt konstitisyon 29 mas 1987 la se veritab sous kriz politik ak pwoblèm nan administrasyon piblik nan peyi d Ayiti, referandòm 27 jen 2021 an se pral yon posibilite pou sistèm politik ak administrasyon piblik yo chanje.

Patisipe nan referandòm ki pral fè 27 jen 2021 an, pou chak ayisyen, se pral yon posibilite pou chak ayisyen pran pozisyon nan zafè politik peyi d Ayiti, patisipe nan referandòm nan, se menm jan ak patisipe nan eleksyon, pou yon sitwayen ki chwazi vote yon lidè politik, oswa yon kandida, ki konvenk li nan vizyon li kominike pandan kanpay elektoral.

Menm jan pou yon plan devlòpman defini pou Ayiti, tout lidè politik ayisyen ki fè pati klas politik la, yo dwe kapab chita ansanm pou defini ansanm plan devlòpman an, kote tout lidè kapab plase mo pa yo, se menm jan pou tout ayisyen an jeneral kapab patisipe nan desizyon ki ap pran pou mete Ayiti sou yon lòt wout sou plan politik ak administratif. Tout ayisyen konsène, Ayiti se pou tout ayisyen.

Ayisyen ki di NON ak REFERANDÒM ki pral fèt 27 JEN 2021 yo gen dwa, menm jan lòt ki di WI yo gen dwa. Men sa ki ap pi bon pou ayisyen ki di NON yo chwazi fè, se ale patisipe nan REFERANDÒM nan, yon mannyè pou di NON ak yon vòt olye de fè maronaj oubyen pale san aji. Epi tankou provèb kreyòl la di li: "Nan kase mayi a na kontwòl boujon yo".

Gonayiv, 27/04/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

LI LÈ POU ENSEKIRITE A SISPANN TAYE BANDA NAN PEYI D AYITI.Ensekirite an Ayiti pa yon bagay, ki gen 5 ak 10 lane sèlman ...
24/04/2021

LI LÈ POU ENSEKIRITE A SISPANN TAYE BANDA NAN PEYI D AYITI.

Ensekirite an Ayiti pa yon bagay, ki gen 5 ak 10 lane sèlman depi li pa sispann taye banda nan peyi a, kidonk sa ki ap pase nan peyi a pa nouvo. Se tankou yon ti bouton nan grate li ki rabi, nan frote li ki anvlimen e ki finalman devni maleng. Tankou provèb kreyòl la di li: "Chemen bouton se chemen maleng". Pou nou menm nan "Je Louvri Sou Ayiti",ensekirite a nou konsidere li tankou yon bouton, ki pa jwenn swen nesesè yo ki devni maleng.

Depi djab te kaporal, kriz politik te toujou tankou s*k ki toujou ap vide nan motè Ayiti pou mete li an reta, enstabilite politik pa sispann provoke ensekirite, chomaj, enjistis sosyal ak inegalite sosyal. Aprè tout konpreyansyon "Je Louvri Sou Ayiti" fè, de tout sa ki rezime kriz politik yo, "Je Louvri Sou Ayiti" ap mande pèp ayisyen, kontinye kanpe kwaze bra pou gade jwèt politisyen malonèt yo ap jwe depi djab te kaporal la, pa rantre nan batay pou kontinye satisfè politisyen ki pa gen okenn vizyon pou poze de aksyon ki kapab rann Ayiti retrouve estabilite politik ak pèmèt pèp ayisyen jwenn amelyorasyon sou tout plan.

Gonayiv, 24/04/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

ELEKSYON SE JWÈT DEMOKRATIK TOUT DEMOKRAT JWE. [JLSA]Tout lidè politik ki kwè nan demokrasi, ki reve pran pouvwa, konnen...
22/04/2021

ELEKSYON SE JWÈT DEMOKRATIK TOUT DEMOKRAT JWE. [JLSA]

Tout lidè politik ki kwè nan demokrasi, ki reve pran pouvwa, konnen pa gen wout pa bwa, se pran chemen eleksyon lib e kredib li ye. Tout sitwayen konsekan ki kwè nan demokrasi, ki opoze oswa ki patizan yon kandida, konnen se nan eleksyon pou yo ale pou vote kandida pa yo, konsa kandida ki pral rive jwenn plis vòt la, pral ranpòte eleksyon an aprè tout bilten fini konte.

Pou kontinye, kesyon eleksyon an Ayiti, tout kandida yo gen posibilite, pou yo gen yon ide de vòt yo, byen avan Konsèy Elektoral Pwovizwa oswa Pèmanan (K.E.P.) pibliye rezilta preliminè, paske tout kandida dwe gen mandatè, ki reprezante yo nan chak biro de vòt, yon mannyè pou rapòte a chak kandida konbyen vwa yo fè nan chak biro de vòt.

