HAÏTI SPORT AGOGO

HAÏTI SPORT AGOGO Toutes les actualités sportives locale en temps réel.

Officiel🇭🇹🔥🙌🏾 :Nou Gen 2 Zan Nap Fèl Nan Peyi A Depi Se Chanpyona Vakans, Antrepriz Pwomosyon Journaliste Deni Black Ap ...
11/02/2024

Officiel🇭🇹🔥🙌🏾 :

Nou Gen 2 Zan Nap Fèl Nan Peyi A Depi Se Chanpyona Vakans, Antrepriz Pwomosyon Journaliste Deni Black Ap Pwomot Jwè Kap Jwe Chanpyona Vakans Tout Kote Nan Peyi A Via Rezo Yo

Dat Enskripsyon : 1er Avril 2024
Fin Enskripsyon : 2 Mai 2024
Pri Enskripsyon : 250 Gdes
Plas : 22 Jwè

N.B : Antrepriz Lan La Pou Pwomot Jwè Kap Jwe Chanpyona Vakans Selman Nan Peyi A🇭🇹⚽🙏

15/10/2023

M raple m an 2018 lè m aprann ekri atik lè teks Mwen gen erè gen plizyè Jounalis nan Forum Sport Local la ki te konn ap kritike m san reflechi ke se renmen m te renmen sa Mtap fè an men gen Yon nivo m potko genyen men ou konnen nan Moman misye pat janm pami Moun kap kritike yo okontrè li ekrim privé épi li ede m fè koreksyon an

Caleb Jephté Pierre pa Yon nèg kap baw kritik négatif yo an piblik e li ankourajan se vre denye tan sa yo nou pa twò pale men misye konnen Nivo patnè m Ak li pap chanje

E Nan moman misye AP kontan ke si Map ekri Yon atik pap gen kè kase Pou Mwen koz li t fe Travay pa l e Mwen mete li an Pratik , Caleb pa Yon rival pou mwen men okontrè se Yon Moun mvle depase e fè plus men ki pap fasil

An pasan m renmen travay wap fè sou rezo sosyal yo mann paske Travay sa mande kouraj paske ayiti pa mérité sa

Happy birthday to you alye

Je n’ose imaginer combien il t’est difficile de continuer à vivre comme si rien n’avait changé alors que tu traverse une...
09/10/2023

Je n’ose imaginer combien il t’est difficile de continuer à vivre comme si rien n’avait changé alors que tu traverse une telle épreuve.

Je suis bien conscient que face à la perte de ta maman, personne ne peut comprendre tout à fait ce que tu ressens.Personne ne peut savoir à quel point c’est douloureux, il m’est très difficile de trouver les mots juste pour exprimer mon désarroi face à ta douleur mais rappelle-toi vos beaux souvenirs et rattache-toi à eux pour trouver l’envie de vivre pleinement à nouveau pour honorer sa mémoire.

Sur ce l’entreprise Promotion Journaliste Deni-Black souhaite à DESAMOURS Schneider Ex joueur de l’équipe Real Hope FA et actuel joueur de l’équipe Association Sportive Capoise qui a perdu sa mère🥺😭.

04/10/2023
Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan Chanpyona Vakans Coupe Moïse Jean Charles (Baryè Batan), nan kad D...
01/10/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan Chanpyona Vakans Coupe Moïse Jean Charles (Baryè Batan), nan kad Demi Final, ekip All Stars la rive bat ekip JSBM lan (2-0) e kalifye pou final Chanpyona sila.
Duckensley Louis ak Louis Orlando Adema yo te prezan pou ekip All Stars la e patisipe nan bèl viktwa sila.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Danach (Latibonit), ekip Mèt Beton FC rive ...
01/10/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Danach (Latibonit), ekip Mèt Beton FC rive bat ekip T Junior FC a (3-0) a sakre Chanpyon Chanpyona Vakans sila.
Sete yon bèl match, kote anpil moun te fe deplasman pou te vinn asiste final sila.
Gilles Evenson te prezan pou Mèt Beton FC a e rive pran premye tit li pou vakans 2023 a

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Yeswa, nan final Chanpyona Vakans Kafou Lacho, kote Plizyè te prezan nan final sila...
01/10/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Yeswa, nan final Chanpyona Vakans Kafou Lacho, kote Plizyè te prezan nan final sila, ekip Cityzen FC a rive tonbe (2-0) fas la Belle Equipe.
Joseph Dos Santos te prezan pou ekip Cityzen FC a, domaj li pa rive Chanpyon.
Nap raple nou ke Joseph Dos Santos se li ki fini meyè bitè Chanpyona ak 6 gòl.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :   Ednel Lucien bitè ⚽🇭🇹💥Aswè a, nan kad 1/4 de final Chanpyona Vakans Parc Sainte ...
01/10/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Ednel Lucien bitè ⚽🇭🇹💥

