Enfòmasyon sou Sante

Enfòmasyon sou Sante sante se richès

jodia mw pral esplike nou Kòman pou nou swiv timoun yoSa se pwa nòmal ke   yo ta sipoze pran de 0 a 3 zan. Mezanmi manma...
22/06/2021

jodia mw pral esplike nou Kòman pou nou swiv timoun yo

Sa se pwa nòmal ke yo ta sipoze pran de 0 a 3 zan. Mezanmi manman yo silvouplè pa fòse timoun yo gwosi paske nou renmen lè timoun nan . Nou menm paran ayisyen nou gen sa lakay nou. Tout otan wap fòse yon timoun pran yon pwa ki egzajere pou laj li se tout otan wap chèche maladi mete nan kò li, rann li obèz elatriye...

Nou toujou pran pretèks ke depi timoun nan pa li sanble timoun ki pa jwenn a manje. Sa se mantalite moun nwa yo ki konsa menm, Ann evite rann timoun yo pou plezi je nou.
Pa bliyé abòne ak paj la
Pou plis enfòmasyon

Cette plante détruit le microbe de la caridentaire quelque soit son degré même si la dent est percée,il suffit juste de ...
09/06/2021

Cette plante détruit le microbe de la caridentaire quelque soit son degré même si la dent est percée,
il suffit juste de faire bouillir et laisser tiède puis rincer la bouche avec à plusieurs reprise jusqu' à satisfaction : cette plante se retrouve partout.

Dapre yon brezilyen>eseye pa peche
06/06/2021

Dapre yon brezilyen>eseye pa peche

03/06/2021

#12 bagay yon Fi pa dwe fè lè nou renmen ak yon gason

Medàm mwen yo, jan mwen te pwomèt nou an jodi an secret de l'amour vin pale ak nou. Rale ti chèz ba'w pou'l vin aprann bagay ak nou.

1- Pa janm nan al dòmi leve kay yon nèg ki jus renmen avè w. Eske'l marye avè'w? Men aprann bay tèt ou valè ma chérie. Sa se foli pote non madanm ou genyen, foli dòmi ak nèg, tann lè w.

2- Sispann plede achte kado pote bay manman'l, mwen pa di'w pa ka fel yon ti kado. Men ou tounen tonton nwèl nan bay kado telman ou anvi gen nèg la Ou tounen esthéticienne pa fòs nan penyen sè'l kouzine li, wap fè zong yo, tout sa pou yo ka aksepte w nan fanmi an. Yap griyen dan sou ou paske yo we'w se yon dezespere. Aprann bay tèt ou vale demoiselle...

3- Sispann pote bag fiyansay yon nèg ki pa menm konnen kote paran 'w rete. Ou pa wè se tan'w wap pèdi sista? s

4- Sispann poste'l tout jounen sou facebook, Whatsapp pandan li pap fè l pou ou paske'l pa konsidere'w vre kòm fanm li. Wap bloke yon nèg serye ki te ka byen anvi avè'w pou granmesi...

5 - Pa meprize ni joure nèg kap ekri'w oubyen koze avè'w sou pretèks kew angaje deja. Oh je suis prise poutan nèg la ap fè w monte le ciel pa do...

6- Sispann tounen servante nan lave, pase, fè manje pou li, epi lakay li ankò wi souple. Banm pozew yon ti kesyon: Poukisa li pral marye avè'w la? Bon ou deja jwe wòl madanm nan... Mwen pa di si li nan nesesite nou paka fè yo pou li non, men eseye jere sa yon fason

7- Pa janm dezobeyi paran'w poutèt yon neg ki renmen'w. Paske anpil fwa se menm nèg sa ki pral fè w pran pi gwo desepsyon nan men fanmi w ak zanmi w...

8- Pa janm prese ouvri janm ou bay yon nèg jus paske'l di'w lap marye avè'w, se yon moun tankou w li tap chèche, kote'w te ye depi tann dat sa Soyez vigilantes les filles...
Mwen pa di nou pa antre nan relasyon ak nèg ki nan vi nou an non, men fòk ou sètifye ke moun sa se pa yon sèlman kèk moman li vle pase avè'w...

9- Pa janm aksepte mennaj filme'w pandan ou avè'l ap fè lanmou oubyen fè bagay. Se ak sa anko li gen pou'l sèvi kom presyon lè w ta anvi kite'l. Kenbe prestij ou ti chérie, pa sal imaj ou.

