30/12/2025
Anthony Joshua sibi yon aksidan machin nan peyi Nijerya 🇳🇬 yè lendi 29 Desanm 2025 e te rive blese ki pat tèlman grav, men li te gen 2 moun avèk li nan machin nan yo pèdi lavi yo malerezman
Aksidan sa rive sou otowout Lagos–Ibadan nan Eta Ogun, Nijerya.
Li te nan yon 🚗 Lexus SUV frape ak yon kamyon ki te estasyone sou bò wout la
Joshua te chita dèyè kòm pasaje; te gen twa lòt moun anndan machin nan.
2 nan moun sa yo mouri sou plas, pandan Joshua sòti ak kèk blesi lejèman yo te prese mennen l lopital pou obsèvasyon.
Otorite yo anonse yap kontinye mennen ankèt, men rapò yo mansyone se ta eksè vitès ak manèv rebas machin nan ki pa t kontwole.
**Sina Ghami** ki se coach fòs ak kondisyon fizik li epi **Kevin “Latif/Latz” Ayodele** – antrenè pèsonèl li, se 2 moun sa yo ki trè pwòch epi manm ekip Joshua ki te rive pèdi lavi yo nan aksidan sa
- Matchroom Boxing ak otorite lokal yo konfime eta sante Boksè a estab pandan li lopital pou obsèvasyon.
**Kiyès Joshua ye** ?
Anthony Joshua se yon boksè britanik de gwo renome ki gen 36 an. Li fèt 15 oktòb 1989 nan Watford, Hertfordshire, Angletè , ansyen chanpyon mondyal nan kategori pwa lou. Li gen orijin nigerian e li se youn nan figi ki pi popilè nan mond boks la.**
Non konplè li se Anthony Oluwafemi Olaseni Joshua
li gen Nasyonalite Britanik, ak rasin fanmi l nan Nijerya
Espò li pratike se Boks pwofesyonèl nan kategori *pwa lou*
Li te vin rive **chanpyon mondyal pwa lou** plizyè fwa, genyen tit IBF, WBA, WBO, ak IBO pandan karyè li.
Joshua se yon boksè ki konbine fòs fizik ak teknik, li gen repitasyon pou kapasite l pou fini konba ak KO.
Joshua se yon figi ki pa sèlman enpòtan nan espò, men tou nan kilti popilè, paske li sèvi kòm modèl pou anpil jèn ki enterese nan boks.