Aswè a, nan kad 1/4 de final Chanpyona Vakans Parc Sainte Claire, ekip Antre Nou FC a rive kraze ekip Bwèl Nèt la (4-0) e tou kalifye pou Demi Final Chanpyona Sila.
Ednel Lucien te make yon gòl pou ekip Antre Nou FC a.
Marcken Fene ak Yves Adlin Dorimain dit Bafana te prezan pou ekip Antre Nou FC a tou.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan Chanpyona Vakans Coupe Moïse Jean Charles (Baryè Batan), nan kad D...
01/10/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan Chanpyona Vakans Coupe Moïse Jean Charles (Baryè Batan), nan kad Demi Final Chanpyona Sila, match nil e vyèj (0-0) ant ekip Volontaires e ekip Union FC a, yo rive nan seyans tirobi (5-4) an favè ekip Volontaires a ki rive Kalifye pou final.
Wandy Prospère ak Monfiston Jules F. yo te prezan pou ekip Union FC a, domaj yo pa rive nan final.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :      Gilles Evenson bitè 💥🇭🇹⚽Aprè midi a, nan Chanpyona Vakans Jandeni, nan kad 1/...
27/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :
Gilles Evenson bitè 💥🇭🇹⚽

Aprè midi a, nan Chanpyona Vakans Jandeni, nan kad 1/4 de final Chanpyona Vakans sila, ekip Bouskando rive bat ekip ZapZap (1-0) e se gras ak Gilles Evenson, epi yo tou rive kalifye Demi Final Chanpyona Sila.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Yè nan final Chanpyona Vakans Hinche, kote se youn (1) nan pi gwo Chanpyona Vakans ...
25/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Yè nan final Chanpyona Vakans Hinche, kote se youn (1) nan pi gwo Chanpyona Vakans vil sa, anpil moun te prezan.
Match nil e vyèj (0-0) ant ekip Bon Guinen FC e fas ekip FC Maïsad la, yo rive nan seyans tirobi (5-4) an favè ekip Bon Guinen FC a, ki rive Chanpyon Chanpyona sila.
Louis Orlando Adema, Talson Charléus ak Yves Adlin Dorimain dit Bafana yo te prezan pou ekip Bon Guinen FC a.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Delmas 19, match nil (2-2) ant ekip Siro AC...
25/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Delmas 19, match nil (2-2) ant ekip Siro AC a e ekip KBB a, yo rive nan seyans tirobi (7-6) an favè ekip KBB a.
Remé Yvens te prezan pou ekip Siro AC a.
Malgre li pa pran tit Chanpyon an, Remé Yvens fini meyè jwè Chanpyona a e fini 2e meyè bitè tou.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Coupe de la Fraternité (Saint Marc), kote e...
25/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Coupe de la Fraternité (Saint Marc), kote ekip Ti Chapo FC a rive tonbe (2-1) fas ekip Genie de Pont Sondé a.
Anpil moun te prezan pou te asiste final sila, men se ekip Genie de Pont Sondé a ki sakre Chanpyon.
Atakam Jean Roberto te prezan pou ekip Ti Chapo FC a.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :     Ednel Lucien bitè ⚽🇭🇹💥Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Bois Monquette, ...
24/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :
Ednel Lucien bitè ⚽🇭🇹💥

Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Bois Monquette, ekip Boul Pè rive genyen ekip Team Zòzò a (1-0) e se gras ak milye teren Ednel Lucien, yo rive sakre Chanpyon.
Marcken Fene te prezan pou ekip Boul Pè a tou.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan kad 1/4 de final Chanpyona Vakans Coupe Moïse Jean Charles (Baryè ...
22/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan kad 1/4 de final Chanpyona Vakans Coupe Moïse Jean Charles (Baryè Batan), ekip Union FC a rive bat ekip Freedom FC a (1-0) e kalifye pou Demi Final Chanpyona Sila.
Monfiston Jules F. te prezan pou ekip Union FC a e patisipe nan kalifikasyon sila.
Nap raple nou Atakan Wandy Prospère pat Prezan pou ekip Union FC akoz li te frape.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan kad Demi Final Chanpyona Vakans Bois Monquette, match nil e vyèj (...
22/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan kad Demi Final Chanpyona Vakans Bois Monquette, match nil e vyèj (0-0) ant ekip Boul Pè a e ekip Santos la, yo rive nan seyans tirobi (5-4) an favè ekip Boul Pè ki rive kalifye pou final.
Marcken Fene ak Ednel Lucien yo te prezan pou ekip Boul Pè a e patisipe nan kalifikasyon sila.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan Chanpyona Vakans, nan vil Hinche, nan kad Demi Final Chanpyona Sil...
22/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan Chanpyona Vakans, nan vil Hinche, nan kad Demi Final Chanpyona Sila, ekip Bon Guinen FC a rive bat ekip Real de Lepè a (1-0) e rive kalifye pou final Chanpyona sa.
Yves Adlin Dorimain dit Bafana, Taslon Charléus e Louis Orlando Adema yo te prezan pou ekip Bon Guinen FC a e patisipe nan kalifikasyon sa.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :         Gilles Evenson bitè🇭🇹⚽💥Aprè midi a, nan kad Demi Final Chanpyona Vakans Da...
20/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :
Gilles Evenson bitè🇭🇹⚽💥

Aprè midi a, nan kad Demi Final Chanpyona Vakans Danach, nan parc Cajust August, ekip Met Beton FC rive bat ekip Action Rapide FC (2-1) e kalifye pou final Chanpyona sila.
Atakan Gilles te prezan pou ekip Met Beton FC a e rive make yon gòl nan match sila.
Anplis li patisipe nan kalifikasyon ekip la tou.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Yè aprè midi, nan final Chanpyona Vakans Boben (Petion Ville), kote ekip Ayayay la ...
19/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Yè aprè midi, nan final Chanpyona Vakans Boben (Petion Ville), kote ekip Ayayay la tap jwe fas ekip Taktik la, viktwa (2-0) pou ekip Ayayay La, e sakre Chanpyon Chanpyona sila.
Marcken Fene te prezan pou ekip Ayayay la e se li ki bay 2 pas desizif yo.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :           Quadruplé Pour Remé Yvens💥⚽🇭🇹Aprè midi a, nan Delmas 19, Parc Tonmtonm, ...
18/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :
Quadruplé Pour Remé Yvens💥⚽🇭🇹

Aprè midi a, nan Delmas 19, Parc Tonmtonm, nan kad Demi Final Chanpyona Vakans sila, ekip Siro AC rive kraze ekip Aigle Noir a (4-1) e kalifye pou Final Chanpyona Sila.
Remé Yvens rive make 4 gòl ekip Siro AC e fini meyè match sila.
E anplis li pwobab pou li pran tit li pou vakans 2023 Dimanch kap vinn la.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :          Jean RobertoYeswa, li rive ranpòte premye tit li pou vakans 2023 a, avèk ...
18/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Jean Roberto

Yeswa, li rive ranpòte premye tit li pou vakans 2023 a, avèk ekip PNH FC a, kote li tap jwe nan Chanpyona Vakans (Plezi Vakans), ki tap fèt nan parc Antoine Levelt (Saint Marc).
Yon match ki fini (4-0) an favè ekip PNH La, ki tap jwe fas ekip Magic 9 la, men Atakan Jean Roberto se li ki make 4 gòl yo.
E anplis li fini meyè bitè Chanpyona sila ak 9 gòl.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Yeswa, nan final Chanpyona Vakans Fondasyon Gabriel tap òganize nan kominn Site Sol...
18/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Yeswa, nan final Chanpyona Vakans Fondasyon Gabriel tap òganize nan kominn Site Solèy, nan parc Saint Anne, ekip San Pwoblem FC a rive Chanpyon, aprè viktwa yo (3-0) fas ekip Zelouse la.
Ednel Lucien, Marcken Fene ak Siméon Angelo yo te prezan pou ekip San Pwoblem FC a e yo rive sakre Chanpyon.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Yeswa nan Demi final Chanpyona Vakans Kafou Lacho, sete yon bèl match, match nil an...
18/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Yeswa nan Demi final Chanpyona Vakans Kafou Lacho, sete yon bèl match, match nil ant ekip Cityzen FC e ekip FC Zòdur a, e yo rive nan seyans tirobi (1-0) an favè ekip Cityzen FC a.
Joseph Dos Santos te prezan pou ekip Cityzen FC a e patisipe nan kalifikasyon ekip la Pou Final.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :         Quadruplé Pou Jean Roberto ⚽💥🇭🇹Yeswa nan final Chanpyona Vakans Plezi Vaka...
18/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :
Quadruplé Pou Jean Roberto ⚽💥🇭🇹

