Radio Dame-Marie

Radio Dame-Marie c'est une radio communautaire créée depuis septembre 1990 par L. Emilio Passe avec le support du sénateur Riché.

information, formation, éducation, distraction, évangélisation c'est notre mission.

04/04/2023

OPL/Dammarie en deuil

*Annonce mortuaire*

Port-au-Prince, le 3 avril 2023

Le Comité Exécutif National a appris avec infiniment de peine la nouvelle du décès de Monsieur Dikens Jean, membre de la Coordination communale de l'OPL à Dammarie.

Celui qui était venu au monde le 24 août 1974 s'est éteint dans la nuit du 28 mars 2023. Ses funérailles seront chantées au matin du mercredi 5 avril en cours et il sera mis en terre immédiatement après.

Le CEN présente ses condoléances à la famille du défunt, ses amis, ses proches, la Coordination communale, ainsi qu'à l'ex Député Jean Acluch Louis-Jeune.

Que l'âme du défunt repose en paix!

Danio SIRIACK
Coordonnateur à la Communication

03/10/2022

Pou jodi lendi 03 oktob la, tansyon an cho anpil na vil Dammari suit a mouvman pwotestasyon ki te genyen maten an.
Katouch tire, anpil woch tire e gen moun ki viktim.
Ta sanble mouvman vire an konfwontasyon ant 2 kan.
Gwoup dèyè mache ak gwoup kap pwoteje depo dp Curolo

Men kòman sa ye nan jeremi anba ponp kafou tifontenn lan pou moun yo fè yon ti gaz.
10/09/2022

Men kòman sa ye nan jeremi anba ponp kafou tifontenn lan pou moun yo fè yon ti gaz.

08/09/2022

Joyeux anniversaire à la radio Dame-Marie
08 sept 1990-08 sept 2022
***32 ans***

08/08/2022

Avèk anpil lapenn nouvèl lanmò Mèt Viau Siméon rive jwenn nou maten an. Pèsonn pat atann ak yon nouvèl si tris konsa.
Se sak lavi. Ou wè jou w vini ou pa konn ki jou w prale.
Kòm ansyen direktè programasyon radio a e ansyen kad nan lakou demokrasi, radio Dammari koube l byen ba devan lanmò gwo gason sa e nou anonse oditwa nou an ke soti jodi a rive demen pwogramasyon radio a ap chanje pou jwe mizik ki lye a sikonstans lan.

Nou swete fanmi an bon kouraj pou travèse move moman sa.

RIP mèt Viau, Dammari pap janm bliye w.

18/06/2022

Dame-Marie a besoin d'un climat de paix, de l'union entre tous ses fils, filles et secteurs sans hypocrisie pour obtenir le résultat espéré par tous.
L'union fait la force.

**Menacer est une preuve de faiblesse et de maladresse. Attaquer est une preuve de courage, généralement mal utilisé. Prendre l'initiative du dialogue est une preuve d'intelligence**

Bon weekend

09/06/2022

Avèk anpil tristès RDM ap anonse nouvèl lanmò trajik pitit fi senatè Riché Andris aprè midi mèkredi 8 jwen an nan Miami an Floride. Yon aksidan machin retire lavi l pandan l sot chèche pitit li lekòl. Se yon gwo doulè ki frape senatè Riché ak tout rès fanmi an.

kondoleyans epi kouraj a tout fanmi an,

Bon travèse pou nanm defen an!

07/06/2022

Ou kwè se te plan sa vre?
Muscadin sanble pa piti
Ann tande Guerrier Henry kap esplike

04/06/2022

4 juin
Joyeux anniversaire à notre Directeur Ingénieur Poncelet Sainmerville.

Byen fete kamarad.

27/11/2021

Alexander Galvez (prezantatè ribrik ti koze nan panyòl nan jounal gran boulca sou RTVC) ta viktim de zak kidnapin sou wout malpas la.
Ta sanble se neg 400 mawozo yo ki frape.

Jodi vandredi 26 novanm lan responsab TPTC nan grandans deside monte yon mi apre w fin travese pon grandans lan (nan dir...
27/11/2021

Jodi vandredi 26 novanm lan responsab TPTC nan grandans deside monte yon mi apre w fin travese pon grandans lan (nan direksyon chato) nan lide pou bloke pasaj machin byenke lapolis te gen lod pou pa kite machin pase sou li depi apre 14 out. Eske se polisye ki pa gen nan jeremi anko oubyen yo pa fe travay la?
Saw panse de dezisyon sa?