Pa ekzanp, yon kandida pou depite dwe genyen sipèvizè pou chak sant de vòt, epi yon mandatè nan chak biro de vòt, ki gen nan sant de vòt yo, ki nan komin li poze kandidati li pou depite a. Menm jan an, pou yon kandida pou pòs senatè, kandida pou senatè a bezwen reprezantan, nan tout sant de vòt ak biro de vòt, ki gen nan depatman li swete eli pou senatè a, e pou yon kandida pou pòs prezidan, kandida pou prezidan an bezwen gen reprezantan li, nan tout sant de vòt, e nan tout biro de vòt ki atravè teritwa nasyonal la.

Anfen, Je Louvri Sou Ayiti (JLSA) konprann, lidè politik oswa aspiran kandida, ki pa deside pou pran chemen eleksyon, se swa deja gen yon ide ki di li, selon konsta li fè li p ap ka eli nan eleksyon yo, se wont sèvi kòlè ki ap fèt, tankou provèb kreyòl la di: Pa fè wont sèvi kòlè. Souvan kandida malere yo konteste rezilta eleksyon yo, se sou baz pou yo fè koken nan jwèt demokratik la, paske depi aprè depouyman nan tout biro de vòt nan tout sant de vòt yo, chak mandatè gen pou devwa, rapòte chak kandida yo te reprezante nan biro vòt yo, kobyen vwa kandida yo fè, konsa chak kandida kapab konte, li menm pèsonèlman avèk ekip li, kobyen vwa li fè nan eleksyon an.

Di viv eleksyon se di viv demokrasi!
Viv chanjman ak devlòpman Ayiti!

Gonayiv, 22/04/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

Youri Latortue, deja mèsi pou kolaborasyon ou swete bay nan kad batay kont bandi ame yo nan peyi d Ayiti.   (JLSA)Je Lou...
15/03/2021

Youri Latortue, deja mèsi pou kolaborasyon ou swete bay nan kad batay kont bandi ame yo nan peyi d Ayiti. (JLSA)

Je Louvri Sou Ayiti (JLSA), ap di tankou provèb kreyòl la di: "Se mèt chen ki manyen tèt chen". Pou konbat ak mete yon fen nan istwa, plizyè gwoup bandi ame (gang) ki ekziste sou teritwa nasyonal la, e ki ap simen latwoublay, Je Louvri Sou Ayiti swete ak ankouraje ansyen senatè Youri Latortue kòmanse batay sila nan katye lakay li, kote li te grandi (Raboto, Gonayiv), kote de jèn gason ki ame sou pretèks yo ap defann enterè pèp, poutan ki ame pou batay pou fasilite ansyen senatè a pran kontwòl pouvwa ekzekitif la.

Pou kontinye e pou fini, Je Louvri Sou Ayiti rekonèt sou plan entèlektyèl ansyen senatè Youri gen kapasite, e selon majorite atibonisyen batay pou chanjman ak devlòpman depatman Atibonit ta dwe posib avèk ansyen senatè a, e sitou lè majorite atibonisyen rekonèt ansyen senatè a se yonn nan bèl tèt ki ekziste nan depatman an. Jodia si ansyen senatè a chwazi pote sipò li avèk popilasyon ayisyèn nan, ki pa konn ki sen pou yo rele, menm si anpil atibonisyen konsidere ansyen senatè a kòm yon sendenden (yon sen kanmenm), si li pote sipò li ki pote satisfaksyon pou popilasyon an nan kad batay pou rive kwape bandi ame yo, an retou se ap yon viktwa pou li menm avantou, e pou tout ayisyen an jeneral. Pwoblèm Ayiti se problèm tout ayisyen, ke tout ayisyen fè tèt kole e pran desizyon ansanm pou chanje ak devlope Ayiti!

Gonayiv, 15/03/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

15/03/2021

Ayiti/Politik

Konpreyansyon Je Louvri Sou Ayiti (JLSA) fè de deklarasyon Premye minis Joseph Jouthe ki di li konn pale avèk bandi.

Premye minis Joseph Jouthe montre li trè sevè nan sa li ap di, e li trè ouvè. Je Louvri Sou Ayiti konprann P.M. nan rann li disponib e konfòtab pou li pale avèk tout ayisyen, Je Louvri Sou Ayiti konprann P.M. nan resevwa apèl bandi yo pou li kapab fè kèk dekouvèt pèsonèlman, selon deklarasyon P.M. nan gen kèk enfòmasyon li rive jwenn nan pale avèk bandi yo.