Yeswa nan final Chanpyona Vakans Plezi Vakans, nan parc Antoine Levelt (Saint Marc), ekip PNH FC a rive kraze ekip Magic 09 La (4-0) e sakre Chanpyon Chanpyona sila.
Atakan Jean Roberto rive make 4 gòl nan final sa.
Jeff Fanis, Duckenson Registre, Yves Adlin Dorimain dit Bafana, Gregory Cherilus ak Jean Roberto yo te prezan pou ekip PNH FC A.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Rankit, kote te gen anpil moun nan final si...
18/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Aprè midi a, nan final Chanpyona Vakans Rankit, kote te gen anpil moun nan final sila, ekip FC Limena de Rankit la rive bat ekip Bawon An (1-0) e sakre Chanpyon Chanpyona sila.
Defansè Pierre Dieuseul te prezan pou ekip FC Limena de Rankit la e pran 3e tit li pou vakans 2023 a.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Jean Roberto bitè 🇭🇹💥⚽Aprè midi a, nan kad Demi Final Chanpyona Vakans Coupe de la ...
18/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Jean Roberto bitè 🇭🇹💥⚽

Aprè midi a, nan kad Demi Final Chanpyona Vakans Coupe de la Fraternité (Saint Marc), ekip Ti Chapo FC a rive bat ekip Telephone FC a (2-0) e kalifye pou final Chanpyona sila.
Atakan Jean Roberto te prezan pou ekip Ti Chapo FC a e li fe yon gòl nan match sila.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Yè aprè midi, nan Chanpyona Vakans Hinche, nan kad 1/4 de final, ekip Bon Guinen Fc...
17/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Yè aprè midi, nan Chanpyona Vakans Hinche, nan kad 1/4 de final, ekip Bon Guinen Fc a rive kraze yon ekip Hinche (6-1) e rive kalifye pou Demi final Chanpyona sila.
Talson Charléus ak Yves Adlin Dorimain dit Bafana yo te prezan pou ekip Bon Guinen Fc a e patisipe nan kalifikasyon sila.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Yeswa, nan final Chanpyona Vakans Nèrèt, kote anpil moun te reponn prezan, ekip Rai...
17/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Yeswa, nan final Chanpyona Vakans Nèrèt, kote anpil moun te reponn prezan, ekip Raiders rive kraze ekip Immigration an (5-0) e rive Chanpyon Chanpyona sila.
Angelo Siméon te prezan pou ekip Raiders la e rive pran Premye tit li pou vakans 2023 a.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :Yè aprè midi, nan final Chanpyona Vakans Masson (Leogane), nan parc All Stars de Ma...
17/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :

Yè aprè midi, nan final Chanpyona Vakans Masson (Leogane), nan parc All Stars de Masson an, ekip Lumière Divine lan rive bat ekip Tann Pou Tann FC a (1-0) e rive Chanpyon Chanpyona sila.
Defansè Duckensley Louis te prezan pou ekip Lumière Divine lan e rive Chanpyon ak yo, se 2e tit defansè a pou vakans 2023 a.

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :    Jean Roberto bitè🇭🇹💥⚽Aprè midi a, nan 1/4 de final Chanpyona Vakans nan kominn ...
16/09/2023

Pwomotè Journaliste Deni Black 2023 :
Jean Roberto bitè🇭🇹💥⚽

Aprè midi a, nan 1/4 de final Chanpyona Vakans nan kominn Verettes, ekip Cité Boston an rive bat ekip Dinozor a (1-0) e tou kalifye pou Demi Final Chanpyona Sila.
Inik bitè match la se atakan Jean Roberto, ki jwe yon gwo match pou ekip Cité Boston An.

Adresse

Carrefour

Heures d'ouverture

Lundi 10:00 - 15:00
Mardi 10:00 - 15:00
Mercredi 10:00 - 15:00
Vendredi 09:00 - 12:00
Samedi 08:00 - 11:00
Dimanche 08:00 - 11:00

Téléphone

+50949007789

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque HAÏTI SPORT AGOGO publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à HAÏTI SPORT AGOGO:

Vidéos

Partager


Autres Société de médias/d’actualités à Carrefour

Voir Toutes

Tu pourrais aussi aimer