Ayiti Pwomo

Ayiti Pwomo Bon Jan enfomasyon ak Ayiti Pwomo
(1)

Ayiti_EdikasyonEske w te konnen ke se mwens pase 50% reyisit ki genyen nan egzamen bak pèmanan?Ministè edikasyon nasyona...
15/03/2022

Ayiti_Edikasyon

Eske w te konnen ke se mwens pase 50% reyisit ki genyen nan egzamen bak pèmanan?

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la pibliye rezilta konplè bak pèmanan fevriye 2022 a. To reyisit la se 41,29% pou segondè renove (S4) e 47,24% pou segondè tradisyonèl (filo).
Se nan yon kominike ki date 14 mas 2022 ke MENFP anonse piblikasyon rezilta konplè egzamen premyè sesyon bak pèmanan pou ane akademik 2021-2022 a, kite fèt 21 pou rive 24 fevriye pase a.

Sak eksplike ke tout etidyan sa yo pa reyisi? Eske se dekourajman? Eske se mank motivasyon? Eske se strès Peyi sa?
Kisa leta di men-m nan koze edikasyon ki ap degrade de jou an jou pi plis la? Kisa k dwe fèt pou n sove edikasyon nou an.

Hum, ti jèn yo Konn ap di: "Aha lekòl fini nan peyi a" ta sanble lekòl fini vre ui. Men ou Men-m ki jèn vini n fè yon ti koze... Tijèn tande m: Prensipal kle reyisit ou nan vi sa se Edikasyon. Pa koute pyès moun kap dekouraje w Kòmkwa peyi a pa ofri anyen. Eh byen di yo di w se pa vre, peyi a chaje ak opòtinite ok, zafè peyi a pa ofri anyen an se mete yo mete sa nan tèt ou pou yo ka dekouraje w ou Men-m ki se pitit malere ak malerèz(lè-w se pitit nalere ak malerèz ou dwe fè de EDIKASYON chwal batay ou), yap chache dekouraje-w pou w kae toujou rete pa konn li konsa yap toujou sèvi ak ou kòm mayonèt yo. Se nan analfabèt pèp la yo fè bè yo. Yo pa ta renmen wè w Konn li non, paske si w konn li wa pral konn DWA ak Devwa w, yo pap ka manipile w ankò, lèu w edike wap jwenn Travay (Byen ke pa telman gen Travay nan peyi a) pou w mete lajan pou w pran swen fanmi w, fe tout aktivite w eh byen si ekonomikman ou endepandan lè sElEKSYON yo pap jwenn ou pou yo ba w 1000G pou vote pou yo, kidonk si w byen fòme se ap 1 vòt an mwens pou yo.
Mwen di w tout sa yo se yon fason pou m ankouraje w, se vre jounen jodi a peyi ka jan l ye la, men toujou gade espwa ke peyi pa ka rete konsa e pa twò lontan peyi a gen pou rale yon souf e lè sa se moun ki fòme, moun ki Konnen yo ki pral pi byen pase eh byen ou wè enterè ki genyen pou w pa dekouraje. Nan 20-25 an ankò ou aple Pou Vin chèf nan Peyi sa e si w ta renmen fè yon bon dirijan se depi jounen jodi a pou w leve flanbo edikasyon an pi wo. Pa koute pyès moun kap vin fe w kwè ke BARIKAD SE AVNI-W👎. Moun sa yo kap di w koze sa yo se menm yo men-m ki an misyon pou sistèm ki pa vle w Konn li an, sistèm ki vle poul toujou Jwenn ou pou boule kaoutchyou pou... Edikasyon vwa ki mennen sou chimen yon bon demen.

Washington lanse yon pinga bay peyi la Chin kont tout èd yo ta pote bay Larisi nan gè sa ki Genyen nan Peyi Ikrèn nan. L...
15/03/2022

Washington lanse yon pinga bay peyi la Chin kont tout èd yo ta pote bay Larisi nan gè sa ki Genyen nan Peyi Ikrèn nan. La Chin tap pran sanksyon si yo ta pote apwi yo bay laRisi, dapre sa konseye Sekirite nasyonal la, Jake Sullivan endike.