Antouka, Premye minis la di li resevwa tout apèl, e menm apèl bandi ame yo. Konpreyansyon Je Louvri Sou Ayiti fè, P.M. lan pale avèk bandi yo pou yon bòn kòz, sinon li pa t ap mete sa deyò, lòt politisyen ki pa vle pèp ayisyen konnen yo konn pale avèk bandi yo pale avèk bandi pou de movèz kòz, anfen Je Louvri Sou Ayiti swete tout sitwayen ayisyen ki ka reflechi konprann sa.

Gonayiv, 14/03/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

Pou enstitisyon Polis Nasyonal la (PNH) bay toujou bon rezilta nan kontrekare bandi âme yo (gang), fòk efektif polisye y...
14/03/2021

Pou enstitisyon Polis Nasyonal la (PNH) bay toujou bon rezilta nan kontrekare bandi âme yo (gang), fòk efektif polisye yo ogmante ak byen ekipe. (JLSA)

Ayiti : Ensekirite

Anviron 14 000 (katòz mil) polisye pou sekirize anviron 12 000 000 (douz milyon) ayisyen ki abite tout etandi teritwa nasyonal la.

Efektif polisye ki gen nan enstitisyon an pa ka reponn avèk sekirite popilasyon ayisyèn nan, e sa pa yon sekrè pou okenn sitwayen ayisyen, okenn lidè politik ak militan politik ki onèt ak tèt li e ki konsyan de reyalite aktyèl peyi d Ayiti.

Pou kontinye, konbat ensekirite a ki pa sispann vale tèren nan peyi a depi anviron de (2) deseni (depi anviron 20 ane), fòk aparèy jistis la dabò redrese, fòk efektif polisye yo ogmante, epi byen ekipe, e fòk peyi a gen yon fòs Ame ki byen ekipe e byen antrene ki kapab sèvi pèp la ak defann teritwa nasyonal la.

Konsta yo klè pou tout ayisyen e menm pou etranje, kesyon anpil zam ilegal ap s*kile nan peyi a pa sekrè, e sa bay kòm rezilta anpil bandi ame (gang). Anfen pou konbat bandi yo fòk peyi a gen yon fòs Polis ak yon fòs Ame byen antrene e byen ekipe ki kapab fè fas e venk bandi yo, sinon se ap toujou lave men siye atè.

Gonayiv, 14/03/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

Je Louvri Sou Ayiti (JLSA) pou yon aparèy jistis endepandan an Ayiti.Je Louvri Sou Ayiti (JLSA) ap prone pou Ayiti vin g...
14/03/2021

Je Louvri Sou Ayiti (JLSA) pou yon aparèy jistis endepandan an Ayiti.

Je Louvri Sou Ayiti (JLSA) ap prone pou Ayiti vin gen yon aparèy jistis fò, fòk aparèy jistis la endepandan. Li lè pou lajistis sispann manipile pa politisyen, sinon poko ap gen jistis nan peyi a. Li lè pou jij yo ki konstitye aparèy jistis la sispann chwazi sou baz politik.

Je Louvri Sou Ayiti konprann anpil gwo potanta gen posibilite pou yo manipile jij yo ki konstitye aparèy jistis la, se akòz se anpil nan gwo potanta sa yo, ki pèmèt jij sa yo entegre sistèm jidisyè a, jij sa yo pa ka aji selon lalwa sèlman, nan sans pou bay jistis avèk anpil sitwayen ayisyen, ki viktim de enjistis nan peyi a, souvan anpil jij aji pou asire djòb, oswa fè plezi avèk gwo potanta ki te pèmèt yo entegre sistèm jidisyè a. Konsa kòripsyon pa sispann valè tèren.

Anfen, Je Louvri Sou Ayiti ap prone yon aparèy jistis fò, e pou aparèy jistis la fò, fòk li endepandan. Je Louvri Sou Ayiti ap prone pou moun ki etidye dwa vin jij an Ayiti, se nan konkou pou yo patisipe olye de chwazi yo sou baz politik, nan nivo pou devni dwayen se karyè yon jij ki dwe pèmèt li franchi etap yo an deyò de politik. Konsa alavni pèp ayisyen oswa lidè nan tout sektè nan lavi nasyonal la, yo pral kapab pale de yon aparèy jistis fò an Ayiti.

Viv Ayiti, viv yon aparèy jistis fò, aba enjistis sou tout fòm e sou tout plan!

Fedner JEAN-LOUIS

Gonayiv, 14/03/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

Sa se pitit prezidan Jovenel MOÏSE, kidonk gen manb pouvwa a ki voye pitit yo ale etidye deyò peyi a menm janm anpil lid...
08/03/2021

Sa se pitit prezidan Jovenel MOÏSE, kidonk gen manb pouvwa a ki voye pitit yo ale etidye deyò peyi a menm janm anpil lidè nan opozisyon an fè li.

