Organisation Socio-Politique Lavi

Organisation Socio-Politique Lavi Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Organisation Socio-Politique Lavi, Agence de médias sociaux, Port-au-Prince, Delmas.

10/04/2024
01/01/2024

2023 rive nan bout li, yon ane ki make tout Ayisyen, yon lane kote tout sosyete a kriye , chak fanmi te gen o mwen 2 viktim , Yon lane Ki te voye anpil Jenn fanm ak Jenn gason jeté Byen lwen , pase Anba dife oubyen pase Anba fil Kay vwazen oubyen riske al pi lwen , yon lane kote lènmi peyi yo parèt a klè ak vizaj yo pou montre Koman yap dechèpiye peyi a nan sipote malfra ak fè represyon bosal sou moun, montre koman yo San pitye pou fanmi nou yo, yon lane kote nou sispann moun , nou viv ak move emosyon , sansasyon ak lenjistis , *pandan dènye jou a rive nan bout li pou n antre nan 2024 la , kisa ´ deside fè Ou menm , nou menm•eske nou vle kontinye ap pran imilyasyon , oubyen eske nap kontinye espére San pa wè kote lespwa ap soti, eske nap kontinye rele viv malfra pou n selman gen atant 1000gdes , pandan peyi a AP fini nèt
*chak jou kèm AP rache lè map sonje fanmi m, zanmim Ki lwenm mpa ka wè , swa ensekirite a kouri dèyè yo, oubyen sila ki petèt gen yon ti lespwa nan mwen ke m paka lonje men ba yo 😭, stress vye panse chak jou pa janm sispan rete nan antouraj mwen,
Chak jou m leve map priye , map veye kilè ma tande Ayisyen parèy mwen a konpran ke se yo Ki pou chanje Ayiti , se yo Ki pou konsyan e Ki dwe pran desizyon pou frenen tout dezod Sa yo,
Jodi a nou vin tonbe Anba grif yon sadik , yon kriminèl, Ki kidnape tout aparèy leta , kap fè piyaj ak represyon sou tout moun Ki pa dakò ak deriv li yo,
Enstitisyon yo Ki ta sipoze gen lòd pou menen peyi a , tout lage nan gagot sou presyon ak enfliyans primati Ki lakoz chak jou grabji pa janm sispann fèt nan peyi a ,
Leta kraze ,

Travese de yon depatman a yon lòt tounen yon mirak pwotestan,
Peyi a fini ,

Mezanmi Ki sa nap tann
Nou pa santi nou tout AP mouri pa ti kal

Sa fèm mal😭

Mwen pap ka di nou bòn ane
Paske fòk nou batay pou n fè ayiti di nou byenvini ,

Ann deside

Munson JEAN

✍🏽
13/12/2023

✍🏽

2003 , 2004 te rezistans kont Prezidan Aristide, Rezistans sa te fèt ak zam , Sa ki lakoz latwoublay te lage nan Peyi a,...
03/12/2023

2003 , 2004 te rezistans kont Prezidan Aristide, Rezistans sa te fèt ak zam , Sa ki lakoz latwoublay te lage nan Peyi a,
Yo arête Guy Phillipe San yon 9mm, Dread Wilme mouri san yo pa pran yon kouto ,pou ´ site sa yo selman , poutan alye rezistans Sa yo vin pran pouvwa a travè Mathely San yo pat janm sispann alimante zam ak bal ,
19 lane apre peyi a pouri , pèp la AP mouri Anba bal , epi nèg AP ranse, paweze fè vye atak , poutan yo kite mò yo yap bay sèkèy , twòp inyorans 😡
Katye popilè yo vin tounen lanfè , tout nèg bezwen fè kòb fasil , lekòl kraze , tout nèg anvi chèf sou fòm pa yo,
Moun pa respekte valè ak prensip ankò, espas pwofesyonèl yo kraze , sistèm leta Ki jere enstitisyon yo pouri ,
Nou nan labou santi ,
Opsyon majorite ti jèn se chwa lanmò , kenbe zam oubyen mouri Anba bal bandi , oubyen Anba bal polisye gang , oubyen riske lage pye yo lòt kote ,

Poutan sansasyon ak chantay tout kalite pa janm sipann fè zen nan mitan nou ,
Mwen regrèt jenerasyon ke m fè pati a lwen e menm trè lwen pou ta itil peyi a ,
Sa fèm mal , ego nou twop , fistrasyon San baz fè n mechan, nou pito manje vyann inosan olye n vanje bouwo yo

Munson JEAN✍🏽✍🏽…

01/07/2023

Moman rive pou lajenès sispan ak inyorans sa ,
Se yon okazyon pou n pa rate ,
Nou dwe seche larivyè inyorans lan
Ann limen flanbo responsabilite a,

Viv lajenès
jean le révolté
2.0

05/09/2022

Nan ti bout videyo sa ki dire anviwon 3 minit, ansyen Prezidan Jean-Bertrand ARISTIDE, kraze tout baryè rivalite lengwistik ke anpil Ayisyen genyen lakay yo.
Selon, Ansyen Prèt Katolik la, "tout lang yo egal".
Toujou daprè, Ansyen Prezidan, lekòl pata sipoze egzije timoun yo chwazi ant fransè oubyen Kreyòl, chwa sa revyen a timoun nan.

04/09/2022

Selon Munson JEAN, membre du Directoire du Secteur Démocratique et Populaire (SDP), "la situation chaotique dans laquelle se trouve le pays est la résultante de l'ingérence de la communauté internationale dans les affaires internes du pays".

"Sa nap Viv jodia se pwodui entènasyonal la" Munson Jean.

🎥Émission "Invité du Midi" Radio Télévision Caraïbes 18 Août 2022.

Adresse

Port-au-Prince
Delmas

Téléphone

+50938663278

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Organisation Socio-Politique Lavi publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Vidéos

Partager

Entreprises De Médias á proximité


Autres Agence de médias sociaux à Delmas

Voir Toutes

Tu pourrais aussi aimer