Abone(klike sou ti pous gri 👍anlè adwat la) ak paj la pou w pa rate youn nan pwochèn piblikasyon nou yo & pataje!

  objè de Yon asasinaEske w te konnen PM Ariel Henry pa ekate posibilite ki genyen pou yo ta asasine l sou pouvwa menmja...
14/03/2022

objè de Yon asasina

Eske w te konnen PM Ariel Henry pa ekate posibilite ki genyen pou yo ta asasine l sou pouvwa menmjan ak Jovenel Moise?🤔🤔🤔

Nome kèk jou avan asasina Jovenel Moise, Dr Ariel Henry ki gen Kòm misyon "òganizasyon eleksyon kredib pou kabap retabli stabilite", pa sispann temwanye dout/enkyetyd li genyen pou l ta rive nan bout misyon sila.
Nan yon enntèvyou li te bay (pandan l te nan peyi chili), deklare: "Gen yon gran risk pou-m mouri(asasine) pandan misyon-m, si yo kapab asasine yon prezidan ki gen tout ajan Sekirite sa yo kap gade l anndan chanm li, poukisa pa mwen men-m, mwen pa yon sipè-òm".
Kesyon yo te ap kontinye; PM nan ki santi l menase. "Mwen pa Santi-sa, men mwen konnen sa depi lèm tap antre an fonksyon an". Men PM Ariel Henry pa janm di kibò nenas sa yo ap sòti. E menas sa yo rann lespri PM nan toumante a chak fwa lap pran lari.

Kisa n panse de Deklarasyon PM nan? Map Tann nou nan komantè yo.

Abone (klike sou ti pous gri 👍 anlè adwat la pou w ka abone ak paj la) & pataje kontni nou yo nan tout gwoup ou ye pou-w ka kenbe yon lòt enfòme tou. Mèsi ak ou men-m ki deja abone ak paj a, envite yon Zanmi w abone ak paj la konsa Travay nou yo ap rive touche plis moun. Mèsi ankò paske w chwazi kolabore ak nou 🤗🤗

Pandan 3 jou sa yo (lendi, madi ak mèkredi kap vini la), pwoblèm pou ou si w kite w tonbe malad... Klinik ak lopital pri...
14/03/2022

Pandan 3 jou sa yo (lendi, madi ak mèkredi kap vini la), pwoblèm pou ou si w kite w tonbe malad... Klinik ak lopital prive yo ap fè grèv pandan 3 jou sa yo. Non selman yap fè grèv sa pou denonse ensekirite sa kap blayi kò l chak jou pi plis sou Peyi a men yap fè l yon fason pou egzije liberasyon 2 medsen yo ke bandi kidnape.

N.B. "Pèsòn pa gen dwa tonbe malad a pati lendi pou rive mèkredi".

Klike sou ti pous 👍 GRI ANLÈ ADWAT la pou w ka abone ak paj la konsa wap toujou enfòme de pwochèn piblikasyon nou yo & pataje!

Ansyen jounalis  , Brent Renaud ki se Ameriken, mouri pa bal aprè ke fòs lód ris yo ta fin tire sou machin kote Li te ye...
13/03/2022

Ansyen jounalis , Brent Renaud ki se Ameriken, mouri pa bal aprè ke fòs lód ris yo ta fin tire sou machin kote Li te ye a, li te ak Li Yon lòt jounalis Ameriken ki se Juan Arredondo ki soti blese plis Yon Lot Ikrenyen. Brent Renaud se premye jounalis entranje yo touye an ikrèn depi envazyon an.

N.B. Se otorite ikrenyèn yo ki akize ènmi yo, Sòlda ris yo, Kòmkwa se yo ki tire sou jounalis yo. men li te difisil pou te idantifye nan ki kan bal yo tap soti daprè sa Juan Arredondo ak Ikrenyen an, yo men-m ki ospitalize, fè konnen.


