Radio Intervalle

Radio Intervalle Radio Intervalle, la radio à votre service!

03/30/2024

Yon moun mouri Yon lòt blese grav avèk bal nan maseyan 2em Seksyon Aken ,Cetoute yvener aje 60 ane resevwa bal moun yo pa idantifye ba li nan zòn maseyan Aken.

Selon enfòmasyon nou rive jwenn se moun Ki te sou motosiklèt ki ta vide bal sou 2 mesye sa yo ki te sot ht Yon fritay nan zòn nan.

03/30/2024
03/29/2024

PAWOL NANM | 29 Mars 2024
Sujet: Semaine sainte, Paques et Rara en Hayti

Djeil Renold , Adner Jean Simon se non 2  prezime kidnapè komisè gouvèneman Aken an Mèt Adrien Exama arete Lendi 25 pou ...
03/27/2024

Djeil Renold , Adner Jean Simon se non 2 prezime kidnapè komisè gouvèneman Aken an Mèt Adrien Exama arete Lendi 25 pou rive madi 26 mas la nan zòn grenodyè 3em seksyon Sen Lwi di Sid.

Ysalia Féde ki deja pase anviwon 9 jou nan men mesye yo ta pral jwenn liberasyonl gras ak yon operasyon komisè gouvèneman an ak ajan UDMO te fè nan espas yo te sere dam nan. Chèf gang sa ki se Jean Marie Dorval te gentan sove kite espas la nan moman operasyon an tap fèt la selon deklarasyon komisè a nan mikwo laprès jodi madi 26 mas la. Chef pakè Aken an kontinye poul di kelkeswa fason an lap arete Jean Marie Dorval mò ou vivan.

Nap fè remake gen anpil moun nan fanmi viktim nan ki bat bravo pou travay sa komisè a fè a.

03/25/2024

Majistra Komin Aken an te vizit samdi 23 MAs la kèk pwi arozaj leta ayisyen te bay pou popilasyon an aroze tè yo nan komin nan.

03/24/2024

CLUB COUPÉ 24 MARS 2024 // whasapp +50931918668

John Marc Novembre , Wilson Robergeau , Francky Jeudi  , Vladimy AÏS  , Luxon Merelus Se non  5 prizonye komisè gouvènem...
03/23/2024

John Marc Novembre , Wilson Robergeau , Francky Jeudi , Vladimy AÏS , Luxon Merelus Se non 5 prizonye komisè gouvèneman Aken an Mèt Adrien Exama libere nan prizon Sivil Okay la jodi samdi 23 mas 2024 la.

John Marc Novembre ki deja pase yon ane nan prizon li pa janm pase devan jij, Wilson Robergeau deja pase yon ane nan prizon pou akizasyon vòl san li pa janm pase devan yon jij, Francky Jeudi pase plizyè mwa nan prizon paske li te vòlè yon dra nan zòn Fondèblan, Vladimy AÏS te nan prizon pou akizasyon vòl li pat janm jij ak Luxon Merelus deja pase yon ane san jije pou akizasyon vòl, komisè gouvènman liberel paske li malad grav nan prizon an.

Nap fè remake gen anpil moun ki soti Aken ki nan prizon sivil Okay la ki pa janm pase devan yon jij pou konnen poukisa e pou konbyen tan yo nan prizon.

Komisè Gouvènman jiridiksyon koto a mèt Azor Wadson Chita pale ak diferan aktè nan jiridisyon Koto a vandredi 22 MAs la ...
03/22/2024

Komisè Gouvènman jiridiksyon koto a mèt Azor Wadson Chita pale ak diferan aktè nan jiridisyon Koto a vandredi 22 MAs la yon fason pou yo defini yon plan sekirite pou jiridisyon an.

Komisè a rankontre ap Majistra Ki nan diferan komin yo.
Pami Majistra yo, Majistra Fritnel Chery Roch abato, Maurice Celestin majistra komin Okoto, Denisé Remiza Majistra Tibiron..

Majistra yo profite denonse feblès responsab polis nan Depatman sid la ki pako janm voye polisye nan komisarya Tibiwon an.
Pou ede komisè a fè travay la pi byen nan komin nan.

Kek lòt Majistra raple komin pa yo a pa gen machin nan komisarya, efektif polisye yo ki nan tt komisarya yo pa reponn ,Manke Jij depè pou aparèy Jistis lan nan komin yo.

