17/05/2020
Bonjou/Bonswa jodia nou vi n prezante w Prezidan Venezyela la a ki se Nicolás Maduro se te Wanes Cene, Jean Claude José ak Jeff Jean ki se fans paj la ki te mande nou sa. Kite yon kòmante pou w di ki sa w ta renmen nou pote pou ou.
NICOLAS MADURO
Non konplè li se Nicolás Maduro Moros
Li fèt jou kite 23 novanm 1962 nan kapital venezyela, ki se caracas. li sòti nan klas mwayèn, nan yon katye popilè nan zòn sid vil sila a. Li tap milite nan lig sosyalis nan lise li te ye a nan kòmansman ane 70 yo. Daprè youn nan zanmil yo, yo te metel deyò nan lekòl la paske li tap fè pwopagann pou sistèm kominis an 1977.
Nan ane 1980 yo Maduro te vin bòdigad kandida sosyalis yo pou pòs prezidan (José Vicente Rangel 1983) ak David Nieves (1988), men tou Pablo Milanés. Nan epòk sa li tap resevwa yon fòmasyon nan lekòl pati kominis kiba, ki la pou fòme pwochen revolisyonè amerik latin.
Aprè'l te fi'n pran fòmasyon sa li tap travay kòm chofè bis nan kapital la(1991-1998), e li te vin pòt pawòl nan konsèy administratif caracas e se la tou, yo te vin komanse konnenl.
POLITIQUE
Responsab sendika, manb mouvman 5e repiblik (MVR). Se apati de bagay sa yo Maduro vin antre nan politik
Li te depite nan lane 1999 epi prezidan asanble nasyonal venezyela sòti nan lane 2005-2006 epi li te minis zafè etranjè sòti lane 2006 pou rive 2012, aprèsa li te vis prezidan peyi a 2012-2013. Pandan peryòd sa yo Maduro t'ap sipòte ansyen prezidan libyen Mouammar Kadhafi. El tap apiye prezidan Siryen an tou Bachar el- Assad. Aprè lanmò prezidan Hugo Chávez 5 mas 2013, li te vin prezidan pa enterim 8 mas malgre kritik opozisyon an, epil te vi n genyen eleksyon prezidansyèl la avek 50,6 % vòt 14 avril menm ane fas ak Henrique Capriles. Yon rezilta ki te bay anpil zak brigaday ak afrontman ant de pati men kanmèm Maduro prete sèman 19 avril.
Pandan mandal la sanksyon ameriken yo ap miltipliye de jou an jou paske opozisyon an ak Etazini pa rekonèt eleksyon'k te fèt yo, pami yo Barack Obama te siyen yon dekrè ki konsidere Venezyela tankou yon menas pou sekirite nasyonal ak politik andeyò Etazini.
An 2018, Maduro eli predizan nan eleksyon pou yon 2e fwa, li prete sèman an 10 janvier 2019. Yon lòt fwa ankò opozisyon an ak Etazini di yo pa rekonèt eleksyon sa a, se sak fè asanble nasyonal la te deklare ke nouvo manda Maduro a ilejitim. 23 janvier 2019, chèf opozisyon an Juan Guaidó proklame tèt li kòm prezidan el prete sèman pandan yon manifestasyon nan Caracas. Rapidman peyi tankou : "Etats-Unis , Canada, Brésil, Colombie ak Pérou" rekonèt Juan Guaidó kòm prezidan. La France, Allemagne, Espagne, Royaume-Uni ak Union-Européenne di yo prè pou yo rekonèt Juan Guaidó kòm prezidan si Maduro pa óganize eleksyon ki lib anvan 1e mas 2019. Malgre tout sa yo lame Venezelyen an ap si pòte Maduro, epi La Russie ak la Chine kanpe avel.
VI PESONEL LI AK FANMIL
Nicolás Maduro marye 1988 avec Adriana Guerra Angulo avek fi sa li gen yon piti. gason ki rele Nicolás Maduro Guerra. An jiyè 2013 li marye ak yon lòt fanm ki se Cilia Flores.
Pa Bliye abòne ak paj la, like li epi pataje l. Mèsi