Abone ak paj la(klike sou ti pous gri 👍 anlè adwat la)

Kiyès kap ede n konprann tweet sa mezanmi? Tout sa m fè pou m konprann li mpa arive konprann Li...Ex-PM Claude Joseph pa...
13/03/2022

Kiyès kap ede n konprann tweet sa mezanmi? Tout sa m fè pou m konprann li mpa arive konprann Li...Ex-PM Claude Joseph pa vin pou lapè non🤔🤔🤔🤔🤔🤔🤔🤔

Auteur d'un triplé contre le Tottenham, CR7 devient le buteur le plus prolifique dans toute l'histoire du foot avec ses ...
12/03/2022

Auteur d'un triplé contre le Tottenham, CR7 devient le buteur le plus prolifique dans toute l'histoire du foot avec ses 807 buts et a marqué son 59 ème triplé de sa carrière.

Il continue à faire parler de lui...! Félicitations CR7!!!!👏👏👏👏👏

Abonnez-vous (cliquez sur le p'tit 👍 pouce situé en haut et à droite), partagez & likez!

A la nèg yo mize papa 🤔...yo stil ap woule pèp la nan farin.Pa kale je-n pou n wè kote n ye
12/03/2022

A la nèg yo mize papa 🤔...yo stil ap woule pèp la nan farin.
Pa kale je-n pou n wè kote n ye

12 mas 2021-12 mas 2022: Yon lane depi 5 vanyan gason te tonbe anba bal bandi nan "Village-de-Dieu" pandan yo te nan ope...
12/03/2022

12 mas 2021-12 mas 2022: Yon lane depi 5 vanyan gason te tonbe anba bal bandi nan "Village-de-Dieu" pandan yo te nan operasyon. 5 polisye yo se: Désilus Wislet, Eugène Stanley, Georges R. Vivender, Ariel Poulard, Lucdor Pierre.
Malerezman, jiskaprezan polis nou an toujou enkapab pou al rekipere kò vanyan gason sila yo. Kisa kap fèt? Polis la fèmen je sou sa?

Nan non papa nasyon an, rann omaj ak viktim yo e nou prezante tout senpati nou bay fanmi viktim yo.

C'est fini! Kylian Mbappé va signer avec avec le Réal Madrid dès la semaine prochaine...  Abonnez-vous (Cliquez sur le p...
12/03/2022

C'est fini! Kylian Mbappé va signer avec avec le Réal Madrid dès la semaine prochaine...

Abonnez-vous (Cliquez sur le p'tit 👍 pouce situé en haut et à droite) à la page pour ne pas rater aucunes de nos prochaines publications.

Nouvo prezidan chilyen an, Gabriel Boric pran ofisyèlman fonksyon jodi vandredi 11 mas 2022 sa a Valparaíso devan palman...
12/03/2022

Nouvo prezidan chilyen an, Gabriel Boric pran ofisyèlman fonksyon jodi vandredi 11 mas 2022 sa a Valparaíso devan palman ak yon dizèn delegasyon ofisyèl. Nap raple: PM Ariel Henry te rankontre, pou Yon premye fwa, ak Prezidan Boric ayè jedi a avan envestiti prezidan an

Joyeux anniversaire cher professeur! Bon rekòt kafe! Vin ankouraje prof la ak yon ti mo ankourajman, pwofesè yo bezwen s...
11/03/2022

Joyeux anniversaire cher professeur! Bon rekòt kafe!

Vin ankouraje prof la ak yon ti mo ankourajman, pwofesè yo bezwen soutyen ak sipò nou...Ann ankouraje yo!

Konfime... Katiana Hilaire a été enlevée...🤔
10/03/2022

Konfime... Katiana Hilaire a été enlevée...🤔

Apati dimanch 13 mas kap vini la, lè nasyonal la ap avanse de 60 minut...
09/03/2022

Apati dimanch 13 mas kap vini la, lè nasyonal la ap avanse de 60 minut...

Ann pote kole...!!!Pataje l mezanmi...youn ede lòt!
09/03/2022

Ann pote kole...!!!

