RDJFM 94.7 AU CHILI

RDJFM 94.7 AU CHILI Información de contacto, mapa y direcciones, formulario de contacto, horario de apertura, servicios, puntuaciones, fotos, videos y anuncios de RDJFM 94.7 AU CHILI, Emisora de radio, Coquimbo.

ES UNA EMISORA DE RADIO DONDE TRANSMITIMOS POR AIRE Y REDES SOCIALES.HACEMOS LIVE STREAMING EN VIVO,LIVE VIRTUAL,SOBRE MUCHAS PLATAFORMAS.FACEBOOK/YOUTUBE/TIKTOK ETC..MUSICAS/NOTICIAS/DEPORTE/POLÍTICA/CUTURAL/RELIGIOSO ETC.EL DUEÑO DE LA RADIO ES DE HAITI

21/09/2024

RUBRIQUE MOUN POU MOUN 🤷‍♂CÉLIBATAIRE 👍PALE POU TET OU

21/09/2024

test

20/09/2024

PIERRE JEAN C EX OU YE,NÈG GOUYAD LA TAP FÈ KOZE NAN GRAMMY CLUB

19/09/2024
18/09/2024

Prophète Top Dej Haitiano- Chileno,que tengan un buen 18,Te amo Chile.Gen yon nèg ki tap viv Chili,li apèn rive etazini,misye di m li pa wè kk chen Etazini c jis pou l demontre m c Chili ki gen kk chen nan la ri,epoutan gen zòn ki sitèlman bèl nan Chili lap trè difisil pou yo rete paske yo pap k peye yon bon kay pou yo viv pou kont yo.Chak peyi gen kote ki bèl,gen kote ki lèd,c menm jan Ayiti.Gen anpil kote ki bèl anpil men malere prèske pa k viv la fòk ou gen nan men w.Jan misye ta fè m konnen an c kòmsi Etazini pa gen kote ki lèd c sèl bèl kote ki genyen e poutan m konn ap gade kote yon seri d Ayisyen ap viv Etazini mw pap asepte ap viv la.Bagay yo gen levèl,lè m t fenk vini mw tap viv nan yon ti zòn ki rele Tierras Blancas li lèd anpil,men mwen pran levèl mw pa chwazi rete la ankò,map viv nan yon zòn ki trè bèl,ki an sekirite,menm lè weekend mw pa tande mizik la.Sa vle di kèlkeswa yon moun ki ta renmen viv byen c kòb pou w genyen anyen ankò paske tout peyi gen kote ki bèl gen kote ki lèd.

Chili gen anpil bèl kote,men si w rete nan yon ti zòn ki trè lèd ou pa janm chwazi pou w viv nan yon bèl kay nan yon bèl zòn,wap tj di Chili lèd paske c sèl kote ki lèd yo wap vle rete.Yo rele m Prophète Top Dej.

Viva Chile te amo Chile

17/09/2024

We are proud to welcome the hit maker for the very first in Houston….. Euphoria Houston Oct 17-20, 2024… Get your flight and your Airbnb now and let’s have some fun in Houston next month…

vs visit our website to secure your weekend pass www.DKTravelClub.com… Book now before prices go up … & more Wid Music Nathan Fragelus

15/09/2024

David B tap fè koze ak Gazzy nan Disip yè swa á Paris🤣🤣🤣🤣🤣

K-Dilak feat Bedjine,Ou GOU.Mwen renmen jan montaj lan fèt la,gen yon pati li pa fè moun yo wè dirèkteman c avèk nèg kp ...
12/09/2024

K-Dilak feat Bedjine,Ou GOU.Mwen renmen jan montaj lan fèt la,gen yon pati li pa fè moun yo wè dirèkteman c avèk nèg kp file Bedjine yo l'ap pale ,ki vle rache l nan men l.Li montre w c manje a ki gou a,e li menm montre w kote manje a ap prepare a.Mw pap di plus,mwen santi mizik sa rèd epi montaj videyo a.C ti sa m te bezwen fè nou wè sèlman.Gade je nèg kp fè sòs epi K-Dilak montre nou c pou manje a kp prepare a epoutan C pou Bedjine je nèg yo ap fè sòs,li montre w depi kilè l tap prepare Bedjine epi kounye a nou vle manje l nan men l,tan pou l separe l li pito gonfle,l'ap manje Bedjine nèt al kole jiskaske l rebite manje a.

Sa k' plis entèrese m nan, c montaj videyo yo,gen pati li demontre w c pou Bedjine gen yon pati li demontre w c pou manje a,li menm montre w manje a🤣🤣🤣🤣🤣🤣

11/09/2024

This Friday Sept 13th will mark 1 year since Star Boy was released 💫🙌 Vin comment your favorite track sou albom nan 🔥 E pa bliye nap live sou Tik Tok Friday 13 Septem at 8:00pm🎉🎉 Mesi ak chak gren moun ki sipote albom sa 🙏🏽💿

10/09/2024

Si w konnen gen yon jeune Animateur kp pi byen travay pase Prophète la🤣🤣🤣,tag li pou mwen anba post la,pou m k'al suiv li.Animasyon,Analiz,enfo/fòmasyon.

