08/08/2021
AYITI-ENSEKIRITE: MATISAN SITE DE TENÈB AYITI
Deja plis pase 21 lane depi antre Sid peyi a tounen yon site tenèb kote plizyè moun deja pèdi lavi yo, nan yon ti vizit riske redaktè an chèf BON ZANMI INFO tanmen nan Matisan ak Fontamara pou Lendi 2 Dawout 2021 an pou rive Madi 3 Dawout la se avèk anpil tristès li konstate jan chen ap manje kadav moun ki tonbe anba bal Bandi, sak pi etonan li fè konnen lè machin nan derape li pral rive nan espas sa ou ka konstate jan pasajè yo ap mande pou Bondye pwoteje yo, tout ap founi je gade sa k'ap pase nan zòn nan, chofè yo mande tout moun ki anndan machin nan fèmen telefòn yo oubyen mete yo sou silans sak pi etonan zòn nan sanble yon kote gwo gè te pase jan sa konn fèt nan peyi Oksidan yo.
N'ap fè konnen yon total sis (6) chèf leta pase nan peryòd 21 lane sa nan tèt peyi a kat (4) ladan yo te gen yon manda 5 lane tankou Jean Bertrand ARISTIDE, René Garcia PRÉVAL, Joseph Michel MARTELI, Jovenel MOÏSE ak De (2) lòt kite pwovizwa tankou Boniface ALEXANDRE, Jocelerme PRIVERT youn pa rive jwenn yon solisyon a sa k'ap pase nan antre Matisan ki pèmèt koneksyon fèt ak kat (4) lòt depatman nan peyi a.
Gouvènman sou gouvènman chanje poutan gwoup gang sa yo vin pi rezistan pandan plizyè fanmi kontinye ap degrennen ki koz manman ak papa pèdi pitit, pitit pèdi manman ak papa san konte sila yo ki pèdi tout sa yo te posede k'ap dòmi nan lari, k'ap pran imilyasyon nan anpil lòt moun y'al mande sekou.
Ekipman sou ekipman chanje jis pou kontrekare bandi sila yo pandan yo menm se sèlman zam y'achte pou fè fas a lapolis, PNH la genyen sant fòmasyon, Bandi yo yo menm menm nan tèritwa yo nou pa kwè yo gen yon espas pou antrene.
Site tenèb sa deja pote ale timoun, elèv lekòl, etidyan inivèsite, enfimyè, jounalis, polisye, chofè moto, chofè tap tap, chofè trelè, bandi nan sans sa grenn kesyon ke n'ap poze èske se lè youn nan moun sa yo viktim ou mouri nan Matisan ap gen yon solisyon ki pran ? tankou:
Prezidan
Minis
Senatè
Depite
Direktè jeneral
Paske malere malerèz bouke ak soufrans sa yo.