Menm ke'm konnen ak ti pawòl sa nèg k'ap li post lan pral vle lapide'm, men se bon prensip m'ap bay🙏

10-Pa janm aksepte rete ak yon gason kap leve men sou ou sou pretèks ke lap chanje yon jou. Sou pretèks ke'w renmen'l anpil e ke'w pa vle pèdi'l. Wap delivre wi men jou sa lap telman bat ou wap tou mouri. (Dezole si'm di sa, e se pa sam ta swete). Men fò w sispann rete nan yon relasyon esclavaj.

11- Pa janm rete ak yon nèg kap banboche, pran fanm pasi pala sou pretèks ke pa gen gason ki fidèl. Ou bezwen anpil lapriyè ma fille paske OUI gen gason ki fidèl.

12- Pa janm panse ke depi'w ansent pou li nèg la deja pou ou. Tu te trompes ma cocotte, gen twòp blofè deyò a, ansent pa ka fè yon nèg rete avè'w. Lè sa ou pral mete yon inosan sou tè a yon timoun ki pral petèt pase mize, ki pral poze w kesyon: manman kote papa'm, men w pap ka reponn paske se nan naiveté w ke sa rive'w. Ou te twò dezespere...

Pa bliye ak paj enfòmasyon sou sante

03/06/2021

JODIA MPOTE YOU RIBRIK KI PALEW KIJAN POMAD VASELINE IMPORTANT .

👉Nan ribrik jodi a mwen vin pote yon bagay anpil moun konnen janl bon men te gen anpil moun tou kipat konnen.. Ebyen medam e mesye vin gade tout bagay pomad vazlin ka fè..

👉-OUGEN ON TENIS TRO SERE, KI BAW MAK NAN PYE.
-pase vazlin nan ti zo chevi an, e pase tikal nan tenis lan

👉PO BOUCH OU SÈK SÈK
-leswa avanw dòmi, pase ti pomad vazlin nan po bouch ou

👉ON KÒL KOLE 2 DWÈT OU.
-Pran pomad vazlin nan, pase nan kòl la byen pase. Epi lapè,👉

👉ON BAG MARYAJ KOLE NAN DWÈT OU?
-fouye dwèt sa nan on bokal pomad vazlin. Epi ap retire bag la dousman.

👉OUGEN ONTI BOUTON FYÈV?
-pran onti koton pròp, met ti kal vazlin epi tapel sou bouton an. Jis li efase

👉OU GRIPE, OUGEN BRONCH
*chofe ontikal pomad vazlin epi pase nan estomaw avanw dòmi

👉OU GEN MAK BLESE , MAK BRILE
*pase vazlin dousman nan zòn nan, wap wè sikratrizasyon an ap fèt pi rapid.

👉MENW AP DEPAYE, YO PLISE, YO FÈ ZANPOUD
-leswa avanw dòmi pase vazlin nan menw epi mete gan pou dòmi

ZONG OU LÈD, OUVLE YO BÈL
-pase vazlin nan zong ou

👉OU PAKA MET SOULYE KIPA FÈMEN , TÈLMAN PYEW LÈD. PYEW GEN RIYÈL
-lèw fin benyen nan aswè, pase graj dèyè pyew epi byen pase vazlin nan , nan pyew. Epi mete chosèt pou dòmi.

👉OU BEZWEN SOUSIW BÈL E POUSE
-pase vazlin nan yo

👉SI PO KWIS OU RÈD, SÈK ,FÈ GAL.
-Pase vazlin nan souli

👉POU SECHRÈS VAJINAL
-yo itilize vazlin kòm librifyan pandan rapò seksyèl lan.

👉NETWAYE KWIYÈ, VESO, LAKAY OU.
-ni metal, ni aliminyòm, ajan, lò , kròm, asye.. Vazlin ka netwaye tout.. Jis mete tikal vazlin sou onti twal epi pasel.

👉TENIS OU, OUBYEN SOULYEW TRO PITI POU OU
-pase pomad anndan yo epi mete yo deyò pran onti lè solèy

👉OU GEN ON KOTE KI AP FÈW MAL, LI RÈD.
-fè onti masaj nan zòn ki rèd lan ak pomad sa.. Wa banm nouvèl aprè.

👉FIGIW GEN BOUTON, MAK TACH, OU BEZWEN KLÈ SAN DOUKO
-m'pap ba ou vazlin nan konsa, tem fèw melanjel.
-pran tikal vazlin
-pran 1 sitron
-al nan famasi achte on vitamin E.