Pataje l mezanmi...youn ede lòt!

08/03/2022

*Enfòmasyon pou madi maten 8 mas 2022 sa:*

Nan sa ki gen a wè ak enfòmasyon:

*Nan okazyon 8 mas sa, PM Ariel Henry dedye Yon panse espesyal ak tout fanm Ayisyèn, ki daprè li, se pilye sosyete a. Nan yon tweet li fè, PM nan pat kache sansibilite li genyen nan konba a chak enstan fanm ayisyèn yo

4) * *Yon nouvèl misyon Amerikèn an Ayiti pou fasilite dyalòg ant diferan aktè politik yo*.
Sekretè adjwen operas yon konpli ak stabilizasyon, Anne Witkowsky, nan vizit depi ayè 7 mas la pou rive 9 mas 2022 "Pou rankontre Reprezantan gouvènman Ayisyen an, ak Reprezantan sosyete sivil la nan objektif pou diskite sou meyè chimen ki kap pèmèt sekirite, stabilite ak pwosperite pou Ayiti" , daprè sa Anbasad Etazini nan pòtoprens fè konnen.
..Nou ap retounen pita pou rezimen jounen an. Mèsi ak ou men m kite pran titan pou li nou.

Abone(klike sou ti pous gri anlè adwat la pou w Ka "j'aime" paj la) & pataje! Mèsi!

08/03/2022

*Enfòmasyon pou madi maten 8 mas 2022 sa:*

1) Zak kidnaping yo ap kontinye sou teritwa nasyonal la;
2) gè an ikrèn: Lidè pati politik pitit desalin lan, Moïse Jean Charles, reyaji;
3) 8 mas, jounen entènasyonal dwa fanm, PM Ariel Henry reyaji;
4) Kriz an Ayiti: Yon nouvèl misyon Amerikèn an Ayiti pou fasilite dyalòg... Se ansanm enfòmasyon sa yo nou Genyen pou ou pou maten an.

Nan sa ki gen a wè ak enfòmasyon:

1)Zak kidnaping yo pa sispann nan peyi a:
Pandan jounen dimanch, 6 mas 2022 a, endividi kite chaje gwo zam nan men yo kidnape ansyen kandida o Sena, pou depatman sid la, Roger Martin Augustin anndan lakay li klèsin nan komin taba.

2)lidè pati politik pitit desalin nan, Dr Moïse Jean Charles, frape fò.
Nan yon sòti li fè, Dr Moïse Jean Charles, aplodi trè fò vizit delegasyon USA nan venezyela. Pandan li kontinye pou-l di li pa bezwen Konnen sa k te di paske 2 peyi yo granmoun: yo lib pou yo chita ak peyi/moun yo vle(kontrèman ak Ameriken kite mande l sa l te di ak prezidan Maduro lè yo te rankontre a...) pandan lap swete yo "Nou swete yo bon kowoperasyon; nan respè youn pou lòt".
Konfli ikrèn/larisi: Lidè a reyaji.
Lidè Pati politik Pitit Dessalines lan, Moïse Jean Charles, kondane: OTAN, UE, USA. Ki daprè li men-m, pa favorize lapè. Pandan lap pwone dyalòg "Nou ankouraje dyalòg pou Yon lapè dirab nan enterè 2 pèp yo".

3) #8 mars_, ,

*Nan okazyon 8 mas sa, PM Ariel Henry dedye Yon panse espesyal ak tout fanm Ayisyèn, ki daprè li, se pilye sosyete a. Nan yon tweet li fè, PM nan pat kache sansibilite li genyen nan konba a chak enstan fanm ayisyèn yo ap livre yo pou kapab reziste ak lavi. PM Ariel Henry reyitere volonte ke gouvènman li an genyen pou travay nan lide pou chanje lavi fanm sa yo.

4) * *Yon nouvèl misyon Amerikèn an Ayiti pou fasilite dyalòg ant diferan aktè politik yo*.
Sekretè adjwen operasyon konpli ak stabilizasyon, Anne Witkowsky, nan vizit depi ayè 7 mas la pou rive 9 mas 2022.