Diferans ki genyen antre 2 antite yo, prezidan Jovenel MOÏSE pa voye pitit li ale lekòl ak respire bon van deyò peyi a pandan li ap anpeche pitit pèp ayisyen ale lekòl an Ayiti epi polye lè pèp ayisyen ap respire a nan boule kaotchou!

N.B (Note Byen): Nenpot sitwayen ka fè voye pitit li etidye nan yon lòt peyi, sèlman li bezwen gen mwayen pou sa. Sa "Je Louvri Sou Ayiti" estime ki grav, se kesyon anpil lidè politik ayisyen voye pitit yo ale etidye deyò Ayiti, epi menm lidè politik sa yo vle tout mwayen pou fè revandikasyon yo pase se bloke lekòl an Ayiti. "LI LÈ LI TAN POU MODALITE BATAY POLITIK POU PRAN POUVWA AN AYITI CHANJE!"

Viv chanjman, viv devlòpman, viv Ayiti!

Gonayiv, 08/03/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

An nou fè yon ti analiz politik pèp ayisyen! [Je Louvri Sou Ayiti]Gen de pèsonalite nan opozisyon an ki te boul grenn Mi...
08/03/2021

An nou fè yon ti analiz politik pèp ayisyen! [Je Louvri Sou Ayiti]

Gen de pèsonalite nan opozisyon an ki te boul grenn Michel MARTELLY, men depi MARTELLY ak ekip li pran pouvwa a nan men yo, pèsonalite sa yo ap fè wont sèvi kòlè. Pèp ayisyen, si boul grenn yon nonm pran pouvwa nan men li, li pa ta dwe vini ap mande pèp pou ede li goumen pou repran pouvwa, epi tankou provèb kreyòl la di: "Kisa frize te fè pou koukou pou koukou ta rele pitit li frizelya." Oke! Nan dènyè eleksyon yo pèp ayisyen te bay kanè avèk majorite lidè ki se manb opozisyon an. Jodia an deyò eleksyon opozisyon an swete repran kontwòl pouvwa ekzekitif la, kòm si opozisyon an deja remake li ka pa ka bon nan eleksyon. E malgre tou, mesye dam opozisyon yo toujou ap pale nan non menm pèp ayisyen sa ki te bay kanè avèk yo nan dènyè eleksyon yo. Antouka "Je Louvri Sou Ayiti" swete mesye dam opozisyon yo resezi yo si yo pa pèdi kontwòl tèt yo, paske pèp ayisyen pa avèk yo! Nan 21èm syèk la, tankou anpil sitwayen ayisyen renmen di li: "Pa gen egare ankò, jodia tout Bouki se filozòf!"

Gonayiv, 08/03/2021

Je Louvri Sou Ayiti

imèl: [email protected]

Sécurité : Le nouveau délégué départemental de l’Artibonite part en guerre contre les banditsLe nouveau délégué départem...
06/03/2021

Sécurité : Le nouveau délégué départemental de l’Artibonite part en guerre contre les bandits

Le nouveau délégué départemental de l’Artibonite, Enock Géné Génélus, a promis, lors de son installation, le 18 janvier, de traquer les bandits et de rétablir un climat de paix dans le département.

« De concert avec la PNH, je traquerai les bandits », a martelé l’ancien commissaire du gouvernement près le tribunal de première instance des Gonaïves.

Aussi, Me Génélus sollicite la collaboration des autorités judiciaires dans le cadre de cette tâche qu’il s’est assignée.

« Je sollicite l’accompagnement de la justice pénale dans le cadre de la mise en œuvre de cette mission afin de redorer le blason de l’Artibonite et des Gonaïves », a-t-il soutenu.

Par ailleurs, Me Génélus a lancé une mise en garde aux personnes qui alimentent les gangs du département en armes et munitions.

« Aux hommes en costumes qui arment les jeunes des quartiers populaires, je lance une mise en garde », a-t-il déclaré d’un ton ferme.

19 février 2021
Gladimyr GALETTE
Source: HAITI24.NET

Le nouveau délégué départemental de l’Artibonite, Enock Géné Génélus, a promis, lors de son installation, le 18 janvier, de traquer les bandits et de rétablir un climat de paix dans le département.

Adresse

Gonaïves

Téléphone

+50938839183

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Je Ouvri Sou Ayiti - JOUSA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Je Ouvri Sou Ayiti - JOUSA:

Partager

Type


Autres Magazine à Gonaïves

Voir Toutes

Tu pourrais aussi aimer