👉Melanje vazlin nan ak sitron an epi lage vitamin E a. Byen melanje yo, pasel leswa avanw al dòmi epi dòmi avèl.. Aprè 4 fwa nan on semaine , wa komanse etone😍.

👉OUGEN VERGETURES. SA NOU RELE MAK PITIT LA
-napral fèw jere sa ak vazlin 👇🏾

-pran tikal vazlin
-onti kiyè pat dantifris
-1 zonyon blan oubyen wouj

👉Graje zonyon an, epi tòdel pran dlo a epi al bat li ak vazlin nan e pat dantifris la.. Pase melanj sa sou mak yo chak swa

👉TETEW TONBE, OUVLE YO APIK.
-tem edew a vazlin.

👉Men sawap fè.
Pran:: 1kwiyè pomad vazlin
-1 kwiyè bè
-1 kwiyè lwil funegrec( lwil sa pa fasil, men gen moun kap vann li sou facebook. Al chache wap jwenn)

👉Byen melanje tout sayo epi fèti masaj pandan wap fè ti moute tete a. Chak maten e aswè ..

👉WAP SOTI , OU BEZWEN TI VIZAJ OU PÈCH, LÈW FIN BENYEN
-melanje tikal vazlin ak colgate. M' byen di wi (colgate).. Byen bat yo ansanm epi pase nan vizaj ou 30 minit avanw al benyen... Aprè wawè jan wap fen

👉SAW DWE KONNEN

-se nou sèl ki konsa sou facebook lan, nou se la page des pages

-vazlin gen on ti non gélatine tou

-Vazlin fèt ak petròl ki sot anba tè an

👉Gen bon, gen fo.. Wap wè onti logo blan kigen onti ekriti an anglè devan anba. Gad foto a.. Se ki Li nan bon an.. Ouwè bon vaseline sa, ougen onti doulè la nan on pati nan kòw la, li kalmel sèk..

-Vazlin vrèman bon pou cheve. Nou tout konn sa. Dayè se pomad liye

👉siw vle sipòte travay nou ap fè ou ka kontakten sou messenger epi na pale plis.

👉Le sa nap kapab partage numero nou avew .ou ka mande konsey tou sou sante ak siw gen pwoblem nan koup ou .nap toujour la poun baw bonjan kosey sou sa e edew rezoud pwoblem yo.

Crédit :Se te doc love(Moïse P Kenold)
Mesi paskew te like e partager ribrik la.

03/06/2021
  kèk enfo kap bon pou nou moman nou gen   nou ....🔴1-Pa bwè dlo glase🥃🔴2-Nwa koko🥥🔴3-Dlo gazyez🍾🔴4-Pa pale trò fò 🔊🔴5-M...
31/05/2021

kèk enfo kap bon pou nou moman nou gen nou ....

🔴1-Pa bwè dlo glase🥃
🔴2-Nwa koko🥥
🔴3-Dlo gazyez🍾
🔴4-Pa pale trò fò 🔊
🔴5-Moman règ la pa ale fè bagay❌
🔴6-Pa manje Twop chokolat🍫🍫
🔴7-Viv nòmal👯‍♀️

🔴8-Pa aplike chanpou💆‍♀️, paske gen pò ki ouvri moman règ la e sa ka koze tèt fèmal🤕 wap frape vant ou tout sa yo se koz danje ❌ e wap santi yo aprè👍

🔴9-Moman w gen règ la kòw pa dwe ap frape san rete nan yon bagay ki dur sitou pou vant ou 🤦‍♀️sa pwal provoke vomisman s🗣iteris la ap blese, e lap pwovoke kansè iteris , , e lòt baryè ankò wap jwenn 🤤

🔴Pandan règ la wap plede bwe dlo glase sa lap pèmèt san an rete nan pawa utérine , aprè 5-10 ans li ka bò w kansè utérine ni timè☹️

🔴Mèsi Paskew pran tanw pou li tèks la renmen paj la pouw pa raté pwochen piblikasyon an.......