 Gè nan peyi IkrènNan yon ti video ki dire anviwon 21s ke prezidan peyi Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky, sot pataje sou fa...
07/03/2022



Gè nan peyi Ikrèn

Nan yon ti video ki dire anviwon 21s ke prezidan peyi Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky, sot pataje sou facebook li fè Konnen: "Map rete a Kyèv, mwen pa kache. Mwen pa pè pèsòn. Mpral fè tout sa m dwe fè pou m genyen gè sa".

Abone(klike sou ti pous gri 👍 anlè adwat la) ak paj la pou w pa rate okenn nan pwochèn piblikasyon Nou yo. Mèsi!

Men 4 kondisyon endispensab pou kapab gen eleksyon nan Peyi a, san 4 kondisyon sa yo pa gen okenn eleksyon kap ka fèt na...
07/03/2022

Men 4 kondisyon endispensab pou kapab gen eleksyon nan Peyi a, san 4 kondisyon sa yo pa gen okenn eleksyon kap ka fèt nan peyi sa daprè mèt mèdam mèsye...

 :  Les responsables des gardes-côtes américains ont intercepté, ce dimanche 6 mars 2022, à Floride, un bateau sur leque...
07/03/2022

:

Les responsables des gardes-côtes américains ont intercepté, ce dimanche 6 mars 2022, à Floride, un bateau sur lequel se trouvaient plus de 150 migrants haïtiens. Ces derniers étaient à bord d'un bateau en bois au nord de key Largo rapporte le journal américain . C'est déjà le troisième groupe de migrants haïtiens interceptés en mer en une semaine entre Haïti et les États-Unis.

Les haïtiens ne veulent plus rester dans le pays. Ils veulent "aller chercher la vie" ailleurs. Ils en ont marre de cette situation d'insécurité que connaisse notre chère Haïti. Que devons-nous faire pour y rémedier? Faudrait-il exterminer les gangs? Est-ce ça la solution? Pour dire mieux, s'agit-il de "l'incapacité inconsciente" de nos soi-disant dirigeants? Ce sont eux vraiment les principaux responsables de cette situation? N'est-ce pas toi le responsable? N'est-ce pas moi le responsable? N'est-ce pas nous les responsables? (Ui, se nou ki responsab, m sezi wè pou eta peyi sa ye la epi ayisyen rete sou blòk glas yo tankou tout bagay ap byen mache) -w responsab m de move an, Ann_leve_kanpe_nan_yon_sèl_vwa_pou-n_di: ! ! ! Devrions-nous faire un remaniement ministeriel ou devrions-nous prendre le chemin qui mène aux élections? Organiser des élections(élire un président qui pourra prendre "la barque du pays" en main), ce sera ça la véritable solution aux problèmes d'Haïti?

Sinon, que devrions-nous faire pour pallier les différents problèmes de notre chère p'tite patrie, Haïti? On vous attend en commentaire!

Abonnez-vous, Partagez, likez & commentez! Merci!
-vous_

Nan peyi Itali, popilasyon an ak gouvènman vrèman mobilize pou pote èd (soutyen) yo bay refijye Ikrenyen yo.Klike sou ti...
06/03/2022

Nan peyi Itali, popilasyon an ak gouvènman vrèman mobilize pou pote èd (soutyen) yo bay refijye Ikrenyen yo.

Klike sou ti pous gri 👍 anlè adwat la pou w kapab ABONE ak paj la. Mèsi!

Gè an Ikrèn: Plis pase 1,5 milyon refijye gentan kouri kite Ikrèn nan 10 jou. Klike sou ti pous👍 GRI ANLÈ ADWAT la pou w...
06/03/2022

Gè an Ikrèn: Plis pase 1,5 milyon refijye gentan kouri kite Ikrèn nan 10 jou.

Klike sou ti pous👍 GRI ANLÈ ADWAT la pou w kapab ABONE ak nou. Mèsi!

