Ayibobo FM

Ayibobo FM Radyo Kominote Vodou Ayisyen An !

07/11/2023

La vie ! La famille ! La patrie !

04/11/2023

Poukisa se nou ki pou travese pou nal ht?
Poukisa yo paka antre vin van n?

15/10/2023

Li lè wi pou nou bay peyi nou te ede yo bil wi

04/10/2023

E si nou ta wè kenyan yo fè menm jan ak polonè Desalin yo? Sa tap bèl anpil 🪔 Lwa yo pi fò

23/09/2023

Abinader gen chans pa gen kanaval ankò🤣

21/09/2023

Lè wap goumen ak yon moun ki gronèg pase w, se pou montre lap fèw abi pou jwenn yon lòt moun kase dyòl li pou ou😜

21/09/2023

Si nou pa gen moun, nou pap janm gen pèp🤷🏾

18/09/2023

Lide m di m pwoblèm lan se pa kanal, se yon preteks Abinadè ap chèche pou l antre pran tè sou frontyè a.

18/09/2023

Kanal sa a non sèlman ap bay dlo, men li fè nou wè kiyès ki nan kan nou ki vle batay bò kote nou, Ayisyen kou etranje. Lè li fini fòk nou rive sou tout konze ki nan mitan nou.

28/08/2023

Depi lekòl mwen aprann bèje se angrese li angrese twoupo pou labatwa🤷🏾

24/08/2023

Genlè mesye yo se yon konpayi sekirite yo te vin pou ouvè nan peyi a.

19/08/2023

Tropicana son w djazz ki te dwe pibliye lis mizik li pral jwe avan bal. Djazz la tèlman gen hit, fanatik ap fè diskisyon sou mizik li.

17/08/2023

Depi se kantite lajan ki fè nou dakò yon moun reyisi lavi l, nou pap janm gen lòt lidè ke vòlè, visye, ak atoufè.🤷🏾

16/08/2023

Eske nou konnen konbyen pastè ki sèvi lwa, konbyen pè ki gen badji, Konbyen sen legliz ki monte ak wonga, konbyen sè legliz Ezili danse nan tèt yo ? Goumen kont vodou se goumen ak ayiti, vodou tout kote😁

14/08/2023

E si olye nou fè eleksyon chk 5 an, nou ta fè evalyasyon chk 2 zan? Si dirijan fè sal te di lap fè yo, li Kontinye. Sinon li RRI : revoke ranplase imedyatman.

13/08/2023

Eske demokrasi se eleksyon ou byen pèmèt tout moun patisipe nan tout desizyon peyi a?

11/08/2023

Sèl chans afriken yo se fè Desalin yo monte yo🤷🏾

10/08/2023

Gen yon van louvri je kap soufle sou planet la, fòk nou pwofite mete kap nou anlè

09/08/2023

Janm wè bagay la, si nou pa gen tan fè Lafrans peye nou, nou pap jwenn kòb ankò non🤣

09/08/2023

Nou pa bezwen okipe moun kap denigre vodou. Depi gen dòmi ap gen vodou. Moun kap joure yo nap pèdi tan nou. Nou pap ka genyen batay sa a. Depi lan 1500 yap eseye li pa mache, bay vag.

08/08/2023

Pou 14 dawou kap vini an, fè bonbon siwo lakay nou pou tout moun manje. Bay vwazinaj tou.🙏🏾🪔

05/08/2023

M tonbe sou yon video kote yon komisè ap koupe drèd yon jèn gason, jènòm lan rete byen dosil ap kite yo fèl sa. Ou wè misye pat drèd vre, se très li te genyen. Nou paka tounen nan mòd pratik sa yo. Chimen bouton se chimen maleng. Talè yap vin di nou nou pa ka met rad lwa sou nou ou byen nou paka bat tanbou ni limen balèn. Depi la fòk nou kanpe pou pita pa pitris. Alasoooo.

01/08/2023

Depi yon pèp monte drapo l, li antre nan yon batay tout vis tout Kondisyon ak tout lòt peyi.

19/07/2023

M bezwen yon pwofesè syans sosyal pou yon kolaborasyon

14/07/2023

Kisa nou ka fè san èd pèsòn pou Ayiti?

12/07/2023

Ki desizyon ekonomik Ayiti ta dwe pran kap bay maksimòm moun travay?

07/10/2022

Vle pa vle, siklòn lan ap rive sou nou. Nou ka chita tann li, ou byen nou ka pare tann li

Manbo Evronie Georges Auguste Ou ale ou kite dlo nan je nou kap koule men ou ale nap diw bon travese, ke lwa yo resevwaw...
23/03/2022

Manbo Evronie Georges Auguste Ou ale ou kite dlo nan je nou kap koule men ou ale nap diw bon travese, ke lwa yo resevwaw anpe, KNVA, Radio Ayibobo tout kominote vodou an ap diw kew kite yon gro vid nan vi nou chak, ou ale nap kontinye travay la nan non ou woukoukou manbo

15/12/2021

gran gimen avec sur radio ayibobo fm 89.5 chak maten 8h-10h

14/10/2021
06/05/2021
06/05/2021
06/05/2021
06/05/2021
06/05/2021
06/05/2021
26/04/2021
26/04/2021
26/04/2021
26/04/2021

Adresse

34 Delmas 48
Delmas
HTI060

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ayibobo FM publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Ayibobo FM:

Partager