Nap raple Azor Wadson gen anviwon 4 mwa depi li nan tèt pakè koto.

03/22/2024

PAWOL NANM | 22 Mars 2024
Sijè: 1- Seminè sou kisaw dwe fè pouw gen yon bon mennaj yon Club evanjelik ap òganize.
2- Labib se yon konpilasyon mit ak lejann, kidonk yon plajya.
3- Kèk video kote yap zonbifye pep la.

03/21/2024

Gro difigilte pou fonksyonman tribinal premye enstans Aken akoz grèf grefye yo.

Majistra komin Aken an Polot Renel te Chita diskite mèkredi 20 mas la avèk kèk nan moun Ki tap Jere projè pwi arozaj Ki ...
03/21/2024

Majistra komin Aken an Polot Renel te Chita diskite mèkredi 20 mas la avèk kèk nan moun Ki tap Jere projè pwi arozaj Ki mache ak solèy Leta Ayisyen te bay pou komin Aken an.

Projè sa te jwenn finansman peyi END li te komanse nan mwa dawou 2020 li tap al inogire nan mwa dawou 2023 , depi aprè inogirasyon projè sa popilasyon an pat janm ka jwenn dlo pou aroze tè yo esepte kote moun Ki mèt Tè kote pwi sa yo plase nan Seksyon yo.

Aprè anpil denonsiyasyon popilasyon an te fè , majistra komin lan te deside envite konsène pou vin ba li esplikasyon sou pwojè pwi a, diskisyon yo Ki te dire anviwon 3 zè de tan , majistra deside planifye yon vizit sou tè pwi sa yo plase nan Seksyon yo.

Nap raple se yon pwojè Ki kòmanse e fini San otorite kominal yo pa okouran jan sa ta dwe fèt.

03/17/2024

CLUB COUPÉ 17 MARS 2024/ contact whatsapp +50931918668

Bwa kale nan mòn briye .Komisè gouvèneman Okay la Mèt Ronald Richmond mete domi nan je Lamisere FRANK Alyas dio ki gen 3...
03/17/2024

Bwa kale nan mòn briye .

Komisè gouvèneman Okay la Mèt Ronald Richmond mete domi nan je Lamisere FRANK Alyas dio ki gen 34 ane dimanch 17 Mas 2024 li te anviwon 12h pm.

Lamisere FRANK Ki se yon prezime asasen te gen sou li Yon zam kalib 3. 80 selon enfòmasyon chèf pakè Okay la te bay Sal nouvèl la,Chèf pakè a di li detèmine pou li frennen zak ensekirite nan jiridisyon pal la.

03/17/2024

UPDATE - Visa Humanitaire - Haiti - Colombie - Venezuela

03/16/2024

LA NAVETTE DU SAMEDI SOIR/ 16 MARS 2024/ whatsapp 50931918668

03/16/2024

KOZE LAKAY | 16 Mars 2024

Me. Martin Ainé prezidan Asosiyasyon grefye Ayiti se envite emisyon KOZE LAKAY Ki pase sou antèn Radio Intervalle chak s...
03/15/2024

Me. Martin Ainé prezidan Asosiyasyon grefye Ayiti se envite emisyon KOZE LAKAY Ki pase sou antèn Radio Intervalle chak samdi 2h pm pou 4h pm.

03/15/2024

INTER SPORT VENDREDI 15 MARS 2024

03/15/2024

PAWOL NANM | 15 Mars 2024
Sijè: An nou gade kèk video ansanm pandan nap analize e kòmante sa kap pase nan legliz nou yo.

03/14/2024

INTERSPORT | 14 Mars 2024

03/12/2024

FLASH !!!! PM Ariel Henry demisyone.

03/10/2024

CLUB COUPÉ / 10 MARS 2024

03/10/2024

LA NADETTE DU SAMEDI SOIR 09 MARS 2024

03/09/2024

KOZE LAKAY | 9 Mars 2024

03/08/2024

INTER SPORT VENDREDI 8 MARS 2024

03/08/2024

PAWOL NANM | 8 Mars 2024
Sijè: 1- Jounen entènasyonal dwa fanm fas a labib.
2- Kòman pou asasine yon pèp pasifikman.
3- Manipilasyon mas pèp yo.
4- Yon ide sou liberasyon ALEX SAAB.
5‐ Bondye gen lontan li pa tande vwa ayisyen.

Address

Montreal, QC

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio Intervalle posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Videos

Share