26/11/2021

Nan tranbleman tè 14 out pase a, Pon rivyè grandans lan te sibi gwo domaj. Apre evalyasyon ouvraj da sa pa kèk ekspè nan lame amerikèn yo te entèdi sikilasyon sou li epi opte pou konstriksyon yon pon flotan (pwovizwa) nan zòn vètigo ke fim Eccomar ap gen pou fè. Jodi vandredi a materyèl pou kontrui pon flotan sa komanse debake sou waf jeremi.
A raple depi apre 14 out la se rivyè a machin yo oblije pase pou rantre e soti jeremi.

Direksyon Radio Dammari ap remèsye tout moun ki te sipòte radio a nan moman difisil ke n tap travèse a koz disfonksyonal...
23/11/2021

Direksyon Radio Dammari ap remèsye tout moun ki te sipòte radio a nan moman difisil ke n tap travèse a koz disfonksyonalite sistèm enèji solè nou depi kèk mwa, sa ki te mete nou nan sitiyasyon pou achte gazolin ke mwayen n pat pèmèt chak jou.
Gras ak Sipò senatè Riché ke nap pwofite remèsye pwoblèm enèji a rezoud sa ki pral pèmèt nou reprann programasyon nou tankou sa te ye avan.
Deja nou swete tout oditè nou bon ekout.

19/09/2021

18 septann 2021.
Final chanpyona toujou poko ka fèt.
Nou te gen pou n jwe 31 match o total.
Nou rive nan 30èm match lan.
Tout popilasyon an te ka konstate jefò nou pou abouti a chanpyona.
Nou fè tout jefò pou koup, meday, trofe endividyèl yo te deja dammari depi 4 septanm (mèsi a Jonathan ki te asire transpò a pou nou)
Prim 1e ak 2e disponib.
Radio Dammari pa bezwen chanpyon. Nou pat fè chanpyona pou l te fini pa vag vyolans ou represyon. Football se Faire-play.
Mèsi a Jeunel Nelson ki toujou montre anvi l genyen pou final la fèt.
Pitit Dammari yo ede n jwenn yon solisyon pou sa fini. Nou vle sa fini.

Radio Dammari prezante eskiz a tout gran piblik la ki te toujou fè deplasman vin asiste match yo,  a staf ekip FC Digita...
09/09/2021

Radio Dammari prezante eskiz a tout gran piblik la ki te toujou fè deplasman vin asiste match yo, a staf ekip FC Digital la (ki te deja kalifye) e tout fanatik li yo ki te deja prepare pou vin jwe final la.
Tout preparasyon yo te fèt. Nou te pare pou final chanpyona paske depi nan dimanch tout trofe, meday te gentan rive Dammari.
Malerezman nan lendi 6 sept deblozay te pete nan match Aigle Noir-San pran souf la pou n te konnen kiyès ki pral nan final ak FC Digital.
Tout popilasyon an te konstate sa.
Pa rapò ak tout sa ki tap di, Pou pwoteje vi nou, nou te oblije kanpe final la.
Radio Dammari pat fè chanpyona pou l te chanpyon, e l pap chanpyon.
Final la pa rive fèt, men radio Dammari pa chanpyon.
Nou pral chita ak ekip yo pou finalize tout bagay nan enterè yo.
Mèsi anpil a tout moun ki toujou kanpe ak nou menm nan moman difisil yo.
Nan Dammari, fò w gen fyèl.

Radio Dame-Marie deja pare pou final la. Tout sa yo deja Dammari la pou n remèt nan final la. Nap mande ekip yo anpil fa...
06/09/2021

Radio Dame-Marie deja pare pou final la.
Tout sa yo deja Dammari la pou n remèt nan final la.
Nap mande ekip yo anpil fair-play.
Nou fè plis deja ke sa n rete.
Randevou 8 sept sou teren nativite depi l fè 4h00.

06/09/2021

Yè dimanch 5 sept lan, apre 90 mn boul match aigle noir vs San pran souf la fini 0-0. Nan seyans penalti tout 22 jwè yo reyisi penalite yo.
Kòm pa gen ekleraj sou teren an, match la fini la.
Rezon ki fè nou poko konnen 2e ekip ki kalifye pou final la.
Aprè midi a 5h boul randevou kase sou teren nativite pou rive depataje 2 ekip sa yo.

Adresse

Dame-Marie
HT7221

Téléphone

+50943932505

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Dame-Marie publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Dame-Marie:

Vidéos

Partager