Selon Ex-Gouvènè Kanada, Michaëlle Jean, Aryel Henry pa gen okenn lejitimite pou l òganize eleksyon nan peyi a...Abone w...
05/03/2022

Selon Ex-Gouvènè Kanada, Michaëlle Jean, Aryel Henry pa gen okenn lejitimite pou l òganize eleksyon nan peyi a...

Abone w ak paj la pou-w ka toujou okouran de pwochèn piblikasyon nou yo: klike sou ti pous gri anlè adwat la👍👍👍👍👍👍. Mèsi!

4 moun viktim anba men gang nan Maryani pami yo polisye Mackenson Bontemps...Abone w ak paj la, Pataje & like! Mèsi !
05/03/2022

4 moun viktim anba men gang nan Maryani pami yo polisye Mackenson Bontemps...

Abone w ak paj la, Pataje & like! Mèsi !

La prezidans ap raple ak tout ansyen anplwaye li yo...Nan yo kominike ki pote sinyati SG palè nasyonal la, Dr Josué Pier...
05/03/2022

La prezidans ap raple ak tout ansyen anplwaye li yo...

Nan yo kominike ki pote sinyati SG palè nasyonal la, Dr Josué Pierre Louis, tout ansyen anplwaye palè nasyonal yo gen yon delè 16 jou pou pote tounen tout veyikil (machin) ke lEta te mete a dispozisyon yo, ou kapab Li nan kominike ki date 24 fevriye 2022 pase a.

Atansyon pa kapon...!
05/03/2022

Atansyon pa kapon...!

Rete veyatif!
05/03/2022

Rete veyatif!

Aktyalite entènasyonal: Pwòch Donald Trump, Lindsey Graham, senatè repibliken, fè apèl ak Ris yo pou yo asasine prezidan...
04/03/2022

Aktyalite entènasyonal:

Pwòch Donald Trump, Lindsey Graham, senatè repibliken, fè apèl ak Ris yo pou yo asasine prezidan peyi Larisi a, Vladimir Poutine.

Ayiti/ensekiriteZafè ensekirite a te lajman debat ( nou te palé anpil sou kesyon sa) nan 33zyèm reyinion CARICOMorg la. ...
04/03/2022

Ayiti/ensekirite

Zafè ensekirite a te lajman debat ( nou te palé anpil sou kesyon sa) nan 33zyèm reyinion CARICOMorg la. Nou te pwofite de sa pou n solisite(mande) soutyen òganizasyon sila nan lit san parèy(achane) nap mennen kont fenomèn sa(fenomèn ensekirite a).
Daprè sa n kapab li sou kont tweeter PM Ariel Henry.

Abone w ak paj la si w poko fè sa & nou di mèsi ak moun ki deja fè sa e Yon gwo mèsi ak ou men m ki pral klike kounye la men m sou ti pous gri anlè adwat la👍👍👍👍. Pataje!

Enfòmasyon:Ayiti/eleksyonPM Ariel Henry anonse, jodi vandredi 04 mas 2022 a ke pa trò lontan ap gen yon misyon eksplorat...
04/03/2022

Enfòmasyon:

Ayiti/eleksyon

PM Ariel Henry anonse, jodi vandredi 04 mas 2022 a ke pa trò lontan ap gen yon misyon eksploratwa zanmi karikòm kap debake nan peyi a.
PM nan ale pi lwen pou l di ke, objektif misyon sa pa lòt ke vin gade kòman yo ka ede n mete an plas estrikti ak kondisyon pou eleksyon ka rive reyalize nan peyi a san patipri, ak tout transparans.
Ou kapab jwenn deklarasyon sila sou kont tweeter PM nan.

Abone w ak paj la si w poko fè sa & si w fè sa nou di w mèsi e sa montre nou kòman Travay nap fè a itil ou. Mèsi ankò! Pataje!

Adresse

Delmas

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ayiti Pwomo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Vidéos

Partager


Autres Société de médias/d’actualités à Delmas

Voir Toutes

Tu pourrais aussi aimer