Belle-Anse Info

Belle-Anse Info Former, Informer, Divertir, Découverte, Promotion, Tourisme 🇭🇹🇭🇹 Belle-Anse Info est le principal Média d'actualités. N'oublie pas d'abonner à la Page !!

Découvrons ensembles Belle-Anse et d'autres parties d'Haïti !!

27/01/2025
27/01/2025

Bèlans/Meri/Aktyaliye

Majistra Denoil Antenor te pale nan mikwo Belle-Anse Info jodi Dimanch 26 janvye 2025 la. Kote li te pale de PDC (Plan de Développement Communal ) la, ak amelyorasyon ki pral genyen sou wout ki relye Jacmel a Bèlans la men objektif prensipal la se deviyasyon wout Ravin-Lasè a. Yon lòt kote li bay plizyè rezon ki koz rekonstriksyon Plas Piblik Bèlans la poko demare, pou fini li te bay prewokipasyon l genyen nan chanjman katèl minisipal yo ke gouvènman mete kanpe a. Nou envite w tande entèvansyon Majistra Denoil Antenor, vis prezidan FENAM, prezidan ( Asosyasyon Majistra yo nan Sidès)
Belle-Anse Info

25/01/2025
25/01/2025
Vue avec la montée de l'insécurité et des menaces venant de différents groupes armés opérant dans la zone métropolitaine...
25/01/2025

Vue avec la montée de l'insécurité et des menaces venant de différents groupes armés opérant dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, la mairie de Kenscoff a pris des mesures formelles pour assurer la sécurité dans la commune de Kenscoff jusqu'à nouvel ordre.

Ce dimanche 19 janvier 2025, les activités carnavalesques ont débuté à Belle-Anse.
19/01/2025

Ce dimanche 19 janvier 2025, les activités carnavalesques ont débuté à Belle-Anse.

Edikasyon/Dyalòg sosyalMinis Augustin ANTOINE entansifye echanj yo ak sendika anseyan yo 18 janvye 2025Minis Edikasyon N...
18/01/2025

Edikasyon/Dyalòg sosyal

Minis Augustin ANTOINE entansifye echanj yo ak sendika anseyan yo

18 janvye 2025

Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la tanmen yon seri rankont avèk prensipal platfòm sendikal k ap defann enterè anseyan yo ak lòt anplwaye nan sektè piblik edikasyon an. Pandan jounen jedi 16 ak vandredi 17 janvye 2025 la, Minis Augustin ANTOINE, ki te gen ak li Direktè Jeneral Ministè, pwofesè Yves ROBLIN, plizyè lòt kad teknik ak manm kabinè li, te vle konprann pi byen revandikasyon sendikalis yo, epi gade ansanm posibilite pou Leta a kòmanse satisfè yo selon disponibilite ki genyen nan bidjè Ministè a pou egzèsis fiskal 2024- 2025 lan.

Se nan sans sa a, Minis la te chita pale ak responsab platfòm sendikal sa yo : COPLASEHQ, CUTSPH ak PSEH. Pandan rankont sa yo, echanj yo te plis konsantre sou :

- Regilarizasyon sitiyasyon anseyan ki nome men ki pa touche oubyen anseyan k ap travay men ki poko nome ;

- Ajisteman salè;

- Distribisyon kat debi;

- Amenajman lokal ak anviwonman lekol piblik yo.

Sou divès pwen sa yo, toulede pati yo te bay dizon yo epi gade ansanm ki sa ki posib pou fèt yon fason pou kontinye amelyore kondisyon travay anseyan yo, yon paramèt enpòtan nan amelyorasyon kalite edikasyon an, sitou nan lekòl piblik yo.

Sendikalis yo te elabore sou divès lòt pwen ki nan « Arete sou estati patikilye pèsonèl edikatif yo » ki te pibliye nan jounal ofisyèl «Le Moniteur (Nimewo 54) » nan jou ki te vandredi 21 mas 2014 la.

Pandan jounen samdi 18 janvye 2025 la, Minis Augustin ANTOINE ap gen pou brase lide, sou menm pwen sa yo, ak yon lòt platfòm sendikal ki se PHOTE.

Aprè seri rankont patikilye sa yo, Minis Augustin ANTOINE anvizaje reyini tousuit responsab tout platfòm sendika sa yo nan lide pou elabore yon sèl dokiman k ap ranmase revandikasyon sa yo, sitou tousa Gouvènman an ap kapab pote repons pou yo nan yon tan ki pa twò long, lè li va konsidere kapasite trezò piblik la genyen pou sa.

Biwo kominikasyon/MENFP

17/01/2025

Ann gade kòman wout Timiska Kajak la ye (17/01/2024)

17/01/2025

Tande verite sa

Rosny Smart mouri jodi Mèkredi an. Ansyèn premye minis René Preval la te pase 20 mwa sou pouvwa Fev 1996-Okt 1997, li mo...
15/01/2025

Rosny Smart mouri jodi Mèkredi an. Ansyèn premye minis René Preval la te pase 20 mwa sou pouvwa Fev 1996-Okt 1997, li mouri ak 84 Lane. Mesye Smart te yon manm enfliyan anndan OPL. Pandan dènye tan sa yo plizyè gwoup jèn tap klewonnen nonl kòm moun ki te ka ede peyi Dayti nan moman difisil yo

15/01/2025

Elèv lise yo nan jeremi pran lari jodia koz absans pwofesè nan klas yo

15/01/2025

Elèv lise Jacmel yo pran lari jodia koz absans pwofesè nan klas yo

🚨🇭🇹🇨🇴Leslie Voltaire souhaite acheter des armes, munitions et d'autres matériels militaires à l'armée colombienne, selon...
15/01/2025

🚨🇭🇹🇨🇴Leslie Voltaire souhaite acheter des armes, munitions et d'autres matériels militaires à l'armée colombienne, selon lui la Colombie possède une forte industrie militaire et maritime, capable de fabriquer des bateaux, des armes et des munitions.

À rappeler que le président de la Colombie, Gustavo petro devrait visiter Haïti dans les jours à venir.

15/01/2025

Mention spéciale à mes nouveaux(elles) super fans ! Arisma Ildona Coffy, Luma Daniel, Roosevelt Adan, Exequiel Jeudy, Vieryöö Charles, Saint Victor Ben Nan, Jonas Toussaint, Wolfney Paul, James Noe, Yvenson Miracle, Michel Toto

Informations
15/01/2025

Informations

15/01/2025

Bèlans, Mabriyòl, Sante.

Gras ak detèminasyon Bekert Descollines, moun Mabriyòl ak plizyè lòt zòn kòmanse rale yon souf avèk diferant maladi yo ap fè fas. Plizyè sèvis deja kòmans nan lopital sila ki chita kòl zòn Mache Moyiz nan Dezyèm seksyon kominal Mabriyòl. Responsab aktivite sila Bekert Descollines te pale ak Belle-Anse Info sou pwojè a. Madi 14 janvye 2025

Adresse

Belle-Anse

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Belle-Anse Info publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Belle-Anse Info:

Vidéos

Partager