29/05/2021
29/05/2021

3 MALADI OU KA TRETE AK FÈY ARMOISE

29/05/2021
👉  deklare au nom de jésus ou menm kap pataje piblikasyon sa :👉Ke   ou beni🤰🤰🤰🤰Ke BonDye fèw sispann tande bébé lakay   ...
28/05/2021

👉 deklare au nom de jésus ou menm kap pataje piblikasyon sa :

👉Ke ou beni🤰🤰🤰🤰
Ke BonDye fèw sispann tande bébé lakay selman🤱🤱

👉Ke tout maladi kis ak fibwom disparet
Ke tou ti enfeksyon ki anpeche’w ansent trete kounya

👉Ke tout kansè kol matris ki anpeche w ansent geri kounya🤰🤰🤰

👉Ke tout san kap vide sou ou kanpe kounya
Ke tout matris anfle ki anpeche’w ansent geri kounya🤱🤱

👉Ke ovè polikistik trete kounya, kew gen yon ovè tounèf

👉Ke tout espri kap vin kouche’w nan dòmi sispann

👉Ke tout vye jèm vye espri te lage nan vant ou disparet kounya

👉Mwen deklare sa au nom de jésus, moman paw la rive, dlo nan jew pral sispann koule, yo pral sispann rele’w manman milet, mari’w pral sispann meprizew, imilyew nan kay la, vwazinaj pral sispann pale nan kozew au nom de jésus.

👉Jésus konn fèl, li ka fèl el deja fèl pou ou.🙏🏿🙏🏿🙏🏿🤱🤱🤰

Siw ta renmen enskri nan fanmi lapriyè beni zantray la jus ekri nou yon mesaj direk sou paj la nap kontan reponn ou.🙏🏿🙏🏿

27/05/2021
SA NOU DWE KONNEN : DANJE KI GENYEN NAN SÈVI AK BANN VANTBann vant se yon akseswa mòd demode ki retounen alamòd jounen j...
01/03/2021

SA NOU DWE KONNEN : DANJE KI GENYEN NAN SÈVI AK BANN VANT

Bann vant se yon akseswa mòd demode ki retounen alamòd jounen jodia gras ak enfliyans ak atis televizyon reyalite yo.
Bann vant lan gen yon nouvo repitasyon nan metòd pou pèdi pwa pandan lap rafine silouwèt la.

POUKISA NOU OBLIJE SÈVI AK BANN VANT NAN SYÈK NOU YE A?

Moun (anjeneral fanm) itilize bann vant pou:

🔸Redwi tay yo pou yo ka elegant nan rad yo

🔸Megri nan manje ti kras manje.
Bann vant travay kòm yon kontoune gastrik ki pa chirijikal.
Li bay yon enpresyon sasyete, ki, ki li menm, mennen nan manje mwens pou pèdi pwa ...

KI DANJE BANN VANT GENYEN SOU SANTE ?

Anpil doktè avèti domaj posib ki genyen lè yon moun mete bann vant:

🔸Li chanje estrikti zo yon moun menm jan li konprese kaj torasik la.

🔸 Blese po a

🔸 Kòz pwoblèm nan do ak nan misk, epi li ranplase misk yo, misk yo vin pa fè travay yo ankò.

🔸 Tonisite misk yo diminye nan vant lan,

Sou efè presyon an:
✅Lestomak la ak trip yo monte epi yo ka blese fwa a, larat la ak ren yo
✅Respire vin difisil paske dyafram lan, pa gen ase espas, fini pa jennen poumon yo ak kè a.
Anpeche oksijenasyon kò a ka lakòz domaj alontèm nan metabolis la paske oksijèn ede tout ògàn yo fonksyone byen.
✅Sistèm venn lan jennen e sa lakòz emowoyid.
✅ vant la kraze:
🔸anwo, lestomak la monte nan kaj torasik la ak lakoz dlo si monte nan bouch ou.
Anba matris la ka desann.

Doktè yo konseye pou nou pa sèvi ak bann vant, se sèlman pou pwoblèm nan do yo preskri mete yon pèz medikal.
Men, si ou vle ou ka mete li okazyonèlman, pou anbeli silouwèt la pou 8 èdtan maksimòm ...
Pou ou gen yon ren mens li rekòmande pito pou ou fè espò epi siveye rejim alimantè ou olye pou ou mete bann vant ki danjere pou sante.

ANN FÈ ATANSYON 🙏🙏🙏

Sous: Afrik Health TV

Tradiksyon: Pédiactu

26/02/2021

Dirección

Los Placeres 7477
Santiago
9080000

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Enfòmasyon sou Sante publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contato La Empresa

Enviar un mensaje a Enfòmasyon sou Sante:

Videos

Compartir


Otros Creador de videojuegos en Santiago

Mostrar Todas

También te puede interesar