Ou byen siw santi Show l la plus rive sou ou ke pa m nan,tag li paske m bezwen dekouvri jèn Animatè kp pi byen fè l pase m.

Pa bliye non sa,Prophète Top Dji,vwa zandolit pa fè Show konpa

09/09/2024

Kendoudou/Ti Michel/Bjwes/Marvin/Ti Kodo/Ricardo/Ja Bass.Yo te pran Disip anba yo te mete l nan tèt klasman nan jazz ki tap jwe pi byen konpa Dirèk la.

Jazz la te gen yon estabilite pandan yon moman c sa k fè jazz la te rive nan levèl sa.Gen yon bagay ki rele je dansanm pou mizisyen yo genyen, fòk yo gen bon ti tan ap jwe ansanm pou yo jwenn li.Pa gen okenn jazz ki k jwe très très bien san je dansanm nan.C sak fè achak fwa yon jazz pèdi yon mizisyen c yon bak li fè menm si ou menm antanke fanatik ou k pa wè sa,men yon vrè Animateur pa k pa gen kontwòl sa.

Egzanp,aprè Jay Keys pa nan Nu Look,jazz la te pase yon mizè avan pou yo t reprann yo,Lè Bjwes pat nan Disip jazz la te pase yon moman difisil,apresa tout bagay t vin ok,yo te vin pèdi Kendoudou aa voye pirèd,yo te vin pèdi Ja Bass anpil moun t pèdi espwa sou jazz la,dènye kou a c t pèdi Ti Kodo.

Depi w pèdi yon ekip mizisyen ki t gen je dansanm,jazz ou pa k pa trennen menm li pap janm k rete nan menm nivo li te ye a.

Toutjou fè efò kenbe mizisyen nou c pa sèlman di si m pèdi mizisyen sa map jwenn pou m ranplase l,wap jwenn vre men c pa menm li menm.

C estabilite ki fè Klass rive nan levèl sa,ou wè lap jwe clean konsa.

Mwen menm depi m pa k itil biznis sa,map kite mikwo,yo rele m Prophète Top Dji.Jèn Animateur kp byen travay san voye monte.

08/09/2024

Maestro Richie avèk Pipo kontinye tire rasòl wi🤣🤣Vòlè kp rele bare vòlè,Deyò Deyò nèt,gen nèg ki kòmanse tranble🤣🤣🤣

06/09/2024

Arly c Chanteur li ye, si jounen jodi a ou k wè vokal misye pa bon,just di c yon pwoblèm paske l pat konsa e fòk li jere l,yap tape towo a anpil.Ou mèt te ansyen Animatè,ou mèt t fanatik,ou mèt pat fanatik Arly,ou Atis.Mwen menm pwofèt la map di nou Arly c yon chanteur.Définition Chanteur:est une personne qui chante epi ki gen yon popilarite nan domèn nan.

Yo pral fache yo pral di Richie pa Chanteur wi🤣🤣.Richie c yon Chanteur wi moun yo,mwen di nou sa deja ou pa k konpare yo ak kèk gwo chantè,pa egzanp Gracia Delva ak Gazzman.

Map envite nou al tande ansyèn mizik Arly yo pou nou wè si nap jwenn kritik sa yo nan Arly nap kritike moman la.C pou m k di nou misye just gen yon pwoblèm fòk li jere l.Mw menm map tande kèk ansyèn mizik Arly c wwwwwww.
Mwen renmen Atis yo,mw renmen mizikAyisyèn epi kite l mache

04/09/2024

Gracia Delva ak Gazzman Couleur 2 gwo Atis sa yo merite respè nan HMI la.Diferans ki gen la c paske Gracia Delva just kontinye nan vrè liy pou l fini karyèl byen nan domèn mizikal la pandan ke Gazzman ap jwe ak karyèl.Mw bay Gracia gwo respè misye pwouve c li ki #1 Megastar #1 Leader.Menm Bib la di, li peye fen men li pa peye kòmansman.Kisa m vle di la?Gazzman fè anpil bagay byen se vre men jan lap pati a la ak Disip k grav wi.Atis la vin rive nan moman yo prèske bliye tout bagay li t konn fè yo sitèlman l pran biznis mizikal la pou yon jwèt.Mw ta swete avan Atis l'ap kite Stage pou li aranje l.Lè yon moun vle bay Gracia frap nan HMI la yo manyen lòm politik la men si c pou atis la anyen a repwoche.Men lè pou yo bay Gazzman frap yo manyen l nan HMI la.

Mwen renmen Atis yo,mwen renmen mizik Ayisyèn.Mwen renmen konpa epi konpa Dirèk.

Yo rele m Prophète Top Dji.Depi zanj yo di m pale map pale🤣🤣

04/09/2024

Dirección

Coquimbo
1780000

Teléfono

+56937615551

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando RDJFM 94.7 AU CHILI publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contato La Empresa

Enviar un mensaje a RDJFM 94.7 AU CHILI:

Videos

Compartir

Categoría

Compañías De Medios cercanos